vendredi 28 décembre 2018

Liancourt: une grande première pour LBM Multiservices

Du 25 au 28 décembre 2018, les responsables du LBM MULTISERVICES ont organisé à Liancourt un séminaire de formation informatique. Environ une douzaine  jeunes de sexe différent y ont pris part.

Ce séminaire témoigne la volonté des responsables de LBM à aider les jeunes à investir le marché du travail.


Après la formation, ils ont reçu chacun un certificat de participation. Comme tant d'autres activités enterprises par les jeunes liancourtois, ces responsables devraient trouver de l'aide des élus de la zone ainsi que des notables afin de faire mieux la prochaine fois et d'attirer plus de participants.

Le staff: Louis Luckenson, Malachi Mondésir, Brousseau Volcius

Laboussole Artibonite

Facebook: Osman avèti e pwomèt!

Yon ti konpreyansyon!

Depi byen lontan, anpil itilizatè Facebook pa ka fè diferans ant yon pòs ki konsène yo ak yon lòt ki se yon enfòmasyon, yon swè sinon yon mesaj ki ka konsène lòt zanmi. Konsa, kategori itilizatè sa yo pran plezi nan tag zanmi yo nan foto yo fè nan fèt, maryaj, batèm, kominyon. Pou anpil moun tankou Osmane Jérôme (epsikològ, kominikatè, blogè/Ryhtme 509), se yon jès ki nwizib. Zanmi l yo pa bezwen tag li men li pwomèt l ap like pòs yo.

"Zanmi Facebook, pou ane 2019 kap antre a, lè wap pibliye yon foto ou kote ou te nan yon fèt, maryaj, batèm, kominyon oubyen chanje pwofil ou, tanpri ou pa bezwen kontinye tag mwen menm ak 99 lòt moun ankò. (Si se pou yon lòt bagay, pa gen pwoblèm). Garanti map ba ou, depi ou pibliye yo, mwen wè yo, map ba ou grenn LIKE la kanmenm. Mèsi davans pou konpreyansyon ou. #YonTiKonpreyansyon 🤝"


Laboussole Artibonite 

jeudi 27 décembre 2018

Dechapèl: Genel Geffrard: kout je sou 2018, swè pou 2019

2018 te yon ane difisil pou anpil kretyen vivan sou tè d Ayiti. Sitou sila ki pi mal yo. Sa yo rele lese pou kont yo.

Nou pap bliye tou, 2018 la te  mare kòd lonbrit li ak tout kalite pwoblèm nan tout nivo anndan sosyete a, tankou problèm sante, lamajay, ledikasyon, politik, pou n di sa yo senpman san bliye lajan ameriken ki moute kako l sou tèt lekomoni peyi a.

Pou sa n wè anba je n lane sa a, gen de lè n rete, anpil nan problèm sa yo konn pouse n  mande tèt nou chak jou ki jou : poukisa n ap viv?

Gen lòt moun ki konn mande : eskè Bondye panse ak yo tankou li panse ak lòt pitit li yo? Kòmkidire, èske sila ki pi pòv yo pa pitit Bondye tou...?

Sa fè lapenn !

2018, nou pa ka  konte valè imilyasyon pitit peyi a pran nan lòt peyi. Se lawont pou yon pèp kouwè nou ap degèpi kite peyi a pou grangou ak travay... Panse nou ale tou dwat kay sila yo ki mouri nan fon lanmè pwason manje, sa k pèdi lavi yo nan pran woulib anba fil sou fwontyè, Sa k tranche ak kout manchèt nan peyi vwazen a koz yo t al bouske demen miyò.

E san nou pa bliye tou lòt ayisyen yo pa sispann anpile nan avyon tankou sadin pou retounen lakay ak figi yo make desepsyon aprè yo te fin vann tout sa yo te posede pou yo t al chache kot lavi fè kwen.

N ap koube byen ba devan memwa tout frè ak sè nou ki mouri 6-7 jiyè, 17 oktòb ak 18 novanm nan batay pou Byennèt ak Libète a.( batay pou mande lajan petwokaribe a. ) Yon lajan ki te ka fè lavi wòz pou chak ayisyen jenerasyon an jenerasyon.

Radio Lafamilia voye gwo kout chapo pou manman pitit kite mare senti yo pou pèmèt ti moun yo antre lekòl ane a nan yon peyi kote :
- lajan monte bwa
- tout bagay tèt nèg
- grangou ap taye banda nan vant
- grangou ap kraze fwaye
 Epi moun pa vle pataje ak moun.

Se kè nou k ap dechire pou tout jenn fanm ki ansent nan chache mwayen lamanjay...

Se zantray nou k ap rache pou tout jenn dwòg ak pwostitisyon detwi nan yon peyi k ap depafini ti miyèt pa ti miyèt pandan yon seri politisyen fè tout zak malonèt sou do pèp pou jere pouvwa ak lajan...

Yon ti mo pou tout moun kite ede swa yon zanmi, yon frè, yon sè;  pou l te sòti nan yon moman difisil. 

Nou p ap bliye tout malere ak malerèz k ap soufri grangou ki wè manje men yo pa konn ki gou l genyen.

Nou tout wè 2018 s on ane trèv, yon ane grèv, yon ane ki benyen nan san gwo midi pandan kochon ap manje moun...
Moun wi...Hmmmmmm....malgre tout difikilte sa yo, direksyon Lafamilia a ak tout estaf la mete vwa ansanm pou di tout malere, peyizan, ti machann, pwofesè, elèv, medsen elatriye....:Bon lanne 2019!

Epi nou swete lespwa pou  tout moun ki sou kabann lopital, e sila yo ki pa konn kisa demen ap pote. kisa demen ap di...

Se pou 2019 fè kado ak tout fanm vanyan k ap chache yon konpayon

Se pou 2019 seche dlo nan je sila yo ki pèdi lespwa e fè limyè pou  tout timoun ki san manman k ap tann denmen...

Se pou 2019 pote rekonsilyasyon pou tout fwaye kondisyon  lavi te kraze.

Nou swete lane 2019 pral pote siksè pou tout ayisyen  alawonnbadè e nou va g on w lòt peyi ak yon lòt ledikasyon kot tout moun pral viv tankou MOUN.

Radyo lafamilia ap kontinye fè plis jefò pou ban nou pi bon sèvis !

Bon lanne 2019 !

Genel Geffrard
Laboussole Artibonite

Lyankou: Triomphe nan D1 pou 4èm fwa. Kontantman ak enkyetid

Mwen felisite tout jwè yo, estaf teknik la, dirijan yo, chak esponsò ak tout fanatik yo pou gwo efò sa a ki fèt pou Triomphe monte nan 1e divizyon pou yon 4e fwa.

Antanke nèg k ap suiv Triomphe lontan, li vin prèske pa etonan pou mwen dèske Triomphe monte nan D1, paske nan istwa chanpyona nasyonal la, Triomphe monte 4 fwa deja, sa ki ta dwe yon rekò kòm kantite fwa yon ekip monte an D1.

1. An 1999

Se te premye fwa Triomphe te monte an D1. Lè sa a se te tonton mwen, defen Melidieu Emetil ki te prezidan ekip la. Malgre li te kòmanse fè anpil efò pou ekip la te stabilize nan D1 men finalman li ta pral pèdi lavi l nan yon aksidan ki koz rèv la te disparèt la.


2. An 2002

Te gen gwo moblizasyon ki te fèt pou Triomphe monte yon 2e fwa nan D1, lè sa a kèk moun nan sektè prive lyankou a pami yo Jean Roosvelt Dénués ki te bay gwo kontribisyon pou ekip la te rete nan elit foutbòl la men malerezman mank ankadreman ak bon strikti te koz li te tonbe aprè yon sezon. Triomphe te pran yon defèt doulourez nan dènye match la fas ak Racing des Gonaïves 1-0, yon match anpil fanatik Triomphe pap janm bliye paske l te sinonim de desann an D2.

3.Marathon 2010-2011

Kòm dabitid, fanatik Triomphe pa janm dekouraje depi Triomphe al fè yon grenn viktwa deyò konnen virus 700 panik la gentan rantre nan san yo. Ebyen epòk sa a Malgre dirijan Carl Thelemaque pat gen gwo mwayen pou te demare sezon an, Triomphe te 2mare ak yon viktwa deyò nan 2 premye match li yo. Ebyen mobilizasyon an ta pral kontinye jiska viktwa final ki te pèmèt yo monte yon 3e fwa nan D1. Rive la, malgre sitwayen Yvener Dorsainvil k ap viv Chili te pèmèt 3 chilyen vin jwe nan ekip la pou te vin asosye ak tijèn yo ki te monte ekip la, sa pat anpeche li te fè asansè pou yon 3e fwa an D1.

4. 2018

Triomphe monte pou yon 4e fwa nan yon moman dirijan Eril, Louisgens, Rocher elt..te gen gwo difikilte ekonomik sitou pou mwayen transpò lè ekip la pral jwe aleksteryè. Malgre sa yo travèse tout obstak yo pou yo rive nan elite foutbòl la.

Ekip la monte sa bay gwo kontantman kay fanatik yo men nan vizaj yo ou ka wè gen anpil enkyetid tou, sitou pou fanatik ki te viv peryòd asansè 1999, 2002 ak 2011 yo. Y ap poze tèt yo kesyon pou mande ki avni ekip la nan 1e divizyon ?

Moun Lyankou se pasyone foutbòl, kidonk tout moun dakò Lyankou merite yon plas nan elite foutbòl la. Ebyen jodi a se moman pou tout moun Lyankou mete tèt yo ansanm, moman pou tout moun bay kontribisyon yo kit ou se moun anwo, moun anba, moun ayiti, moun aletranje yon fason pou Triomphe rete fyète zòn nan nan foutbòl ayisyen an.

Emetil Blerkenson
LABOUSSOLE ARTIBONITE

mercredi 26 décembre 2018

Lyankou/Fèt Nwèl : Estaf Konbit remèsye sipòtè e patisipan l yo.


Chak ane, depi 2013, estaf KONBIT ki nan Bibliothèque Konbit nan Lyankou, pran inisyativ pou fete moman nwèl la ak timoun e jèn yo, sitou sila ki gen talan pou chante. Se yon espas pou tout atis vin pèfòme e pou tout sitwayen distribye kado.

Pandan 3 jou, swa soti 23 pou rive 25 desanm 2018, Nwèl Konbit te yon siksè. Plizyè kado te bay e atis yo te mete animasyon pou piblik la ki toujou deplase vin asiste aktivite sa.

Pandan l ap tann desanm lane 2019 pou 6e edisyon an, Oris Edrige, youn nan responsab KONBIT te remèsye sipòtè l yo nan yon mesaj sou Facebook.

"Noël KONBIT rive nan bout li pou ane 2018 la. Nan non tout ekip la nou remèsye tout moun ki te bay tan yo pou pwogràm nan te ka byen òganize, Dj yo, Prezantatè yo, Atis yo elatriye. Nou di mèsi ak tout moun nan Rue Dr Mellon ki te fè yon veritab konbit pou fè netwayaj, dekorasyon epi konstwi Stann nan. Nou remèsye twoup teyat ki te soti dechapèl pou vin pèfòme nan dènye jou a. Nou remèsye Richelson Morinvil ki kouvri yon pati nan kou konstriksyon Stann nan. Nou remèsye Issa Auto Parts ki te mete yon sistèm son a dispozisyon nou pandan 3 jou yo. Nou remèsye tout moun ki te ede nou fè pwomosyon pwogràm nan sou paj Facebook pèsonèl yo. Nou remèsye Radyo Chandèl ak emisyon Lodyans Literè paske se sèl emisyon, sèl Radyo ki te rele nou pou entèvyou nan kad reyalizasyon Noël.

An fen, si nou ta pran remèsye FACEBOOK pa tap sifi. Sèlman Staf Noël KONBIT la mande tout moun alawonnbadè pou resevwa mo remèsiman sa yo ki soti jis nan fon kè nou."

