jeudi 27 décembre 2018

Dechapèl: Genel Geffrard: kout je sou 2018, swè pou 2019

2018 te yon ane difisil pou anpil kretyen vivan sou tè d Ayiti. Sitou sila ki pi mal yo. Sa yo rele lese pou kont yo.

Nou pap bliye tou, 2018 la te  mare kòd lonbrit li ak tout kalite pwoblèm nan tout nivo anndan sosyete a, tankou problèm sante, lamajay, ledikasyon, politik, pou n di sa yo senpman san bliye lajan ameriken ki moute kako l sou tèt lekomoni peyi a.

Pou sa n wè anba je n lane sa a, gen de lè n rete, anpil nan problèm sa yo konn pouse n  mande tèt nou chak jou ki jou : poukisa n ap viv?

Gen lòt moun ki konn mande : eskè Bondye panse ak yo tankou li panse ak lòt pitit li yo? Kòmkidire, èske sila ki pi pòv yo pa pitit Bondye tou...?

Sa fè lapenn !

2018, nou pa ka  konte valè imilyasyon pitit peyi a pran nan lòt peyi. Se lawont pou yon pèp kouwè nou ap degèpi kite peyi a pou grangou ak travay... Panse nou ale tou dwat kay sila yo ki mouri nan fon lanmè pwason manje, sa k pèdi lavi yo nan pran woulib anba fil sou fwontyè, Sa k tranche ak kout manchèt nan peyi vwazen a koz yo t al bouske demen miyò.

E san nou pa bliye tou lòt ayisyen yo pa sispann anpile nan avyon tankou sadin pou retounen lakay ak figi yo make desepsyon aprè yo te fin vann tout sa yo te posede pou yo t al chache kot lavi fè kwen.

N ap koube byen ba devan memwa tout frè ak sè nou ki mouri 6-7 jiyè, 17 oktòb ak 18 novanm nan batay pou Byennèt ak Libète a.( batay pou mande lajan petwokaribe a. ) Yon lajan ki te ka fè lavi wòz pou chak ayisyen jenerasyon an jenerasyon.

Radio Lafamilia voye gwo kout chapo pou manman pitit kite mare senti yo pou pèmèt ti moun yo antre lekòl ane a nan yon peyi kote :
- lajan monte bwa
- tout bagay tèt nèg
- grangou ap taye banda nan vant
- grangou ap kraze fwaye
 Epi moun pa vle pataje ak moun.

Se kè nou k ap dechire pou tout jenn fanm ki ansent nan chache mwayen lamanjay...

Se zantray nou k ap rache pou tout jenn dwòg ak pwostitisyon detwi nan yon peyi k ap depafini ti miyèt pa ti miyèt pandan yon seri politisyen fè tout zak malonèt sou do pèp pou jere pouvwa ak lajan...

Yon ti mo pou tout moun kite ede swa yon zanmi, yon frè, yon sè;  pou l te sòti nan yon moman difisil. 

Nou p ap bliye tout malere ak malerèz k ap soufri grangou ki wè manje men yo pa konn ki gou l genyen.

Nou tout wè 2018 s on ane trèv, yon ane grèv, yon ane ki benyen nan san gwo midi pandan kochon ap manje moun...
Moun wi...Hmmmmmm....malgre tout difikilte sa yo, direksyon Lafamilia a ak tout estaf la mete vwa ansanm pou di tout malere, peyizan, ti machann, pwofesè, elèv, medsen elatriye....:Bon lanne 2019!

Epi nou swete lespwa pou  tout moun ki sou kabann lopital, e sila yo ki pa konn kisa demen ap pote. kisa demen ap di...

Se pou 2019 fè kado ak tout fanm vanyan k ap chache yon konpayon

Se pou 2019 seche dlo nan je sila yo ki pèdi lespwa e fè limyè pou  tout timoun ki san manman k ap tann denmen...

Se pou 2019 pote rekonsilyasyon pou tout fwaye kondisyon  lavi te kraze.

Nou swete lane 2019 pral pote siksè pou tout ayisyen  alawonnbadè e nou va g on w lòt peyi ak yon lòt ledikasyon kot tout moun pral viv tankou MOUN.

Radyo lafamilia ap kontinye fè plis jefò pou ban nou pi bon sèvis !

Bon lanne 2019 !

Genel Geffrard
Laboussole Artibonite

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...