jeudi 14 décembre 2017

Samantha: Pou nwel la pi bel



Atis: Saman
Tèks/Mizik: JDE
Studio Record: Dream Music

Nowèl

Moman pou nou rejwi
Pou tout tristès fini
Ann selebre lavi
Nowèl
Rekonèt nou se frè ak sè
Ann aprann viv anpè
Pou demen ka meyè


Nowèl
Je nou poko fèmen
Louvri kè n pou n renmen
Pou n fete nowèl
Se nowèl
Souri w pap koute chè
Ni l pap lakoz lagè
Kite l fè nwèl la pi bèl

Nowèl
Moman pou n reflechi
Pou yon lòt Ayiti
Lap posib si nou ini
Pou yon lòt Ayiti
Lap posib si nou ini
Nowèl
Ann netwaye mete poubèl
Pou anviwonman n ka pi bèl
San lasante pa gen fèt nwèl



Se nowèl
Je nou poko fèmen
Louvri kè n pou n renmen
Pou n fete nowèl
Se nowèl
Souri w pap koute chè
Ni l pap lakoz lagè
Kite l fè nwèl la pi bèl

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...