Klike sou lyen sa pou w gade videyo youn nan atis ki te patisipe yo: https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=2229344000669471&id=100007816783857

Laboussole Artibonite

dimanche 23 décembre 2018

Chili/Ayiti: Angel's Voice, yon gwoup gospèl ki pran nesans nan peyi Chili.



Se ak gwo sipriz yo te deside ofri yon gwo konsè nan Lavil Santyago sou  balkon  klèb La Unión gratis. Se te yon yon gro espektak san parèy. Anpil chilyen te rive siprann de kalite mizik la ak sanfwa chantè yo te mete nan kantik yo te entèprete yo. Yo te konsidere se yon kalite sekrè nou gen lakay nou yo pat konnen.

Jès Ministè kilti ak patrimwàn nan peyi Chili salye e te pwofite pataje sou rezo sosyal yo kalite kokenn chenn konsè sa ak moun ki pat gen chans swiv li nan moman sa tap pase a.

Nou pap manke pa siyale ke konsè a te tèlman siprann moun, chilyen yo temwaye nan mikwo Tele 13 ke yo pa abitye ak Style gospel sa. Yo te apresye kalite talan mizikal sa lakay ayisyen, bagay yo kalifye ki dwe yon gwo talan kache nan kominote a.

Se Yvelor Alexis, yon jèn gason ki fonde e ap dirije gospèl sa.

Nou envite w gade prestasyon yo, felisite kreyasyon gwoup la e ankouraje yo nan travay y ap fè pou reyisi reyalize pi gran pwojè.

De lwen, se yon pa anplis nan travay pou vann yon lòt imaj de ayisyen k ap evolye nan peyi Chili, sa nou apresye anpil.

Gade videyo a nan lyen sa: https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=2356334427772230&id=2276622089076798 sou Facebook Sterphenson Saint-Preux.

Sous: Sterphenson Saint-Preux.

Verrettes: Pour une deuxième fois, l'Institution Mixte Joseph C. Bernard est championne du concours d'épellation "Épeler pour s'instruire".



"Épeler pour s'instruire", tel est le thème du concours d'épellation  organisé par l'Association des Citoyens pour l'Avancement et le Relancement Social (ACARESO) depuis deux ans au profit des élèves du 3e cycle des communes Verrettes et Liancourt.

Le Centre d'Etudes de Liancourt et l'Institution Mixte Joseph Claude Bernard, plus connue sous le nom de Pélican se sont retrouvés en finale pour une deuxième fois consécutive au local de la Bibliothèque Communautaire de Deschapelles, le vendredi 21 décembre 2018. Et c'est encore le Pélican des Verrettes qui a remporté le premier prix du concours.

Le coordonnateur général de l'ACARESO, Clarel Thermidor, se dit fier de la réussite de cette nouvelle édition. "Nous sommes là pour une jeunesse dynamique", a-t-il écrit sur son compte Facebook.

Laboussole Artibonite 

Blerkenson: Triomphe gen 75% chans pou l monte.

"Triomphe AC de Liancourt" monte 3 fwa deja en Premyè Divizyon, dènye fwa a sete ak Valencia an 2011.

-An 1998 Valencia te bat li nan final D2
-An 2001 Exelcior te bat li 1-0 nan final D2
-An 2011 Triomphe Champion sou Valencia 4-1 nan final retou 2e Divizyon.

Triomphe jwe Premyè Divizyon an 1999, 2002 & 2011 e li tonbe a chak fwa yo.

Nan Playoffs 2018 la Triomphe gen 75% chans pou l monte (3/4 ekip k ap monte), Kidonk, li bezwen yon viktwa kont Acolade de Gros Morne e menm si l ta pèdi nan final Nord a, l ap bezwen yon viktwa baraj match 3e plas la k ap jwe ant finalis Nord/Sud.

Blerkenson Emetil
Laboussole Artibonite 

lundi 19 novembre 2018

10 rezon pou yon kretyen pa prese renmen

Premye koze

KOZE RENMEN, KOZE LAVI

Renmen tèlman okipe yon plas enpòtan nan lavi chak moun sou latè, li vin yon gran nesesite e menm endispansab pou anpil moun. Sa fè, l ap difisil pou yon paran ta anpeche pitit li renmen e marye. Bib la di: “Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p ap janm bliye” (Pwovèb 22.6).

Konsa, yon paran pa ka anpeche pitit li renmen, men li ka ba li bon prensip pou l ka fè yon bon chwa. Sa posib gras ak edikasyon seksyèl la. Malerezman, anpil paran pa vle mete timoun yo chita pou di yo laverite sou zafè renmen ak seksyalite ki ka detwi lavi jèn ki fè l san li pat ko prè.

Pale de renmen, se pale de lavi paske anpil fanmi ki egziste, konplè oswa monoparantal, se rezilta renmen. Kit ou se pitit plasay, pitit lamaryaj, pitit san papa, pitit yo jwenn, ou se rezilta de moun ki te renmen e ki te fè sèks yon fwa pou manman w nan te ka ansent. Se sa ki fè, renmen ak fè sèks se de bagay depaman.

Renmen pa vle di fè sèks, men sèks se yon eleman enpòtan nan remen. Toutfwa, si se sèks la ki domine w, li ka difisil pou w dekouvri vrè renmen an.

Gen plizyè rezon ki ka lakoz yon moun renmen, jan sa di nan « Bon Konsèy sou Renmen », men se pa tout ki bon. Yon renmen ki baze sou relasyon seksyèl pa ka bay bonè ni fè dekouvri renmen tout bon an. Men kòman w ap fè konnen ?

10 rezon ou pral li yo pa pou fè yon jèn kretyen ki te renmen kite, ni pouse l renmen, ni pa janm renmen tou. Okontrè, li la pou fè tout jèn kretyen ki vle renmen, konnen danje ki genyen lè y ap prese renmen san reflechi ak demen. Mwen priye pou 10 rezon sa yo ede chak moun k ap li tiliv sa a jwenn plis rezon toujou pou yo ka renmen nan bon kondisyon.

ESKE BIB LA DAKO KRETYEN RENMEN ?

Nan pyès ka, Bib la pa entèdi kretyen renmen. Tout kretyen ka renmen daprè kado yo resevwa nan men Bondye ak jan yo vle mennen lavi yo. Apot Pòl, nan ministè li sitou, pat gen fanm. Li te di kretyen Korent yo pawòl sa a: “ …mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado”. (1 Korent 7.7).

Se sa Pòl te swete, men li menm ankò te di : « Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n kite lanvi boule nou ». (1 Korent 7.9).

Bib la dakò pou kretyen renmen, e li bay kòman sa dwe fèt. Jozèf pat antre nan relasyon seksyèl ak fiyanse li Mari paske li pat ko marye avè l (Matye 1.18-19). Pòl te mande pou kretyen Korent yo gen yon sèl konjwen nan maryaj la pou evite dezòd lachè (1 Korent 7.1-2). Avan Bondye te di Adan e Èv fè pitit, li te beni yo (Jenèz 1.28). Sa di, Bondye ki vle nou renmen an, se li menm ki vle nou marye tou.

Bondye ki te kreye fanm pou gason an, se li menm ki vle pou gason an prè avan li viv ak fanm li renmen an tou. Konsa, « 10 rezon pou yon kretyen pa prese renmen », se 10 konsèy, 10 sijè, 10 prèv pou demontre gen espwa pou yon kretyen ki mennen bak li byen nan Levanjil, rankontre moun pa l la e viv byen nan fwaye li.

Chak lè de moun renmen jan Bondye vle, se yon byen pou sosyete a ki fin depavre. Konsa, si yon moun ta renmen Ayiti chanje, li dwe bay tèt li misyon pou l renmen kòrèkteman, paske echèk nan renmen, sa w pa ta panse, se youn nan echèk peyi a tou ak kèk pwoblèm ki egziste nan legliz la. Nou ka site gwosès avan lè ki bay maryaj fòse, twòp timoun k ap fèt ki kreye plis grangou, plis chomaj, plis koripsyon e plis pwostitisyon.

Ka renmen pa vle di w ka byen renmen. Prese renmen pap fè w dekouvri vrè renmen an pi vit tou. Se nan refleksyon ak pasyans, chak moun ap rive fè chwa li renmen an, menm jan pou fanm nan.

10 REZON POU YON KRETYEN PA PRESE RENMEN

Rezon ka defini plizyè fason.

1. Konesans lòm genyen ki ba li yon prèv.

Nan sans sa a, gen diferans ant lafwa avèk larezon. Pou syantifik yo, tout sa ki egziste dwe gen yon prèv, sa vle di, yo dwe genyen omwen yon rezon ki demontre egzistans yo. Tandike pou kretyen yo, lafwa pa bezwen yon prèv tout moun oblije wè. Se sa ki fè, apot Pòl di nan 2 Korent 5.7: “Si n ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la”. Finalman, moun ki gen lafwa gen rezon. Sa pa vle di li avèg, men rezon li genyen an se pa rezon yon lòt moun genyen.

2. Kapasite pou fè chwa ant sa ki bon ak sa ki pa bon.

Nan ka sa a, 10 rezon pou pa prese renmen yo se 10 verite ki ka ede kretyen yo konprann poukisa yo dwe pran san yo pou yo renmen.

Atansyon!
- Se pa 10 rezon pou yon kretyen pa renmen, men pou yo « pa prese renmen».
- Se pa 10 rezon pou tout moun pa prese renmen, men pou « kretyen yo » sitou sila ki pa dwe renmen an kachèt ni fè fònikasyon.

Nan premye rezon an, nou pral eseye defini kisa ki se yon vrè kretyen pou tout lektè pa konprann se pa yon egzijans ki fèt pou tout moun, byen ke yo valab pou tout moun ki vle reyisi lavi santimantal yo. Men pou respekte kwayans ak libète chak moun genyen, 10 rezon sa yo rete nan kad konsèy. Aprè lekti premye rezon an, l ap fasil pou konprann 9 lòt yo.

Li enpòtan pou reflechi sou chak kesyon ki poze anba chak rezon. Sa ap ede w sène tèks ou te li nan rezon an.


PREMYE REZON

Ou se yon kretyen

Yo ka defini yon kretyen plizyè fason, men chak fason ap dekri yon aspè nan lavi kretyen an e non kretyen an menm. Sa pa vle di chak fason se yon kalite kretyen. Men kèk definisyon nou jwenn nan tiliv “Radyografi evanjelizasyon an”.

1) Patizan Kris ( Matye 12.30)
2) Disip kris (Travay 11.26)
3) Moun sove (1 Jan 5.13)
4) Pitit bondye (Jan 1.12)
5) Rachte (1korent 6.12)
6) Sitwayen syèl (Filipyen 3.20)
7) Limyè (Efezyen 5.8)
8) Tanp sentespri (1 Korent 6.19)
9) Manb kò Kris la (1 Korent 12.27)
10) Moun ki pou Kris la (Women 8.9).

Si nou analize chak definisyon oswa konparezon sa yo, n ap konprann yon kretyen pa yon moun tankou tout moun paske li pa ka viv menm jan ak tout moun. Li dwe fè diferans nan tout sa l ap fè. Malerezman, gen anpil moun ki kwè yo se kretyen depi y ap pèsevere nan yon legliz lokal, yo konvèti e batize. Se pa vre !

Avan tou, yon kretyen se yon moun ki fèt yon dezyèm fwa (Jan 3.3). Pwiske li fèt yon dezyèm fwa, li pa menm moun li te ye avam an (2 Korent 5.17). Si li pa menm moun nan ankò, li pa ka aji jan li te konn aji nan ansyen moun nan ni li pa ka aji menm jan ak lòt moun ki pa kretyen tou.

