jeudi 14 décembre 2017

Medjina & Mengela: Nwel pataj


Atis: Medjina & Mengela
Tèks/Mizik: JDE
Studio Record: Dream Music

IMengela

W ap prepare w pou w fete
Paske ou posede
Poutan gen lòt k ap mande
Y ap chache sa w pral jete

Medjina

Ou chanje mèb ak rad
Gen lòt ki pa menm gen yon kad
Eske nwèl yo ap byen pase
Pandan wap gaspiye



Nwèl la deja rive
Kisa w konte pataje
Bay sa yo k pa genyen
K ap tann ou lonje men
Pandan wap rejwi
Gen lòt kap soufri
Kilè yap konprann lè w di


Jwaye Nowèl (Ak malad ki lopital yo)
Jwaye Nowèl (Pwofesè k pa janm touche yo)
Jwaye Nowèl (di mwen, kilè y ap konprann)
Eske yo va konprann?
Jwaye Nowèl (Malere k pa jwenn asistans yo)
Jwaye Nowèl (Andikape yo meprize yo)
Jwaye Nowèl (Di mwen, kilè y ap konprann)

II

Mengela

Olye w fè l pou yo wè
Fè l pou yon lòt kwè
Avan w swete bon lanne
Sonje plizyè ki gentan pase

Medjina

Ou di Ton Nwèl pa egziste
Ou di l pap janm pase
E ou menm ki genyen
Kilè w ap aprann renmen

Nwèl la deja rive
Kisa w konte pataje
Bay sa yo k pa genyen
K ap tann ou lonje men
Pandan wap rejwi
Gen lòt kap soufri
Kilè yap konprann lè w di

Mengela

Jwaye Nowèl (Fanm ki sibi vyolans fizik yo)
Jwaye Nowèl ( Pwofesyonèl ki nan chomaj yo)
Jwaye Nowèl (Di mwen, kilè y ap konprann)
Di mwen, kilè y ap konprann? 

Medjina

Jwaye Nowèl (Ak timoun ki nan lari yo)
Jwaye Nowèl (Sa kap tann Nwèl nan blakawout yo)
Di mwen, kilè y ap konprann)

Medjina
Pataje sa n genyen
Ak moun ki nan bezwen yo
Lè sa y ap konprann

Ekri nan 509 3639-6642 pou w jwenn mizik la.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...