jeudi 14 décembre 2017

Lyankou Gen Talan: Derlie a gagné!

Tout bagay te kòmanse yon aswè, lè mwen te deside lanse yon konkou aprè m te fin sezi, kontan e santi m fyè de 4 tèks mwen te fin li nan gwoup La Boussole sou Whatsapp. Se kat jèn ki te ekri tèks sa yo: Derlie, Joana, Landina et Thomas. Se te jis yon jwèt, yon desizyon emosyonèl ki ta pral vin gen anpil vale nan je anpil zanmi, zanmi zanm, fanmi ak manb Jeunesse et Lecture ki divize nan plizyè branch: La Boussole Artibonite (Facebook), La Boussole (Hebdomadaire), La Relève (Atelier) ak Lyankou Gen Talan.

Chak tèks pote yon mesaj diferan youn de lòt. Chak jèn sa yo te vle di yon bagay, swa nan blag oswa pou tout bon, e mesaj yo a pase. Sitou de dènye tèks yo: Lajenès (Joana) ak M pa ka bliye w nan vi m (Derlie). Mwen te santi medam yo te pran responsablite yo e yo te konvenk piblik la, zanmi yo, yo kapab. Yo te pwofite okazyon an pou fè pase mesaj pozitif nan yon seri mo ki pa difisil pou konprann. E piblik la te satisfè.

Premye tèks Joana te ekri pou l blage ak zanmi li. Poutan, estil li ekri tèks la vrèman enteresan. Li fè w atann ak yon bagay ou pat panse e lè w dekouvri se de telefòn l ap pale, ou etone, ou kontan e ou di li bèl paske nan dènye moman say o, telefòn nan vin endispansab nan lavi anpil jèn.


Joana se yon jèn fi ki timid anpil. Poutan gen yon talan ki tap dòmi anndan l. Derlie pat sanble montre tout kapasite sa yo byenke li te konn ekri lontan, men konkou a te yon okazyon pou l dekouvri kantite moun ki renmen tèks li a.


Tèks Landina a ale nan menm sans ak pa Joana a e li fè m reyalize telefòn ak dòmi se de bagay jèn yo pa p negosye. Thomas li menm tap chache yon bagay, yon repons nan men anpil moun ki tap pale de peyi a. Nou swete yo reponn paske yo la.

Nan dezyèm tèks Joana a (Lajenès), nou wè plis seryozite yon jèn fi kap dekri lavi peyi li, eta jenès la ak enjistis yo fè jèn yo. Angwo, Joana revòlte, li denonse, li konseye e li valorize lajenès. Bò kote pa Derlie, se yon veritab ti koze ak yon moun ou renmen, yon moun ou damou, yon moun ki la nan ou, yon moun ki make lavi w. Moun sa se lekòl.

Mwen pa kwè m ap fin di tout sa m santi. Mwen pa kwè m ap ka di tout sa m vle nan tèks sa a. Petèt, si m pran 7 lane, m ap ka byen depoze sa ki nan panse m. Petèt tou, yon lòt manb nan Jeunesse et Lecture ka fè l pi byen. Toutfwa, m ap fini ak ti eslogan sa a Laboussole Artibonite toujou preche:

Chanjman an depann de nou!

Nou sot pwouve l nan ekri

Ann pwouve l nan aksyon

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...