Antanke yon limyè (Matye 5.14), kretyen an la pou klere lemond, moun ki pa konvèti yo. Li gen limyè sa a paske pawòl Bondye a ki se limyè (Som 119.105) sere nan kè li (Som119.19). Li pa yon limyè daprè sa li panse, sa li kwè ak sa li konprann, men dapre sa pawòl la fè li konnen.

Nan Efezyen 5.8, Pòl di kretyen an dwe mache daprè limyè ki se pawòl la, levanjil la. Nan yon ka parèy, yon kretyen pa ka prese renmen paske pawòl ki nan Bib la bay prensip pou yon kretyen renmen e gen anpil predikatè k ap fòme jèn yo sou sa. Yon moun ki renmen san li poko prè pou fiyanse oswa marye mete tèt li nan kondisyon pou tonbe nan dezòd lachè (1 Korent 7.9).

Nan Women 12.2, Pòl ap egzòte kretyen lavil Wòm yo pou yo pa fè menm bagay ak sa monden yo ap fè. Koulye a, annou wè ! Kijan tout moun konprann renmen ? Sou ki baz tout moun renmen ? Si tout moun ap prese renmen, kretyen an pa dwe prese tou paske Bondye konnen sa li vle, e l ap travay pou byen li chak jou (Jeremi 29.11).

Nan 2 Korent 6.14, apot Pòl fè konnen pa gen relasyon ant limyè ak fè nwa. Pwiske kretyen an se limyè, li pa dwe mete tèt li ansanm ak moun k ap pratike bagay ki nan fè nwa (Jan 3.19 ; Efezyen 5.11). Souvan, se prese renmen ki fè kretyen an renmen yon moun ki nan fè nwa. Sa ta menm montre li pa kretyen paske depi limyè parèt, fè nwa disparèt. Yon renmen nan prese se yon renmen emosyonèl. Se tip de renmen sa a tou ki bay soufrans, regrè ak lanmò.

Kesyon: Eske w se kretyen?

DEZYÈM REZON

Twò prese pa fè jou louvri

Jounen an gen vennkatrè ladan, li pap gen mwens ni plis, se yon reyalite. Menmsi tan an ta chanje, vennkatrè a ap toujou rete. Li ka fè nwa pi rapid, li ka jou pi bonè, men se toujou vennkatrè a kap kontwole. Konsa, menmsi w te dòmi, menmsi w te rete sou de pye w, jou a ap rive lè pou li rive a.
Adan te santi li pou kont li, li te bezwen yon kreyati parèy li, li pat di Bondye sa. Pwiske Bondye konn tout bagay, li te konnen bezwen li an ki fè li te di : « Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l» (Jenèz 2.18).

Annou wè kèk remak enpòtan nan tèks sa.
1) Adan te bezwen yon konpay.
2) Li pat fè parese, li tap travay.
3) Pandan li tap travay, Bondye tap travay pou li tou.
4) San li pat konnen, Bondye te pran youn nan zo kòt li pou fè parèy li.
5) Lè Bondye mennen l ba li, li te rekonèt se te kò li, zo li.

Ki leson nou ka tire nan sa ?
1) Bondye konnen yon gason bezwen yon fi, menm jan fi sa a bezwen yon gason.
2) Pa fè parese, kontinye travay, priye, evanjelize, preche levanjil pandan w ap tann yon moun pou w renmen.
3) Pandan w ap travay, Bondye pa bliye w.
4) San w pa konnen, Bondye ka fè chwa pa w la.
5) Lè w gen pou w wè moun pa w la, w ap rekonèt li.

Se mank lafwa ki fè kretyen konn kouri renmen. Sa konn fè yo echwe e regrèt akoz move chwa yo fè. Se pat Bondye ki te chwazi Sayil pou pèp Izrayèl la (1 Samyèl 8.9). Li te kite sa rive pou pèp la te ka wè konsekans ki genyen nan pa kite Bondye deside. Atout ou se kretyen, ou gen volonte pou w renmen, men pa bliye si li pa fèt daprè volonte Bondye, ou ka echwe. Gen anpil fwaye ki divize, lòt kap fè fas ak gwo pwoblèm ki fè legliz la wont nan sosyete a jis moun ki pa kretyen yo di se legliz ki gen plis divòs. Se yon reyalite men Bondye pa responsab. De moun ki renmen yo ka bon men yo gen dwa pa ka viv ansanm. Se sèl Bondye ki konnen sa, pèsonn pa ka detèmine kòman demen ap ye men jan yo aji ka epanye yo anpil danje. Se sa ki fè yon kretyen pa dwe prese renmen.

Bondye aji nan tan li, li pa prese paske li gen kontwòl li. Moun k ap prese ap pwofite paske li pa espere jwenn lòt okazyon. Renmen pa dwe fèt nan emosyon pou nenpòt rezon an. Se yon vi ki gen danje sitou lè de moun yo pa pran san yo pou yo youn konn lòt. Renmen mennen maryaj men maryaj pa vle di paradi. Fi k ap vin madanm nan dwe konnen wòl li, gason k ap vin mari a dwe konnen wòl li tou. Sa pa ka fèt nan prese.

Yon kretyen pa ka prese renmen pou Bondye kouri beni l nan maryaj. Pou li, tann pa janm yon erè. Li ka pran tan men l ap pote bon nouvèl.

Kesyon : Poukisa w pa ka ret tann lè pou w renmen ?

TWAZYÈM REZON

Gen renmen pasyone ak renmen rezonab

Mo « pasyon » an soti nan lang laten « passio, pati » ki vle di « soufri ». Sa vle di, depi nou pale de pasyon, nou pale de soufrans. Se sou baz sa yo rele fim Jezi a, « La Passion du Christ ». Se yon fim ki montre soufrans li te pran pandan yon semèn pou li te ka sove lèzòm (Ezayi 53.3-5).

Nan kontèks renmen an, pasyon se jan nanm ou bezwen yon bagay ak vyolans oswa emosyon. Lè konsa, ou pa tande larezon, ou pa swiv konsèy, ou menm prè pou w kite kay paran w, kite lekòl jis pou w jwenn sa ou bezwen an e pwoteje relasyon w lan ke w pa menm konnen kòman l ap fini. Se pa konsa renmen rezonab la ye.
Renmen rezonab la chita sou bon sans. Se yon renmen ki fèt nan senserite; li reyèl e li fè patnè yo santi yo konfòtab nan relasyon an. Anplis de sa, paran yo okouran de sa paske si l rezonab, li nòmal, sosyab, akseptab.

Sa fè si paran yo pa konnen, li fèt an kachèt. Lè sa a, li se yon renmen sispèk. Lè w renmen, tout moun ta renmen konnen
kilès ki se fiyanse w. Antanke kretyen, ou dwe gen kouraj pou di sa paske ou pa dwe bay manti. Si w pè di sa akoz ou pa gen asirans nan renmen an, se yon prèv li pa bon. Ou dwe renmen ak yon sèl moun. Sizanka li pa ta respekte angajman li, li ta twonpe w, se li menm, men ou menm ou dwe rete fidèl.

Gen de gwo poto ki kenbe kay renmen rezonab la: responsablite ak konesans. Yon jèn ki pa ka pran responsablite l nan ka yon danje (gwosès avan lè sitou), li pa ka prese renmen. Li dwe tann lè li gen matirite pou sa.

Pou konstwi yon renmen rezonab, sa mande tan pou konnen lòt moun nan, e se nan konnen youn lòt ap vin gen tolerans, pasyans ak padon. Lè konsa, renmen sa a pap ka kraze fasil paske li bati sou konfyans. Toutfwa, konfyans sa a mande sakrifis. Sakrifis yo dwe kay tou de moun ki renmen yo. Se vre yo bezwen antre nan relasyon seksyèl, men fòk sa fèt nan maryaj la. Anvi yo, tantasyon yo, konvwatiz yo dwe gen kontwòl.

Yon renmen rezonab pa vle di fòseman yon renmen k ap mennen nan maryaj, li ka kraze si prensip yo pa respekte nan wout. Pafwa, gen youn nan moun yo ki gen dwa pèdi pasyans, li pa ka tann maryaj la, li deside antre nanfònikasyon. Si lòt la pa dakò, li ka bay vag.

Kesyon : Ki renmen ou swete viv? Pasyone oswa rezonab?

KATRIYÈM REZON

Kò kretyen an se Tanp Sentespri a

Pòl ekri kretyen Korent yo pou fè yo konnen kò yo pa pou fè dezòd lachè (1 Korent 6.19-20) paske Sentespri Bondye a rete ladan depi jou yo te fin batize nan li a (1 Korent12.13). Sentespri pa yon rad ni yon badj ou mete chak lè w ap antre legliz pou yo ka rekonèt ou kòm manb. Si se te sa, ou tap peche anpil lè ou pa nan sèvis.

Sentespri a se mak Bondye sou kretyen an (Efezyen 4.30). Gras ak li, kwayan an vin pitit Bondye (Women 8.14,16) e bay fwi Lespri yo k ap manifeste nan li (Efezyen 5.22). Konsa, nenpòt kote li ye, Sentespri a nan li paske Bondye ak Jezi tout kote tou (Som 139.7-12). Pwiske kò ou se Tanp Sentespri a, ou pa dwe ap fè sa ki ka fè li lapenn. Si ou se yon jèn elèv lekòl, yon jèn k ap aprann yon metye oswa ki pap fè anyen, pouki w oblije ap fè yon bagay k ap lakoz
ou fè peche ? Ki nesesite w genyen pou w prese renmen ? Eske se pa pou pran plezi? Kisa ki oblije w fè li? Menmsi ou ta gen yon egzijans, gen kèk risk ou pa ka pran san ou poko prè pou w pran responsablite w.

Menm nan gran bezwen yo, yon moun dwe reflechi paske konsekans yo konn pi grav pase nesesite yo. Pwovèb la di: “ M tap kouri pou larivyè, m al tonbe nan lanmè ». Larivyè a se petèt soufrans ou, pwoblèm ou. Kontrèman, lanmè a se yon nas ki anvlope w, yon sous pwoblèm ki pete, yon chay ki vin pi lou pase sa w tap pote a. Yon jèn ki vle reyisi ta dwe pran san l pou l renmen.
Li toujou bon pou w fè yon chwa ki ka ede w fè plis efò. Yon bon zanmi ki pap trayi w, ki konn paran w e ki vle byen pou ou, pap kite w nan erè ni pouse w nan fònikasyon. Si se renmen an ki pou ta fè w tonbe nan dezòd lachè, prefere ou gen yon senp zanmi. Dayè, renmen pa obligatwa pandan w lekòl oswa pandan w gen matirite. Pa bliye ! Jodi a, ou ka wè li pa enpòtan pou w pran san w pou w renmen, men konnen yon jou, w ap bezwen reflechi paske vi a gen plizyè etap.

Jan Pòl di a: “Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa ka fè Bondye plezi” (Women 8.8). Kouri renmen se siy
yon moun ki pa metrize kò li.

Kesyon: Eske renmen ede w mennen yon vi apa pou Bondye?

SENKYÈM REZON

Zanmitay ak renmen

Zanmitay se yon santiman ki pa baze sou relasyon santimantal oswa sekysèl, byenke gen zanmi ki rive fònike ansanm. De moun ki zanmi souvan viv tankou de moun ki renmen nan aparans. Yo toujou ap dyaloge, youn toujou vlè wè lòt. Yo gen sekrè antre yo, yo pataje sa yo posede, youn sipòte lòt, e li posib pou youn ale lakay lòt detanzantan selon distans yo rete. Si se yon zanmitay k ap devlope nan mitan de fi oswa de gason, sosyete a pap tèlman wè sa deranje pou vizit lakay, men si se yon fi ak yon gason, moun souvan doute. Men sa ki lesansyèl se
reyalite ki egziste a. Kanmenm, lè se yon fi ak yon gason ki zanmi, yo dwe evite kèk pozisyon jis pou yo pa atire kritik ak difamasyon ki ka sal imaj youn oswa tou de. Pafwa, gen zanmi ki konn di sa pa anyen depi yo konnen yo inosan men yo bliye si inosan konn peye pou koupab.

