dimanche 18 novembre 2018

Ti koze ak pitfim

Twayèm ti koze

Renmen wè lè w bèl pa vle di renmen wè w tankou yon bèl madan marye. Ta anvi rete bò kote w pa vle di anvi ret avè w pou tout tan nan yon kay. Sonje w pa vle di ou okipe tout pati nan lespri yon moun. Ba w tout bèl ti non ki egziste pa vle di w chanje batistè.

Bote w se limyè k ap klere chimen tigason k ap chache wout lavi. Konsa tou, li ka fènwa ki anpeche lasosyete wè vrè vizaj ou. Pran swen li, pran swen kè w, pran swen lang ou pou w pawòl k ap sot nan bouch ou ka fè kò tout zòrèy tranble.

Souri w se kle ki louvri pòt pou ti gason antre nan lakou rèv ou. Konsa tou, li ka rale malè lanvi sou lavi w, fè w pa janm anvi souri pou w pa sonje dega li te fè nan kè w.

Se pou w bèl !
Se pou w souri !
Kite bote w souri !

Premye manti, m tap bò w, se fè w konnen ti gason pa ka di w li renmen w. Dezyèm nan, se ta di w, depi w renmen, w ap echwe. Twazyèm nan, se tap joure w, kale w lè m aprann tout jèn jan lekòl ou, nan katye w, nan legliz ou ap koze avè w.

Chak fwa ou tande yon jennonm di l renmen w, di tèt ou : mwen renmen avni m plis pase w. Konsa, si li pa ka ede w prepare avni w pou l pi bèl, li pa ka renmen w.

Anplis, fòk li ta pran tan l pou l konnen w avan li deklare li renmen w. Yon moun pa dwe renmen w pou bèlte ak kadans kò w. Li dwe renmen tout ou menm : paran w, etid ou, avni w, pèsonalite w, defo w, kalite w ak vizyon w.

Lè w renmen, ou ka echwe, ou ka reyisi. Renmen se bèl bagay men bèl bagay pa fèt an kachèt. Kidonk, si papi w pa ka konnen kilès kap koutize w, siksè w pa entèrese l. Yon jou kanmenm ou gen pou kite kay la, men bat pou w soti ak lonè e respè. Dayè, Bib la di gason an gen pou l kite papa l ak manman l pou l fè yon sèl ak madanm li. Se sa w gen pou w ye. Se sa manman w ye. Pèsonn pa dwe anpeche sa rive. E si te gen moun ki tap anpeche sa, jodi a ou pa tap egziste paske manman w te yon bèl tifi lè m te kwaze l. Malgre tout pale anpil, paran pat dakò, nou met ansanm nou konstwi lavi nou gras Bondye e jodi a, si ou la, mwen pa ka fè kòmsi m pa konn reyalite yo.

Jouman ogmante pasyon ti madanm pou ti konpè. Plis w ap di pitit ou betiz, se plis w ap fè pawòl ti gason byen sonnen pi byen nan zòrèy li. Plis w ap kale tifi pou renmen ti gason, se plis li jwenn rezon pou l sakrifye lavi l pou li, menm jan Jezi te vin mouri pou limanite anba tout mechanste lèzòm.

Asireman, gen papa ki pa konn kòman pou l pwoteje pitit li. Li panse vyolans ka fè l jwenn rezilta. Rezilta ? Wi : manti, sekrè, fo randevou, devwa ansanm, lajenès legliz, kan, match foutbòl…M di w tout bagay prensès mwen, e m gen pou m di w plis toujou paske plis ou tande bon pawòl, se plis w ap vin saj e plis ou vin saj, se plis w ap ka fè yon bon chwa ki ka pèmèt ou viv ere nan fwaye w.

Pa kite moun ap felisite w sèlman pou sa w ye. Si yo pa janm di w defo ou genyen, yo pa prè pou ede w viv ere. Konsa tou, pinga ou kwè yon moun pa renmen w paske l di w sa w fè ki pa bon. Si w ap joure manman w, menaj ou pa di anyen, li pap ede w vin yon manman kap ka fè edikasyon pitit li. Si tout moun ap repwoche w pou yon defo epi li pa janm di w sa tou, li pa renmen w.

Mwen swete w reflechi pou w konprann, pit fim.

 Jerome Dorsonne Emerson Jde
Ti koze ak pitfim

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...