samedi 20 octobre 2018

M ap tounen nan peyanm



Timesye, n a sonje m te di nou m ap fè zèl e m te kenbe pwomès mwen. Pa bliye m te di m te ka tounen tou depi bagay yo vin miyò. Anben, se te byen konte mal kalkile. Move lavi vire bagay yo. Malerèz la fèk tanmen nan depanse.

M te soti al bouske lavi. Men m te vann anpil lavi pou m te ka pran chemen lèzè. Aprè tout mizè m te fin pase, m reyalize viv isit se te yon rèv m te prete. Sa k te pran m Bondye mete m la?

Poutan, nou gen dimil rezon pou n la. Pito nou anba syèl la ap gade lavi nan miwa pase pou de je nou fèmen ap tande lavi kap jwaye kay jwajwa.

Gen nan nou ki la pou fanmi. Chay la lou: pri  lavi ap monte, pri sèkèy ap monte. Ou ta di viv ak mouri gen menm pri. Ret bèbè ak pale pou di verite bay menm doulè. Sila ki ka reziste marye ak madan reziyasyon, sila ki bouke vle dechouke. Manzè lalwa chita de men nan machwè ap gade. Poutan, m te toujou panse de je l bande. Isi, limyè fè nwa kou tounen Lila.

Pri malè nou ap monte, pri mizè nou ap monte. Ranpli tout fòmalite se kondisyon pou yo pa janm tcheke CV ou. Plis ou montre w kapab, se mwens ou valab. Douvan sosyete sa, yon imaj vo mil betiz, mil kritik, mil eskiz, mil mepri. Sa kap pase sou fes la kolonize aktyalite a plis pase sa ki ekri nan liv ak sou tablo.

Se tikal kalkil ki te fè m vire do bay lespwa ki tap drive kay kòmè pwomès anba gwo sole cho. M te chwazi vann san m pou m vin chache lavi anba fredi men sanble destine pat mete dlo pou mwen. M ap tounen mesye!

M ap tounen men tanpri pa fawouche m. M ap tounen men m anvi dòmi pou m tou pèdi nan yon rèv san fen. Elas, dèt mwen yo ak klas sa m pral refè a pa sispann twouble somèy mwen. Se pandan tout lannwit m ap tande vwa ensekirite, lavi chè, pwoblèm kouran, bri chomaj, ason divizyon ki anpeche m repoze lespri m.

Men m ap tounen. Nan premye oswa nan dizwityèm nan, m ap vole. Kay la te chaje marengwen se vre men kite plas pou mwen. San peche yo ta jwenn tchotcho a, m ta byen kontan regrèt m te kite tè lespwa pou al siye peron vwazinay.

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...