Zanmitay la dwe gen limit ak mezi. Pawòl la di: “ Entre amis, tout est permis » « Faites comme chez-vous », men « tout » sa ki pèmèt yo se tout sa ki konsène zanmitay la. « Faites comme chez vous » se daprè edikasyon ou te jwenn lakay ou. Si w nan mete pye sou tab, leve kabare pou manje jan w vle, ou pa byen edike. Renmen ale pi lwen de zanmitay, konsa tou li ka pi ralanti. Yon renmen ka kraze nèt, tandike yon zanmitay ka refèt detanzantan.
Pa gen anyen k ap gate, tout bagay ap fèt nan lè li. Dayè, li pi enpòtan pou w devlope zanmitay pase yon relasyon damou.

Zanmitay la ka louvri je w sou yon bon renmen, tandike renmen an ka kraze zanmitay la. Ki pwoblèm k ap genyen si w zanmi yon moun ki renmen w e ou ta renmen l tou? Depi w respekte distans yo, sa gen dwa pa gen danje. Nan zanmitay, ou jwenn plis posiblite pou w konnen yon moun. Menm lè ou ta vin devlope yon
relasyon santimantal, ou ka toujou konsidere l tankou yon zanmi. Prese dekouvri sekrè ak pati entim yon moun ou
renmen, fè kèk eksperyans pou jwèt nan renmen gen danje. Li toujou bon lè w tann. Pou kesyon konsènan renmen ak zanmitay, gen plizyè repons ki bay nan tiliv « 25 kesyon/repons sou renmen ».

Kesyon : Eske ou ka fè yon moun ou pa konnen konfyans ?

SIZYÈM REZON

Bondye pa janm prese

Gen twa rezon valab ki dwe fè konfyans ou byen chita nan Bondye: li pa janm prese, li pa janm bay manti e li pa janm anreta. N ap wè chak tankou yon rezon. Bondye pa janm prese! Poukisa Bondye pa janm prese? Nan Danyèl 2.21, nou li: “ Li (Bondye) kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive”.

Si Bondye kontwole sezon ak lè pou chak bagay rive, li pa ka nan prese. Anplis, li konn tout bagay, anyen pa etone li nan sa ki gen pou rive nan kèlkeswa lè a e kote a. Dayè, li gentan prevwa tout bagay, menm pou letènite. Si se Bondye sa a w ap sèvi, ou pa gen rezon pou w ap prese renmen paske li gen kontwòl tan pou w renmen, fiyanse e marye.

Lavi a gen plizyè etap ou dwe respekte pou w reyisi. Tout moun ou wè ki marye e gen pitit te pase nan plizyè etap : koze, renmen, rekonèt paran…. Yo te fè eksperyans ou poko fè. Lè ou deside vin menm jan ak yo
britsoukou, san ou pa respekte estad pwogresyon yo, ou ka echwe. Anpil moun ou wè k ap travay nan nenpòt gwo
biznis, moun ki gen metye, lajan, kay ak machin te pase plizyè etap yo. Sa ki enpòtan, se gade nan ki etap ou ye, epi
kwè yon jou ou ka nan plas yo. Prensip sa a valab pou tout moun nan tout domèn.

Nòmalman, yon moun pa ta dwe kouri renmen paske renmen la pou lavi. Yon desizyon w ap pran pou lavi pa dwe yon jwèt. E si w renmen pandan w konnen li pap la pou lontan, se tèt ou w ap pase nan betiz paske gen malè ki ka fè enpak sou tout rès vi w. Anpil renmen se kontra ki siyen pou echèk. Lè yon moun renmen, sa ka lakoz li reyisi, e konsa tou, li ka echwe. L ap reyisi si li fè sa nan tan li, e li ka echwe si se li ki fòse sa fèt. Sonje ! sa w ap pèdi lè w pa renmen pa vo anyen devan sa w ap genyen lè w renmen.

Gen jèn ki renmen poutèt yo pa vle jenès yo pase san yo pa jwi lavi yo. Nan yon sans se vre paske ou dwe jwi lavi w, men se pa yon rezon pou w kouri renmen, jis pou w fè yon move chwa. Ou ka renmen; Bondye, paran w, tout moun konnen fòk sa fèt. Toutfwa, sa dwe fèt kòmsadwa.

Imajine ou se yon elèv. Lè w fin lekòl, ou pral aprann yon metye. Aprè, ou ka vin yon moun ki prepare pou travay, okipe menm fanmi w e sipòte zanmi w. Ou ka tann sa rive, prese pa yon egzijans. Eske se prese a k ap fè bon renmen an fèt? Non ! Bondye pa janm prese, li fikse yon tan pou tout bagay.

Kesyon: Kilès k ap dirije lavi w? Bondye oswa ou menm?

SETYÈM REZON

Bondye pa janm bay manti

Dezyèm rezon ki fè w dwe gen konfyans nan Bondye se paske li pa janm bay manti. Pwofèt Balaram te di nan yon chante pawòl sa yo: “Bondye pa tankou moun k ap bay manti. Non ! Li pa tankou moun k ap chanje lide yo pou ti krak, ti krak ! Depi li pwomèt yon bagay, l ap fè l. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre ! » (Nonb 23.19).

Se pa pou bèl diskou apot Pòl te ekri pou di konfyans (lafwa) soti nan sa w tande (Women 10.17). Anpil fwa, yon moun di li gen konfyans nan Bondye, se paske li bezwen yon bagay. Li pa konnen sa Bondye vle pou li vre (1 Tesalonisyen 4.3). Sa ki pi enpòtan pou Bondye avan tout bagay, se Wayòm nan (Matye 6.33). Nikodèm te konn
anseye lalwa, men sa pa t ba li aksè nan Wayòm nan (Jan 3.3,10). Ou ka konn chante byen, jwe mizik men lesansyèl, èske ou sove deja? Si Bondye te ka kreye ou, pwoteje ou depi nan vant manman ou, ou pa bezwen mande pou yon mari/madan li pa ka ba ou. Wi, li ka fè l, men èske w nan kondisyon pou sa. Bondye pa janm bay manti vle di tou sa ki ekri nan Bib la pa bay manti (2 Timote 3.16). Okontrè, Bib la egziste pou montre nou verite a. Se pa verite ki
konsène sèlman peche, lafwa, syèl, benediksyon ak mirak. Verite sa a konsène remen tou.

Gen kretyen ki lage tout bagay nan men Bondye, sof relasyon santimantal yo, kòmsi se pat Bondye ki te kreye renmen. Ki valè yon adorasyon, yon louwanj, yon vi priyè san yon vi apa? E vi apa kretyen an pa kòmanse nan evite fònikasyon sèlman, se depi nan chwa moun l ap renmen an. Sa fè, si ou kouri renmen ak yon moun ki pa nan
volonte Bondye, ou pap janm gen yon vi apa. Ou derape mal !

Bondye prepare anpil bèl bagay pou ou. Nou souvan repete pawòl sa a : « Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Senyè a k ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle demen nou jwenn sa n ap tann lan » (Jérémie 29.11). Li lè li tan pou w eksperimante lafwa ou nan Bondye. Si l konnen pwojè li fè pou ou, pouki w prese ?

Kesyon : Kisa Bondye di l ap fè, li pa fè déjà? E poukisa ?

UITYÈM REZON

Bondye pa janm anreta

Uityèm rezon ki fè yon kretyen pa dwe prese renmen se paske Bondye pa janm anreta. Ou ka konnen Bondye pap prese, li pap bay manti epi alafen, ou dekouraje paske w pa vle kite twò ta bare w. Dèfwa, se kretyen an ki fè chwa li pou l pa renmen, epi li mete Bondye ladan. Se vre Bondye ka vle sa, men lè nou pa sèten Bondye te di sa
jan li ta chwazi fè l, nou pa dwe pran non li pou bay manti ni pou fè wè.

Pou plezi, gen kretyen ki di : « Bondye poko
vle m renmen, m ap tann li ». Tout sa ka verite, men fòk li bat pou li pa fè lekontrè aprè paske depi l pran non Bondye anven, l ap fè l peye sa (Galat 6.7). Kèk fwa, se yon pawòl pou blofe moun, se pa Bondye ki di sa vre.

Gen anpil predikatè ki rakonte plizyè istwa kote Bondye fè de moun renmen, swa nan yon rèv oswa nan yon mesaj dirèk. Sa posib pou fèt paske Bondye granmoun men li pa gen yon sèl fason li aji. Anplis de sa, pèsonn pa dwe pran istwa lòt moun pou fè pa l ni pa yon lòt. Sa ki rive yon moun ka sèvi yon lòt egzanp pou plizyè lòt moun (1 Korent 10.1-6) men se pa sa k ap rive l tou. Onzyèm chapit nan liv Ebre a demontre nou sa nan lafwa moun ki tap sèvi oswa gen konfyans nan Bondye. Chak moun gen vi pa yo e nanm pa yo pou sove. Yon vrè renmen ka lakoz li pèdi nanm li. Gen yon eslogan ki di: “Chaje kontè pa w!” Bondye pa yon Bondye rèv, li reyèl! Se pa nan rèv pou n ap chache li. Li te di nan sèvitè li Jeremi: « N ap chache m, n ap jwenn mwen paske n a chache m ak tout kè nou ». (Jeremi 29.13)

Sa Bondye vle yo ekri nan Bib la. N ap konprann yo gras ak pouvwa Sentespri li a ki nan nou menm ki se kretyen tout bon vre (1 Korent 2.14-15). Abraram pat kwè l tap ka fè pitit nan laj san tan (Jenèz 17.17), poutan jan Bondye te fè pwomès la, Sara te vin ansent, li te fè yon pitit gason (Jenèz 21.1-8).

Ki laj ou, ou menm k ap li liv sa a ? Annou ta imajine w gen 15 lane, èske daprè ou, moun w ap renmen an poko fèt ? Non, li gentan fèt e li la ap tann lè pou l rankontre avèk ou. Li ka pi gran pase w oswa gen menm laj men sa ki sèten, li la deja. Gen moun ki rive jwenn li aprè plizyè relasyon ki kraze e gen lòt ki jwenn li depi nan premye relasyon an.

Li pa janm twò ta pou yon moun renmen ni marye, li ka twò ta pou fè pitit. Renmen ka fèt menm lè de moun yo granmoun. Kidonk, li bonè toujou pou yon jèn ki gen 15-20 lane yo konsa ret tann jou pou l renmen pandan l ap etidye, travay pou l prepare avni relasyon an. Li pa oblije prese ! Benediksyon Bondye yo pap fini, maryaj pap finitou. Aprè w fin sove, ou toujou gason oswa fi, w ap toujou gen anvi renmen e fè sèks. Men gen yon tan ki fikse pou
sa. Se vre ou nan nesesite pou w renmen men nesesite w pa ka fè Bondye aji vit. L ap fè sa li dwe fè men li pap janm
anreta.

Kesyon : Eske w kwè Bondye pa konnen bezwen w yo ?

NEVYÈM REZON

Moun pa w la ap tann ou

Pandan Adan tap travay, li tap soufri tann yon konpay. Nou inyore konbyen tan li te pase ap tann men nou ka di Bondye tap travay pou li. Adan te toujou nan tristès lè l te fin reveye nan somèy Bondye te mete l la. Li pa t jis reveye, epi li wè Èv bò kote l. Tèks la di : « Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l ba li »
(Jenèz 2.22). Si Bondye te mennen fanm nan, se lojik ke l te nan yon distans. Ki aplikasyon ki gen nan sa? Moun pou
marye a la deja. Bondye konnen w gen bezwen l. Se pa yon moun li pral fè ak zo kòt Adan oswa yon lòt Adan, men li
deja la. Li pa yon tibebe. Li fèt deja. Ni mwen ni ou pa konnen ki kote l ap soti : ras li, nasyonalite li, defo ak kalite li, koulè li, men Bondye konnen.

