mardi 19 décembre 2017

Katicha tonbe damou, Brousseau genlè bon!

Brousseau pa t janm sispann koze ak Katicha e li te toujou panse l ap bon kanmenm yon jou malgre tout sa papa Katicha te bay kom presyon. Apre anviwo twa lèt Katicha te rejte, jodi a Laboussole tonbe sou youn lèt Katicha ekri pou yon ti gason k ap vire lòlòj li. Eske se pou Brousseau li ekri l? Kòman JDE pral aji lè li tonbe sou tèks sa a? 

Annou swiv
***********************************************
Ti pa m nan

Gen sa ki di m jwenn
Yon poul k ap ponn ze lò
Gen lòt ki di m jwenn

Lajan papye ap drive sou dlo
Mwen menm pou m sensè
M ap di...

M jwenn wazis mwen
Lè swaf la t ap fin touye m nan dezè a
M jwenn definisyon lanmou
Apre m fin bouke pran
Koukou pou tòt
M jwenn refij
Lè m fin plede drive pasi pala



Ou pa yon aza
Ou pa yon chans
Ou pa yon kado
Ou pa yon benediksyon

Men ou se fwi
Pèseverans mwen
Mouchwa k ap siye dlo nan je m
Ti gout dlo ki te manke pou ranpli tas mwen
Fòk mwen di w tou
Depi m fin rankontre w
M sispann gade atè ni anlè
Paske rega m fikse sou ou sèl

Marasa nanm mwen
Frè kè mwen
Mwen renmen w
Jan lannwit renmen bajou kase
M adore w kou lakansyèl nan tan lepli
M damou w kou malerèz k ap batay pou yon jou miyò
M ap kenbe w di
Ti pa m nan w ye pou lavi


Lubérisse Katicha
La Relève / LGT / La Boussole

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...