jeudi 14 décembre 2017

Yo di vrè renmen pa egziste, èske se vre?

Yo toujou di vrè renmen an pa egziste, e se nan “yo di” sa ki fè anpil moun kwè se vre. Avan w kwè nan “yo di” fòk ou chache konnen ou menm tou kote ‘’yo’’ jwenn sa li di a. Konsa, si nou ta poze kesyon sa: Kote yo jwenn vrè renmen an pa egizste? Wap jwenn de rezilta. Premyeman, ‘’yo’’ pa pèsonn, dezyèmman, “yo” pat jwenn sa pyès kote. 

Gen yon otè ki di : “Si w ta renmen konn Bondye, pa mande moun ki pa konnen li’’. Kidonk, se nòmal pou yon moun ki divòse (se pa tout) oswa ki pa vle marye (se pa tout)  di maryaj pa bon[1], paske li pa ko viv maryaj la jan l dwe ye a e li pa ka ankouraje w marye. Kijan pou w ta fè mande m nan ki ri Legliz Katolik la ye Okap si mwen pa konn Okap? Se yon moun kap viv Okap ki pou pale m de Okap. 

Menm jan an tou,   si moun k ap di vrè renmen an pa egziste pa konprann renmen, ou pa dwe kwè l. Se souvan moun ki fin fè kont erè yo nan renmen, moun kap renmen san konnen vrè sans renmen, moun ki pran plezi nan fè sèks kòmsi se sa ki renmen, e plis ke yo poko janm renmen, yo pa ka diw vrè renmen an egziste. Pou n fini, nou ka di vrè renmen an pa egziste pou moun ki pa vle jwenn li. Men si w gen pasyans, wap jwenn li paske li nan plan Bondye pou tout moun ki vle.

Jerome Dorsonne Emerson
25 kesyon repons sou renmen, paj 7



[1] Li nan 1 Timote 4.1-3 pou w wè kijan de moun ki pa vle moun marye.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...