Ann fè yon ti tounen nan kreyasyon an ankò. Bondye pa t fè lòm avan, li te fin kreye tout bagay avan sa. E lè li fin fè lòm, li mete l nan jaden an, se atò li vin gen nesesite pou li kreye yon fanm pou li. Sa pa vle di Bondye te bliye fè fanm. Se yon istwa ki rapòte, nou pa t la. E nou konnen Bondye pa konn fè erè. Sa vle di, sa ki esansyèl pou
Bondye se pa ni renmen ni maryaj. Dabò, li te voye Jezi vin mouri pou ou, èske w kwè nan li pou w ka sove ? Lè w fin sove, ou dwe travay sali ou. Kisa w fè nan legliz ou pèsevere a antanke kretyen ? Ki don ou genyen ?

(Efezyen2.10, 1 Korent12.7 ; 1Pyè 4.10). Gen moun k ap fè parese, yo pap evanjelize, epi yo bezwen renmen ? Gen moun ki kwè Bondye ka fè tout bagay pou yo men yo pa vle fè anyen pou Bondye. Adan tap travay nan jaden an.

Kwake li te tris, li pat kite travay Bondye a. Bondye ki te wè nan aktivite l yo li te manke yon bagay, li di: « Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li ».Ou pa dwe yon kretyen k ap mande sèlman men ou dwe youn kap travay tou. Sèvitè a di nan Pwovèb 10.24: « Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l ta renmen genyen, men mechen an, se sa l pè rive l la k’ap rivel. » Erezman ou pa mechan, ou se kretyen, mache dwat epi w a wè grandè Bondye nan lavi w.

Kesyon : Eske w panse prese renmen ka fè w prese viv ere?

DIZYÈM REZON

Renmen pa dènye etap nan lavi
Erè ki pi grav yon jèn ka fè se lè li bezwen marye jis pou li ka gen libète antre nan relasyon seksyèl. Pòl konseye maryaj pou fiyanse yo ak vèv yo si yo pa ka kenbe ankò, men pa ka kenbe anvi a pa dwe yon woulib pou pwofite marye (1 Korent7.9). Kontèks pasaj sa a pa di nou si moun sa yo te prè materyèlman, e nou ta di nou inyore
tou kondisyon espirityèl yo. Konsa, se pa sa ki nan vèsè a pou w kouri aplike san ou pa analize kondisyon ou parapò
ak moun sa yo.

 Dèfwa, se sèlman dezi seksyèl la ki domine w, ou pa ko prè pou responsab yon fwaye vre. Tout sa ki nan lespri w, se fònikasyon men ou pa panse ak pyès konsekans fònikasyon an oswa sèks legal la ka pote.
Pèsonèlman, mwen pa kwè 1 Korent 7.9 la se pou tout jèn ki renmen, men pou tout jèn ki renmen e ki gen matirite pou pran responsablite tèt yo tankou madanm ak mari.

Si l ta pou tou moun, yon jèn kretyen 17 lane ki renmen e ki pa vle fè fònikasyon ta mèt marye. Kisa li ta pral fè pou l pran swen tèt li? Menm jan fònikasyon an gen
move konsekans, tankou ansent twò bonè ak enfeksyon, sèks nan maryaj la gen konsekans li tou ki ka grav.

Annou imajine de moun ki marye ki gen 2 pitit, youn pa ka ale lekòl, epi yo pap travay? Demen, akoz mizè, yo tounen vagabon. Sa se restavèk k ap ogmante problèm peyi a. Eske sa se volonte Bondye ki te kreye syèl la ak tè a'? Gen moun ki di depi w marye, se pou wfè pitit san rezèv paske Bondye te di “Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a…” (Jenèz 1.28). Pa bliye se Bondye ki te fè maryaj sa a, e se li menm ki te chwazi Èv pou Adan.

Jodia, èske tout maryaj k ap fèt yo nan volonte Bondye? Lè sa a, tè a pot ko gen moun menm. Eske pa gen ase moun koulye a? Eske Bondye te di ranpli tè a ak timoun epi lage yo nan dezè yo?

Finalman, pou n pa poze lòt kesyon, se pou n toujou sonje Bondye te fin prepare tout afè Adan avan li te fèdeklarasyon sa a. Pou n retounen e fèmen sijè nou, mwen vle fè w konnen renmen pa dènye etap nan lavi. Lè w finrenmen, ou marye, talè w pral gen pitit: bil, lekòl, rad, lopital, vwayaj, elatriye. Se pa yon mal, men renmen pa dwe
fèt nan prese.

Kesyon : Eske w santi w pase ase etap pou w deside renmen?

KONKLIZYON

Gen plis pase 10 rezon pou yon kretyen pa prese renmen, paske sa pral depann de sikonstans lan, kwayans li, objektif
li nan lavi ak eksperyans li fè. Tout fwa mwen sèten nan tout rezon ki egziste pou yon kretyen renmen, volonte Bondye enpòtan paske se li menm ki te kreye nou. Aprè kreyasyon lòm, li te ba li yon fanm pou te ka ede li. Si se vre, se menm Bondye sa a ki pou dirije volonte nou pou nou pa fè move chwa.

Atout sa, tout moun, kit li se kretyen kit li se monden, ka deside renmen jan yo vle. Yo ka chwazi pa koute konsèy epi mennen bak yo selon lide yo. Lè nou vin kretyen, nou toujou gen volonte pou n obeyi ak kò nou, men yon sèl bagay pou n pa bliye: “Si Bondye pa pini nou tankou tout papa pini pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyè » (Ebre 12.8)

Pitit lejitim Bondye : Se lè ou te batize nan Sentespri a (fèt yon dezyèm fwa) ki te antre ou nan fanmi Bondye a ki se moun sove yo (Jan 1.12-13). Yon moun konsa p ap kontinye viv nan peche (1Jan 3.6-9) e l ap viv pou fè volonte papa
li ki se Bondye.

Pitit deyò : Se tout moun ki poko batize nan Sentespri a, men ki panse yo se pitit Bondye. Yo viv daprè lide nan tèt
yo paske Sentespri Bondye a pa nan lavi yo pou konvenk yo. Yo se pitit Satan (1 Jan 3.10)

Si sa fè lontan w ap fè peche, renmen san kontwole, fè fònikasyon, epi w pa janm atriste ni jwen koreksyon Bondye, se ka yon siy ke w pa pitit Bondye paske pitit Bondye a pap pran plezi nan fè peche. Si w ta renmen viv apa pou Bondye, li enpòtan pou w pran san w nan renmen. Renmen pap kouri, renmen p ap mouri: pa prese, se yon konsèy !

Jérôme Dorsonne Emerson
Ekriven

dimanche 18 novembre 2018

Ti koze ak pitfim

Twayèm ti koze

Renmen wè lè w bèl pa vle di renmen wè w tankou yon bèl madan marye. Ta anvi rete bò kote w pa vle di anvi ret avè w pou tout tan nan yon kay. Sonje w pa vle di ou okipe tout pati nan lespri yon moun. Ba w tout bèl ti non ki egziste pa vle di w chanje batistè.

Bote w se limyè k ap klere chimen tigason k ap chache wout lavi. Konsa tou, li ka fènwa ki anpeche lasosyete wè vrè vizaj ou. Pran swen li, pran swen kè w, pran swen lang ou pou w pawòl k ap sot nan bouch ou ka fè kò tout zòrèy tranble.

Souri w se kle ki louvri pòt pou ti gason antre nan lakou rèv ou. Konsa tou, li ka rale malè lanvi sou lavi w, fè w pa janm anvi souri pou w pa sonje dega li te fè nan kè w.

Se pou w bèl !
Se pou w souri !
Kite bote w souri !

Premye manti, m tap bò w, se fè w konnen ti gason pa ka di w li renmen w. Dezyèm nan, se ta di w, depi w renmen, w ap echwe. Twazyèm nan, se tap joure w, kale w lè m aprann tout jèn jan lekòl ou, nan katye w, nan legliz ou ap koze avè w.

Chak fwa ou tande yon jennonm di l renmen w, di tèt ou : mwen renmen avni m plis pase w. Konsa, si li pa ka ede w prepare avni w pou l pi bèl, li pa ka renmen w.

Anplis, fòk li ta pran tan l pou l konnen w avan li deklare li renmen w. Yon moun pa dwe renmen w pou bèlte ak kadans kò w. Li dwe renmen tout ou menm : paran w, etid ou, avni w, pèsonalite w, defo w, kalite w ak vizyon w.

Lè w renmen, ou ka echwe, ou ka reyisi. Renmen se bèl bagay men bèl bagay pa fèt an kachèt. Kidonk, si papi w pa ka konnen kilès kap koutize w, siksè w pa entèrese l. Yon jou kanmenm ou gen pou kite kay la, men bat pou w soti ak lonè e respè. Dayè, Bib la di gason an gen pou l kite papa l ak manman l pou l fè yon sèl ak madanm li. Se sa w gen pou w ye. Se sa manman w ye. Pèsonn pa dwe anpeche sa rive. E si te gen moun ki tap anpeche sa, jodi a ou pa tap egziste paske manman w te yon bèl tifi lè m te kwaze l. Malgre tout pale anpil, paran pat dakò, nou met ansanm nou konstwi lavi nou gras Bondye e jodi a, si ou la, mwen pa ka fè kòmsi m pa konn reyalite yo.

Jouman ogmante pasyon ti madanm pou ti konpè. Plis w ap di pitit ou betiz, se plis w ap fè pawòl ti gason byen sonnen pi byen nan zòrèy li. Plis w ap kale tifi pou renmen ti gason, se plis li jwenn rezon pou l sakrifye lavi l pou li, menm jan Jezi te vin mouri pou limanite anba tout mechanste lèzòm.

Asireman, gen papa ki pa konn kòman pou l pwoteje pitit li. Li panse vyolans ka fè l jwenn rezilta. Rezilta ? Wi : manti, sekrè, fo randevou, devwa ansanm, lajenès legliz, kan, match foutbòl…M di w tout bagay prensès mwen, e m gen pou m di w plis toujou paske plis ou tande bon pawòl, se plis w ap vin saj e plis ou vin saj, se plis w ap ka fè yon bon chwa ki ka pèmèt ou viv ere nan fwaye w.

Pa kite moun ap felisite w sèlman pou sa w ye. Si yo pa janm di w defo ou genyen, yo pa prè pou ede w viv ere. Konsa tou, pinga ou kwè yon moun pa renmen w paske l di w sa w fè ki pa bon. Si w ap joure manman w, menaj ou pa di anyen, li pap ede w vin yon manman kap ka fè edikasyon pitit li. Si tout moun ap repwoche w pou yon defo epi li pa janm di w sa tou, li pa renmen w.

Mwen swete w reflechi pou w konprann, pit fim.

 Jerome Dorsonne Emerson Jde
Ti koze ak pitfim

samedi 17 novembre 2018

Lansman Bibliothèque Leslie Manigat nan Lekòl Eben Ezer

Chòy di, chòy fèt!

Jodi a ki se vandredi 16 novanm 2018 la, Jeunesse et Lecture te òganize lansman katriyèm Bibliothèque scolaire, nan kad PROJET BIBLIOTHÈQUE SCOLAIRE li a ki te kòmanse nan dat desanm 2017, nan okazyon setyèm anivèsè fondasyon Jeunesse et Lecture.

Menm jan sa te fèt
1. Nan Centre d'Etudes (7 desanm 2017: Bibliothèque Francklin Paul Lormier)
2. Nan lekòl Wilfrid Beaubrun (8 fevriye 2018: Bibliothèque Exantus Laraque)
3. Nan lekòl Anténor Firmin (29 oktòb 2018: Bibliothèque Chrislet Michel)

Se konsa, nan lekòl Eben Ezer, nou te lanse BIBLIOTHÈQUE LESLIE MANIGAT. Se toujou direksyon lekòl yo ki chwazi non yo pou mete pèsonaj yo alonè.

