samedi 20 octobre 2018

Reponn mwen vit!


Premye lèt

Si w ta vle renmen l ak tout kè w san anyen pa ka brannen relasyon nou, pit fim, chache konnen kilès li ye avan. Lè tout moun pap vle sipòte l, ou pap jwenn pyès rezon pou w kite l paske tèt fè mal pa vle di pou w koupe tèt ou.

Si w ta vle genyen l pou tout tan san move sitiyasyon lavi pa fè l ale, pit fim, pa pè pèdi l sizanka li ta vle w fè sa ki ka fè w pèdi valè w, paske moun ki fè w damou jodi ka fè w pèdi gou lanmou demen.

Si paran w pa ta vle l pou ou, yo joure w, kale w, refize peye lekòl pou ou jis yo ta menm vle mete w deyò, mande l si l konn valè dlo nan je fanm, paske anpil fwa, dezakò paran se lafimen nan dife gason matcho. Kou w boule w konnen.

Si l ta di w li renmen w pou lavi, se ou sèl li genyen, mande l kòd telefòn li. Pa fòse l ni chache jwenn li lòt fason ni sezi l paske moun ki genyen w sèl pap kite pèsonn vin met divizyon nan relasyon li.

Pit fim, lè w damou ou se yon ti jwèt apil, yon egare, yon moun fou. Menaj ou gen plis otorite sou ou ke paran w ak tout kòd fanmi w. Lè w damou ou avèg, ou entatad. Map gentan fin eksplike w trezò mwen. Domaj, manmi w pap gen kouraj pou l di w sa m ekri w yo la se verite. Ou tap konprann poukisa tout moun nan katye a ap di papi w jalou.

Vwazinay ap di w deplwaye zèl ou pou w vole men se yo wi ki pral di paran w, ou gen lontan wap paweze anlè a ou pa vle  desann. Lè zèl ou kase, se yo kap vin tou swe tou bouke pou di yo te wè sa pou jan w tap bat kò w nan lèzè.

Ou tande mizik *Lè fanm damou w* lan deja? Chache l, tande l, analize l, chante l, voye l ba li epi mande l si l konprann. Nenpòt repons li ba w la, konnen gen bon gason kap chache bon fanm menm jan gen move fanm kap gate bon gason. Sa m renmen nan mizik la, se lè atis la di: *yon chans konsa, se sa yon blòdè ta vle genyen*. Kidonk, si w se yon bon fanm, ou ka chanje lavi yon bredjenn. Sa ka fè w sezi, men konnen se sèl Jezi ak fanm ki ka chanje lemond. Chak nan sans pa yo, antouka.

Domaj, anpil moun meprize Jezi e anpil fanm pa konn valè yo. Alò, menmsi w pa ka pran tout gason pou w chanje lemond, mennen bak ou byen pou si w ta vin madan yon prezidan pou w chanje yon peyi. Pa limite potansyalite w, rèv ou, vizyon w, konba w ak lafwa w.

Pitanm, renmen se yon konba. Franchman, si anpil fanm te goumen pou yo renmen mari yo, sosyete a tap gen mwens pwoblèm ak tout vye zak malonèt sa yo nap tande chak jou. Sou sa ankò, ma gentan ba w plis esplikasyon paske se pa tout bagay nou ka detaye nan lèt sa.

Pandan m ap ekri w la, gen madanm la kap dòmi bò kote mari yo. E se la plas anpil fanm ki vle patisipe nan chanjman lasosyete ye: bò kote gason li renmen an san kè sote ni lide moun kap vin bare yo jis yo di: banm pam, piyay, m ladann tou. Kot mariaw, pa gen bèl fanm, ni bèl vwa, ni konn pale fransè. Lajistis fèmen vagabon nan prizon pou dezòd, fanm fèmen gason nan kay pou damou. 21, 31. Ou pap konprann nèt men se la tout ti kapris, sere ti kò, demwazèl, timid ak tentennad fini.

Tibway kap gen pou dekouvri tout ti sekrè w yo dwe yon ewo, yon bon sòlda, yon gason ki konnen kola debouche pa tounen nan glasè. E si w ta gentan fin pase swaf bon jèn jan, pa kite l kontinye bwè jis li rebite w. Ti kras ki rete a ka pase swaf vwayajè nan mitan dezè. Gaz pou Lejip.

Fè m repons touswit e pa pè di m sa k fè w byen ak sa k fè w mal. Menmsi l ap blese m, pito w di l paske verite blese, senserite geri. Lè lapli fin mouye latè se solèy ki seche l.

San move entansyon!

Nan "Tikoze ak pitfim"

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...