Te gen 7 lekòl ki te patisipe:

1. Institution Mixte Anténor Firmin
2. Institution Mixte Eben Ezer
3. Institution Mixte Théus Dumombrun
4. Collège Mixte Mont-Carmel
5. Institution Mixte Wilfrid Beaubrun
6. Centre d'Etudes de Liancourt
7. Institution Mixte Formation Moderne

Te gen 4 konkou ki te fèt:
1. Konkou dikte
2. Konkou epelasyon
3. Konkou mo kache
4. Konkou lekti

Chak lekòl e elèv te pote liv pou tanmen Bibliothèque Leslie Manigat.

Rèv la gran, men yo kout men tipa tipa n ap rive kote n prale a kanmenm paske depi gen lespwa, gen lavi. Plis n ap viv, se plis n ap konbat pou n atenn objektif k ap itil tout moun, sitou jenerasyon k ap vini an.

Ann pote men ak Jeunesse et Lecture pou n redwi to timoun ki pa ka li, ekri e reflechi pou n gen yon lòt Ayiti.

Ansanm, sa posib paske fòs la se nan tèt kole li ye.

N ap di mèsi ak tout sipòtè nou yo.

Si w ta renmen patwone aktivite sa, kontakte Jeunesse et Lecture nan nimewo sa yo: 3639-6642 (whatsapp)/4342-6928 oswa ekri sou Messenger nan Laboussole Artibonite.

Pou wè foto yo, klike la:👇
https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=764498107230152&id=100010099089675

mercredi 14 novembre 2018

ABA RESTAVÈK AN AYITI!



Tèks : VII-XI-XC

Nan peyi kote moun ap reflechi, kote moun trete moun tankou moun se timoun ki gen premye plas. Se ak timoun yo chanjman nan peyi sa yo kòmanse, nan tout branch ki nan sosyete a.

Se sa ki pouse peyi sa yo, ki gen moun ak tèt bay plas ak tout fanmi, fanmi akèy kote yon timoun ki òfelen, nenpòt jan sa ye, opòtinite entegre yon fanmi san kè sote.

Davans, timoun lan pran konfyans ke l pap sibi okenn diskriminasyon nan fanmi li antre a. Paske tretman yo menm, li jwenn tout lanmou li pat menm espere.

Poutan, nan peyi nou timoun yo prefere mennen yon vi kokorat olye yo rete kay madanm ak mesye. Yo pa manje byen, yo pa dòmi byen, yo pa janm byen abiye.

Timoun yo vinn parantifye, kote se yo k ap gade, pwoteje timoun menm laj ak yo. Pandan manman ak papa chita la sou fòtèy yo, ap pase lòd.

Se yo ki fè manje a bay drese, men yo toujou bliye retire pou yo. Se yo ankò ki pou mennen timoun menm laj ak yo lekòl nan kay la. Yo pye atè nan tout lari, madanm ap maltrete yo, legliz pa voye zye sou yo, se koze lajan yo  ki enpòtan.

Bokit dlo y ap redi pote granmoun paka potel. Yo pagen dwa fè okenn okenn komantè nan fanmi an. Tout moun dòmi sou matla men pou yo natrès pap janm pase mòd, sapat trui, boyo se pou yo sa vann nan mache.

Dwa pale yo se di manje a kwit, baryè a frape wi matant, tonton dlo pouw benyen an pare, marenn voyem nan mache pandan y ap pran malonèt chen dèyèl.
Leta nou an menm ki deja rete ak moun pa wè Kòman, ni deside kòman sove lavi timoun sa yo.

Dim kote yon peyi ki pa bay timoun chans pou yo viv prale. Eske pagen yon kreyatè ki ekziste k ap gade jan ti pitit li yo ap soufri anba men mechan yo ?
Eske l ap rete san l pa janm di yon mo pou yo ?

Jodi a jenès la kanpe pou di non ak restavèk nan peyi a. Bay timoun yo yon chans pou yo prepare avni peyi a. Sispann toksike lespri yo ak move souvni, yo merite respè nou, yo se avni peyi a lonje lanmen ba yo.

Pagen moun san defo ak kalite, donk timoun yo se moun tankou tout moun. An nou sipòte yo, kore yo menm jan nou jwenn lòt moun fè sa pou nou pandan y ap sipòte nou ak defo epi bann respè pou kalite nou.

N ap rele aba fanmi otorirè, fanmi dezangaje, fanmi pèmisif sa yo. Nou fè apèl ak fanmi demokrat, fanmi ki sa yo ki konnen tout timoun se timoun, tout gen devwa ak  dwa yo nan sosyete a.

Timoun ou neglije jodi a, se li ki pa p pè, ni neglije mete fen nan lavi w pita.

Aba restavèk an Ayiti !

Enspirasyon zero sèt, onz, katreven dis la mande yon chans pou timoun yo.

Ekriven : Brousseau Volcius

samedi 20 octobre 2018

Reponn mwen vit!


Premye lèt

Si w ta vle renmen l ak tout kè w san anyen pa ka brannen relasyon nou, pit fim, chache konnen kilès li ye avan. Lè tout moun pap vle sipòte l, ou pap jwenn pyès rezon pou w kite l paske tèt fè mal pa vle di pou w koupe tèt ou.

Si w ta vle genyen l pou tout tan san move sitiyasyon lavi pa fè l ale, pit fim, pa pè pèdi l sizanka li ta vle w fè sa ki ka fè w pèdi valè w, paske moun ki fè w damou jodi ka fè w pèdi gou lanmou demen.

Si paran w pa ta vle l pou ou, yo joure w, kale w, refize peye lekòl pou ou jis yo ta menm vle mete w deyò, mande l si l konn valè dlo nan je fanm, paske anpil fwa, dezakò paran se lafimen nan dife gason matcho. Kou w boule w konnen.

Si l ta di w li renmen w pou lavi, se ou sèl li genyen, mande l kòd telefòn li. Pa fòse l ni chache jwenn li lòt fason ni sezi l paske moun ki genyen w sèl pap kite pèsonn vin met divizyon nan relasyon li.

Pit fim, lè w damou ou se yon ti jwèt apil, yon egare, yon moun fou. Menaj ou gen plis otorite sou ou ke paran w ak tout kòd fanmi w. Lè w damou ou avèg, ou entatad. Map gentan fin eksplike w trezò mwen. Domaj, manmi w pap gen kouraj pou l di w sa m ekri w yo la se verite. Ou tap konprann poukisa tout moun nan katye a ap di papi w jalou.

Vwazinay ap di w deplwaye zèl ou pou w vole men se yo wi ki pral di paran w, ou gen lontan wap paweze anlè a ou pa vle  desann. Lè zèl ou kase, se yo kap vin tou swe tou bouke pou di yo te wè sa pou jan w tap bat kò w nan lèzè.

Ou tande mizik *Lè fanm damou w* lan deja? Chache l, tande l, analize l, chante l, voye l ba li epi mande l si l konprann. Nenpòt repons li ba w la, konnen gen bon gason kap chache bon fanm menm jan gen move fanm kap gate bon gason. Sa m renmen nan mizik la, se lè atis la di: *yon chans konsa, se sa yon blòdè ta vle genyen*. Kidonk, si w se yon bon fanm, ou ka chanje lavi yon bredjenn. Sa ka fè w sezi, men konnen se sèl Jezi ak fanm ki ka chanje lemond. Chak nan sans pa yo, antouka.

Domaj, anpil moun meprize Jezi e anpil fanm pa konn valè yo. Alò, menmsi w pa ka pran tout gason pou w chanje lemond, mennen bak ou byen pou si w ta vin madan yon prezidan pou w chanje yon peyi. Pa limite potansyalite w, rèv ou, vizyon w, konba w ak lafwa w.

Pitanm, renmen se yon konba. Franchman, si anpil fanm te goumen pou yo renmen mari yo, sosyete a tap gen mwens pwoblèm ak tout vye zak malonèt sa yo nap tande chak jou. Sou sa ankò, ma gentan ba w plis esplikasyon paske se pa tout bagay nou ka detaye nan lèt sa.

Pandan m ap ekri w la, gen madanm la kap dòmi bò kote mari yo. E se la plas anpil fanm ki vle patisipe nan chanjman lasosyete ye: bò kote gason li renmen an san kè sote ni lide moun kap vin bare yo jis yo di: banm pam, piyay, m ladann tou. Kot mariaw, pa gen bèl fanm, ni bèl vwa, ni konn pale fransè. Lajistis fèmen vagabon nan prizon pou dezòd, fanm fèmen gason nan kay pou damou. 21, 31. Ou pap konprann nèt men se la tout ti kapris, sere ti kò, demwazèl, timid ak tentennad fini.

Tibway kap gen pou dekouvri tout ti sekrè w yo dwe yon ewo, yon bon sòlda, yon gason ki konnen kola debouche pa tounen nan glasè. E si w ta gentan fin pase swaf bon jèn jan, pa kite l kontinye bwè jis li rebite w. Ti kras ki rete a ka pase swaf vwayajè nan mitan dezè. Gaz pou Lejip.

Fè m repons touswit e pa pè di m sa k fè w byen ak sa k fè w mal. Menmsi l ap blese m, pito w di l paske verite blese, senserite geri. Lè lapli fin mouye latè se solèy ki seche l.

San move entansyon!

Nan "Tikoze ak pitfim"

JDE

M ap tounen nan peyanm



Timesye, n a sonje m te di nou m ap fè zèl e m te kenbe pwomès mwen. Pa bliye m te di m te ka tounen tou depi bagay yo vin miyò. Anben, se te byen konte mal kalkile. Move lavi vire bagay yo. Malerèz la fèk tanmen nan depanse.

M te soti al bouske lavi. Men m te vann anpil lavi pou m te ka pran chemen lèzè. Aprè tout mizè m te fin pase, m reyalize viv isit se te yon rèv m te prete. Sa k te pran m Bondye mete m la?

Poutan, nou gen dimil rezon pou n la. Pito nou anba syèl la ap gade lavi nan miwa pase pou de je nou fèmen ap tande lavi kap jwaye kay jwajwa.

Gen nan nou ki la pou fanmi. Chay la lou: pri  lavi ap monte, pri sèkèy ap monte. Ou ta di viv ak mouri gen menm pri. Ret bèbè ak pale pou di verite bay menm doulè. Sila ki ka reziste marye ak madan reziyasyon, sila ki bouke vle dechouke. Manzè lalwa chita de men nan machwè ap gade. Poutan, m te toujou panse de je l bande. Isi, limyè fè nwa kou tounen Lila.

Pri malè nou ap monte, pri mizè nou ap monte. Ranpli tout fòmalite se kondisyon pou yo pa janm tcheke CV ou. Plis ou montre w kapab, se mwens ou valab. Douvan sosyete sa, yon imaj vo mil betiz, mil kritik, mil eskiz, mil mepri. Sa kap pase sou fes la kolonize aktyalite a plis pase sa ki ekri nan liv ak sou tablo.

Se tikal kalkil ki te fè m vire do bay lespwa ki tap drive kay kòmè pwomès anba gwo sole cho. M te chwazi vann san m pou m vin chache lavi anba fredi men sanble destine pat mete dlo pou mwen. M ap tounen mesye!

M ap tounen men tanpri pa fawouche m. M ap tounen men m anvi dòmi pou m tou pèdi nan yon rèv san fen. Elas, dèt mwen yo ak klas sa m pral refè a pa sispann twouble somèy mwen. Se pandan tout lannwit m ap tande vwa ensekirite, lavi chè, pwoblèm kouran, bri chomaj, ason divizyon ki anpeche m repoze lespri m.

Men m ap tounen. Nan premye oswa nan dizwityèm nan, m ap vole. Kay la te chaje marengwen se vre men kite plas pou mwen. San peche yo ta jwenn tchotcho a, m ta byen kontan regrèt m te kite tè lespwa pou al siye peron vwazinay.

JDE

mardi 2 octobre 2018

Kisa Liancourt Challenge ye ?



Liancourt Challenge se yon ide ki vini apati de yon refleksyon ke James Ophin, Ikapi Plis Bab ak Roro Rods Elias Dorceus etc.. tap fè nan semèn ki pase yo, kote ke yo vle sansibilize tout sitwayen Lyankou ki nan dyaspora a ak an Ayiti pou mete tèt yo ansanm pou fè sosyal ak devlopman durab nan Lyankou. Sitwayen sa yo estime ke akoz defayans Leta a li nesesè pou popilasyon an mete tèt yo ansanm pou chanje imaj zòn yo ak peyi a.

Anpil moun deja anbrase inisyativ la e yo deja ap travay sou anpil pwojè pou zòn nan, men annatandan yo deside dote Lyankou de yon sèvis Vwari (Voirie). Pwojè saa vini aprè konsta ke yo fè sou vil la pandan e aprè lapli fin tonbe kote zòn nan 1pratikab ak gwo dlo ki loje sou tout wout yo ki vin bay move 1presyon de zòn nan e ki mete tout sitwayen yo nan difikilte pou vakye ak okipasyon yo.


Yon sèvis Vwari mande yon gwo akonpayman lojistik se rezon sa ki fè ke mesye yo mande kolaborasyon tout moun nan fason kew kapab li mèt te yon pèl oubyen yon bourèt pou ede zòn nan soti nan difikilte sa a.

Liancourt Challenge konsènem e li dwe konsène tout moun. Annatandan suiv paj Facebook Liancourt Challenge lan poun konnen ki sa kap fèt epi kijan poun bay patisyon nou.

Emetil Blerkenson
26 septanm 2018

dimanche 18 février 2018

Les 16 jeunes qui ont marqué Jeunesse et Lecture en 2017.




Ils sont plus d’une cinquantaine de jeunes qui ont participé activement aux
activités de Jeunesse et Lecture. Je (JDE) vous dévoile 16 d'entre eux qui ont marqué leur passage dans les activités de Jeunesse et Lecture durant l’année 2017.

1. Katicha Lubérisse (infirmière, écrivain)

C’est une liancourtoise qui croit en ses capacités, déjà une combattante pour la
cause des femmes. Ce qui lui a valu le titre “Découvrir le potentiel d’une femme” à
la 21e édition de Livres en folie dans les éditions Jeunesse et Lecture. Elle a eu un succès inattendu. Son livre a fait l'objet d'une critique dans les colonnes de Le Nouvelliste, le plus grand journal écrit du pays. Katicha est
membre de l’atelier La Relève. Elle a publié quatre
livrets: Éclosion du cœur (2016, en collaboration avec Edgard Sadaïna), Randevou ak lavi (Verrettes, Juin 2017), Découvrir le potentiel d’une
femme (P-au-P, Livres en folie, juin 2017) et Twa Wòch Dife (Liancourt,
décembre 2017). Bonne continuité Katicha !

2. Waldens Constant
 (travailleur social, penseur)

Le penseur timide, voilà comment je décris Waldens Constant, souhaitant qu'il ne l'est plus puisque son vieux père Mugabé a été forcé de quitter le pouvoir au Zimbwabé. Sur Facebook, il
ne ratera pas une journée sans publier au moins une pensée pour exciter le rire, conseiller les jeunes amants et les amitiés. L’une plus agréable que l’autre, d’autres plus intéressantes aujourd’hui
que celles qu’on a lues hier. Waldens a su choisir ses mots, créoles en majorité, pour peindre la société, les femmes et certaines tendances égoïstes. Ses textes sont, pour la plupart, une véritable radiographie de la société haïtienne. Et un jour, je me dis que je vais lui
proposer de sortir un recueil de pensées afin de les sauvegarder et de les
communiquer aux lecteurs qui n’ont pas accès à l’internet. Au début, il n’était pas
d’accord, mais quelques jours après, il a fini par accepter et la date du premier mai
2017 a été choisie pour la vente signature de son tout premier recueil de 200 textes
intitulé “Ti koze pou grandi nan lespri”. Ceux qui l’ont déjà lu sont encore dans
l’attente du second volume. Félicitations Waldens!

3. Destinvil Medjina (chanteuse, élève du NS1)

Qui l’aurait cru? Peut-être les membres de sa famille avec qui elle vit et ses camarades de classe. Cependant, il a fallu environ une année pour découvrir l’un des talents de Medjina
Destinvil dans la première chanson de Noël de Mengela Lubérisse intitulé “Si w ap
vini Ton nwèl.”(2016, GPM RECORDS). En 2017, Medjina a beaucoup amélioré sa voix et s’est imposée
dans “Nwèl Pataj” où sa voix a vraiment brillé dans  les variations. D’ailleurs, c’est elle
qui a aidé Samantha dans la chanson “Pou nwèl la ka pi bèl”. Espérons qu’elle
nous épatera davantage en décembre 2018. En outre, Medjina a souvent accompagné le staff
de Jeunesse et Lecture dans ses activités étant que secrétaire adjointe. Bravo Medjina!

4. Landina Lubérisse (Etudiante en biologie médicale)

On dit souvent qu’il faut être ami d’une personne pour la mieux connaître et
découvrir ses capacités. Landina en est un exemple! Invitée par son grand frère
Cherlenson Lubérisse à une journée de réflexion à l’Ecole Dabalor, Landina a
accepté de participer à un concours de résumé sur le recueil de poèmes de Katicha
Lubérisse, “Randevou ak lavi”. Elle a remporté le premier prix et a reçu un cadeau spécial de Web Multi-Services et d'Alexis Fortuné qui, depuis
Canada, a supporté cette initiative. Landina a aussi participé à la première édition
du concours de textes organisé par LYANKOU GEN TALAN sur Facebook où elle a été
éliminée à la deuxième phase.Félicitations Landi!

5. Derlie Présendieu (poétesse en herbe, projet d’étude en cours)

Ceux qui la voient diront hâtivement qu’elle est une chinoise. Juste pour rire!
Derlie, très timide pourtant, cache en elle un talent que le grand public allait
découvrir dans la première édition du concours de texte de LGT sur Facebook en
décembre 2017. Grâce à ses deux textes “Ou fè m mal” et “M pa ka viv san ou”, elle a remporté le premier prix, suivie de Joana Lubérisse. Derlie a été honorée le 18 décembre 2017 à La Belle Vie Restau Bar à l’occasion du
6e anniversaire de Jeunesse et Lecture. J’attends impatiemment une vingtaine de
textes de Derlie pour son premier recueil en 2018. Bonne continuité !!!

6. Mengela Lubérisse (chanteuse, élève de 9e A.F)

J’ai découvert son talent lors de l’émission Lyankou Gen Talan (LGT), soit en 2016 à la Radio Paradis FM (Liancourt). Elle
avait interprété “Kite m kriye” de Rutshel, l'une des femmes influentes de 2017. C’était tellement bien que je l’avais proposée de chanter un texte de Noël la même année: Si w ap vini Ton Nwèl". Avec le
support de Mayette Jeff, dit Eff-Pako de GPM Records, le projet s’est vite réalisé
et la musique a été bien appréciée par les mélomanes en dépit de son imperfection.
En 2017, Mengela a progressé et c’était le tour Rodney Jérôme dit Rodj de Dream
Music pour l'enregistrement. C’était une très belle expérience. Elle a déposé sa voix comme une artiste
qui connait le métier depuis plusieurs années. A son âge, on peut beaucoup espérer
de cette fillette qui a besoin de l’encadrement pour faire une belle carrière dans la
musique haïtienne. Félicitations Mengela !!!

7. Hudtchy Déméus (poète en herbe, communicateur, étudiant en Géographie)

J’ai fait connaissance de son talent avant même qu’il a soumis son texte
“Dechennen” pour participer à la deuxième édition du concours de textes de La
Boussole (LGT). Vous devriez écouter cette chanson du groupe EKLEKTIK 05 (Maestro Ronald de ROC Beats) titré "Lekti" pour apprécier ce jeune chanteur liancourtois qui prend son temps de soigner ses
textes. En analysant "Dechennen", Sterluz de Payen essaie de tirer l'image d'un grand personnage en Hudtchy. Aidé par plusieurs promoteurs, il a remporté le premier prix de la deuxième édition du
concours de textes de Noël sur le thème “Nwèl pa m” mettant en compétition 11 concurrents.
Hudtchy travaille sur des projets en commun qu’il n’a pas encore dévoilés au grand
public. Cependant, Jeunesse et Lecture a promis de l’aider à imprimer une centaine de livres et
sortir un album de textes poétiques. Succès continu Hudtchy!

8. Joana Lubérisse (projet d’étude en cours)

Timide avec les étrangers, très ouverte avec ses proches. C’est une
passionnée de séries télévisées. Toujours souriante, Joana a surpris plus d’un avec son texte
“M pa ka viv san li” sur les réseaux sociaux. Elle dit l'avoir écrit pour un jeu, et le jeu a changé au sérieux jusqu'à faire d'elle une étoile sur les réseaux sociaux pendant plus de trois jours. N'était-ce pas son texte, La Boussole n'aurait pas eu l'intention d'organiser un concours au grand public jusqu'à attirer le support des entreprises et de grandes personnalités de Liancourt, telles que Rovin Désir (Le BOMAT), l'ex-ministre Jean Beauvois Dorsonne, Emetil Blerkenson (CUBANA PROVISIONS ALIMENTAIRES), Dérisma Esdras (École Dabalor), Philémon Desty Estiverne (Radio Paradis FM), Mesidor Mendel (directeur de la Mairie de Verrettes), pasteur Joseph Watson (Borel), pour ne citer que ceux-là. Merci infiniment Joana!

9. Stefy Dieujuste (étudiante en sciences économiques et génie électronique)

Stefy, ou Stef pour les amis, est une jeune liancourtoise qui porte déjà plusieurs chapeaux. Très Intéressant ! À part ses études universitaires, Stef est arbitre, journaliste sportif. Elle pratique la batterie et joue au tambour. Je ne crois pas qu'il y avait un autre jeune plus interessé qu'elle lors de l'inscription au concours "Nwèl pa m". Et dans la première phase, elle a devancé tous les concurrents avec 291 points, suivie de Loubencia. Vient la caravane des promoteurs de Hudtchy qui occupait la 8e place dans la première phase, Stef se trouvera désormais en deuxième position jusqu'à la finale avec un désavantage de 91 points, suivie de Moril Exantus avec 216 points. Stef a plusieurs projets en cours dont la sortie d'un recueil de textes promise par Jeunesse et Lecture. Un grand avenir t'attend Stef, ne recule pas!!!

10. Moril Exantus (étudiant en sciences du développement)

Ecrire est l'une des passions de Moril, le jeune, comme beaucoup d'autres, qui a peur de publier ses oeuvres. Il sait écrire des poèmes et est co-auteur d'un feuilleton avec sa cousine Nancia. Moril a remporté le troisième prix du concours de textes "Nwèl pa m". A l'instar de Hudtchy et de Stef, il a bénéficié d'un contrat d'impression de livres aux éditions Jeunesse et Lecture. Fonce Moril, le succès est à toi!!!

11. Samantha Fragé (chanteuse, animatrice de radio, projet d'étude en cours)

De tempérament doux, apparemment sournoise, Samantha est porteuse d'une voix éclatante. On a découvert son talent en novembre 2017 lors de l'anniversaire de Katicha Lubérisse à La Belle Vie Restaur Bar où elle a interprété une chanson évangélique. Le comité a jugé nécessaire de l'encadrer en commençant par le projet d'une chanson de Noël: Pou Nwèl la ka pi bèl. Je ne cesse pas de l'écouter, comme si le père Noël viendra à la fin du mois de janvier 2018. Jeunesse et Lecture attend plus de motivations chez Samantha pour signer un contrat d'album en 2018. Vas-y Saman!!!

12. Bergdjy Lafortune (professeur, animateur de radio, projet d'étude en cours)

De courte taille, amant du rire et fils très docile, Berdjy va marquer son passage à Jeunesse et Lecture en peu de jours à la fin de 2017. Dans l'apparence, vous verrez un garçonnet de 14 ans, mais ses capacités et ses dévouements en disent plus. Berdgy sait maîtriser son micro quand il anime l'émission Parad'matinal sur Radio Paradis FM. Son plus grand rêve est de devenir médecin. Dans l'attente, il voue son support à la cause de Jeunesse et Lecture. Félicitations Berdjy!!!

13. Vanessa Destin (écrivain en herbe, future polyglotte, danseuse, conseillère)

C'est juste une enfant de moins de 17 ans: Vanessa Renandina Destin. Elle vit loin de nous qui luttons pour la cause de la lecture et les talents des jeunes, pourtant elle est si près de nous que sa présence nous aide beaucoup dans la réalisation de nos projets en Haïti et sur les réseaux sociaux. D'ailleurs, elle est la secrétaire générale de J&L. Pour ses supports, ses idées et son travail à distance, nous n'avons que 6 mots pour conclure cette description : merci Vane , tu es une surdouée. Continue de philosopher!!!

14. Sophia Destin (pâtissière, présidente de SOJIDHA)

Femme d'activité, Sophia Destin est une jeune battante. Aidée par ses deux soeurs, Medjina et Élizabeth, Sophia peut offrir le monde artibonitien de quoi déguster durant une soirée spéciale. Elle nous a accompagnés dans la majorité de nos expositions en 2017: à Liancourt, à Verrettes et au lancement de la bibliothèque du Centre d'Etudes de Liancourt. Et pour la finale du concours "Nwèl pa m", elle a prêté mainte forte à Joana pour servir les finalistes et les invités. Nous espérons que ses produits soient plus succulents en 2018. Que du succès Sophie!!!

15. John Bob Widely Joseph (poète en herbe, écolier)

Bob est d'abord un comédien en sourdine, puis un gentil garçon et finalement un poète prometteur. Vous êtes mon mentor, me dit-il toujours et j'ai l'espoir qu'il me dépassera un jour. Bon avait remporté le deuxième prix du concours de résumé sur le recueil de textes de Katicha Lubérisse en août 2017. Il prépare déjà plusieurs textes pour la sortie de son premier premier recueil en 2018. Bienvenue Bob dans le monde des poètes.

16. Brousseau Volcius (penseur, guitariste, chanteur, professeur d'anglais, prédicateur)

"Sa w dwe konnen" et "Citation du jour" sont les deux rubriques qui marquent la présence de Brousseau sur les réseaux sociaux. Il est l'administrateur de la page Laboussole Artibonite (pas le compte Laboussole Artibonite). Avec Catheline Laurent, il a sorti une chanson de Noël en 2016. Actuellement, il prépare son album dénommé "Konfizyon". Plusieurs titres sont déjà partagés sur les réseaux sociaux. Brousseau est aussi responsable de communication à Jeunesse et Lecture. C'est un jeune fougueux et passionné des activités juvéniles, un philosophe en quête de la vérité. Du courage mon frère. La route est longue, seuls les jusqu'au-boutistes arriveront au bout du tunnel.

N'y a t-il pas d'autres noms qui devraient faire partie de cette liste? Évidemment, mais j'attends plus que ce que j'ai vu et je promets de surprises à couper le souffle en décembre 2018 si Dieu le veut.


"Chaje Talan,
Manke ankadreman."

Jérôme Dorsonne Emerson (JDE)
03 janvier 2018
Texte soumis

Dwa w pa ba w tout dwa

Pa dakò ak yon moun, nan sa l di ak sa l panse pa vle di tout moun pa dakò avèk li. Okontrè, pafwa, nan rann piblik sa w panse mal pou yon moun ka vin rann li pi popilè paske w konn bliye menm pouvwa pawòl ou gen pou destabilize a, se li menm tou lòt moun lan genyen.

Nan koze sa, gen anpil moun, nou konnen deja, ki rive pran pouvwa gras ak diskredi sosyete a. Mwen pa vin apwouve men m vin eksplike.

Dwa w genyen pou w kont mwen pa ba w dwa pou w detwi m paske pèsonalite m ak lavi m se youn fason m panse e lòt kado Bondye. Si w pa renmen pèsonalite m, ou pa renmen fason m panse. E mwen pa oblije yon fason ki fè w plezi paske la ankò se dwa pa m pou m panse jan m panse.

Ou ka kont yon moun san w pa swete echèk li, ni tounen enmi l. Sinon, li ka gen rezon paske menm jan w kont li an, li ka kont rezon ki fè w kont li.

Dwa pou w pa dakò pa ba w dwa pou w detwi sa w pa dakò, paske nou tout gen dwa, nou tout dwe viv. E menm lanmò se yon dwa e yon devwa an menm tan. M dwe viv, l dwe aksepte mouri. Devwa m se viv pou m pa regrèt lanmò.

Konprann se yon devwa. Lè w fè kòmsi w pa konprann, ou vyole dwa konsyans ou ba w pou w rekonèt sa ki bon, sa ki dwat, sa ki reyèl, sa ki sanse. Goumen ak tèt ou pou w kont sa k dwat se goumen kont devwa w.

Nan sa ki gen awè ak filozofi, dwa se fondman règ yo, kòd yo ki regle rapò ant moun k ap viv nan sosyete a. Konsa, ou konprann dwa w lè w konnen e respekte règ sa yo. Sinon, ou vyole dwa tout moun. Se respè dwa w ki lye ak lalwa ki fè w lib. Libète se prèv ou respekte lalwa ki ba w dwa pou w respekte dwa lòt moun.

Ou gen dwa lè w libète w an danje. Lè moun vle vyole l, pyetine l, domine l. Men pandan w ap defann dwa w, fò w evite vyole dwa yon lòt. Se sa ki fè tout konba ki mete w nan pozisyon pou w vyole dwa yon lòt moun fini souvan nan lagè, diskòd ak zizani san finisman.

Nan lit w ap mennen pou w fè filozofi w pasyone e motive lòt moun ki gen dwa e ki ta kont dwa w, fòk ou aksepte pèdi. Pèdi paske dwa w gen limit, paske libète lòt moun nan anje, devwa lòt moun lan fèt nan fòse.

Gen kèk ti batay ou oblije pèdi pou w ka gen pi gwo viktwa yo. Gen kèk gwo batay ou oblije evite tou pou nenpòt ti batay pa fè w pèdi nèt.

Aprann sa jodi a:

✔ Lè w pèdi anpil, ou konn anpil mwayen pou w genyen

✔ Lè w genyen twòp, sa konn fè w pa bay gwo viktwa valè

M ap viv
M ap aprann
M ap konprann

JDE

mercredi 7 février 2018

Konkou: Pwòpte se devwa tout sitwayen



Nan objektif pou ede elèv lekòl nan komin Vèrèt ak Lyankou, direksyon Bibliothèque Communautaire de Deschapelles mete sou pye, yon dezyèm fwa, yon konkou tèks k ap mete anfas elèv lekòl nan klas Segondè 1, 2, 3 ak Filo, sou tèm *“Pwòpte se devwa tout sitwayen”*.

I. KONDISYON POU PATISIPE

Men kondisyon pou w patisipe nan konkou a:

1. Elèv nan klas Segondè I, II, III ak Filo

2. Elèv nan lekòl ki nan komin Vèrèt ak komin Lyankou

3. Ranpli yon fòmilè enskripsyon

4. Fè 1 foto idantite nan bibliyotèk la

5. Patisipe nan yon reyinyon sou òganizasyon konkou a jou k ap samdi 17 fevriye 2018 la

6. Entegre yon gwoup whatsapp pou jwenn tout enfòmasyon sou konkou a aprè enskripsyon an valide.

II. DEWOULMAN KONKOU A

Konkou a ap gen plizyè faz. Chak faz ap gen eliminasyon ak kalifikasyon depan kantite konkiran yo.

III. PRENSIP JENERAL

Prensip sa yo ap ede konkiran yo, piblik la konprann filozofi ak dewoulman konkou a.

1. Tout konkiran dwe respekte prensip konkou a.

2. Tout konkiran dwe respekte pèsonalite ak jijman jiri a.

3. Si gen kontestasyon, l ap fèt selon rezolisyon k ap pran nan jou reyinyon 24 fevriye a.

4. Si yon konkiran pa patisipe nan yon faz, li tou elimine, kèlkeswa rezon absans la.

5. Yon tèks ki fin soumèt pa ka modifye.

6. Tout konkiran dwe respekte tèm konkou a ak plan ki bay la.

7. Tèks la dwe tape sou òdinatè pou l soumèt bay direksyon an nan dat kap fikse aprè 24 fevriye nan jou reyinyon an.

8. Tèks 3 konkiran yo ap pibliye sou paj facebook bibliyotèk la pou tout moun li yo e kòmante yo, men sa pa konte nan pwen.

9. Ap gen 3 pri pou 3 tèks ki jwenn plis pwen yo.

10. Pa kopye sa lòt moun ekri pou fè pase pa w (plajya). Konkiran an tou anile.

11. Respekte tan ki bay pou w ekspoze e reponn kesyon yo

12. Pa depase kantite paj ki egzije a

IV. SOUMISYON TÈKS YO

Aprè enskripsyon an, konkiran an dwe soumèt tèks li nan Bibliyotèk la nan respè pou prensip sa yo:

1. Tèks la dwe ekri nan lang kreyòl.

2. Tèks la dwe tape sou òdinatè sou 5 paj pou pi plis (paj kouvèti pa konte)

3. Tèks la dwe vin sou 2 fòm:

1) sou papye

2) sou PDF nan imèl oswa whatsapp

4. Maj la dwe nòmal, entèliy 1.5, karaktè Times New Roman e gwosè 12.

5. Règ gramè ak òtograf yo dwe respekte.

6. Tèks la pa dwe pibliye sou rezo sosyal ni nan revi nan zòn konkou a ap fèt la.

V. MANB JIRI YO

Jiri a ap gen twa manb:

1. Lubérisse Katicha (ekriven, powèt)

2. Jean Baptiste Guten Rachad (pwofesè, ekriven/powèt)

3. Beaubrun Wednise (Edikatris, bibliyotekè)

_Plerette Mervil, resous imèn_

VI. PRIM YO

1. 7,000 goud
2. 5,000 goud
3. 3,000 goud

Lòt privilèj

1. Tèks premye pri a ap fè kouvèti La Boussole nan semèn nan

2. 3 tèks finalis yo ap piblye nan yon tiliv nan edisyon Jeunesse et Lecture pou Bibliyotèk la.

VII. Ki kote pou w enskri ?

 Dechapèl (Borèl, Dejaden, Koupon)

- Bibliothèque Communautaire de Deschapelles (Rue de la Bibliothèque, Village Alpha)

Tél: 4265-6006 / 3896-8604

 Vèrèt (Maren, Dezam)

- CLAC Verettes (Rue Pétion, Place des Adoquins, Tel: 3839-4076

 Lyankou (Mowo, Dwèt, Ponsonde)

- J&N: Tél:3639-6642

- Bureau Jeunesse et Lecture/ Tél:3873-7526)

Lòt zòn: Telefòn: 3639-6642

Pa bliye:

1. Pou tout modifikasyon, ajou ak retire, se nan reyinyon an y ap fèt avèk konkiran yo. Se poutèt sa, tout konkiran dwe patisipe.

Jérôme Dorsonne Emerson
Responsab òganizasyon

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...