samedi 20 janvier 2018

M REPRAN LAPAWÒL


----------------------------------------
Anpil fwa, pa bò isit yo prezante edikasyon kòm pi gwo zouti, pi bon chemen liberasyon total kapital pou yon moun evolye. Sa ta vle di tou, lè yon moun edike moun sa gen plis chans, plis posibilite pou reyalize gwo bagay nan sosyete a. Moun sa gen plis chans pou jwenn travay nan bwat leta kou prive, sann pa bliye li ka kreye pwòp antrepriz pèsonèl pa l. Kididonk edikasyon se ta dwe pi bon chimen yon moun ta dwe pran si l ta vle reyalize tout rèv nan lavi l...

Men alaverite ann eseye fè yon kout je sou edikasyon nou genyen bò isit la.

Pa bò isit nou gen yon sistèm edikatif k ap fin depafini chak jou pi plis kote soti nan liv n ap sèvi rive jis nan atmosfè lekòl ak espas pou n aprann yo pa apwopriye ak reyalite n ap viv chak jou yo. Pwofesè yo pa vrèman jwenn yon bon tretman ki lakoz yo neglije anpil fwa ak angajman epi misyon yo genyen yo. Nan yon sistèm kote elèv ap chita sou wòch, sou chouk bwa, sou grenn blòk, sou planch kokoye kisa nou te ka atann de plis, ke yon edikasyon " de merde ".



Nou vin konprann pafwa sa yo toujou di yo se pa sa ki toujou fèt anreyalite. Pa bò isit n ap asiste ak tout sa ki kontrè ak sa gran filozòf, gran savan yo konn di, pa ekzanp gran savan yo di : Edikasyon se zam ki pi pisan ki ka sove lemond, men okontrè pa bò isit nou wè etidyan ki gen zam edikatif la nan men yo ap kouri kite inivèsite pou ale Chili ak Brezil. Fò n di tou nou konstate anpil jèn ki pa gen okenn rapò ak edikasyon oubyen ki pa t menm arive chire yon Timalis se yo nou wè k ap byen vire tout kote, swa yo gen biznis, swa yo nan politik oubyen y ap evolye nan yon sektè kèlkonk. Nou fin arive pa konstate gen yon gwo batay k ap fèt jounen jodi a kont moun ki konn li yo. Politisyen dwategòch ak anpil sektè kowonpi nan lavi nasyonal la melanji ak kèk boujwa payas kanpe drèt pou toupizi entèlektyèl yo pi plis pou yo pa anyen paske yo pretann moun ki konn li yo ka klere je sa k pa konn li yo ki ka debouche sou yon veritab revolisyon.

Poukisa w kwè yon Politisyen toujou gen vennmil chimè dèyè do l, olye pou l ta genyen venmil konesè pou ta ka konseye l, se menm batay la k ap kontinye.

Poukisa w kwè pou bon plezi, nèg yo fèmen tout antite nan inivèsite leta a kote jèn ap panse sou pwoblèm reyèl sosyete a.

Poukisa w kwè gen plis pase 5,000 pwofesè lise ak lekòl nasyonal k ap travay depi plis pase 5 lane ki pa janm touche (nome) pèsòn pa di anyen, e s ak touche yo menm, s on ti kaka aran ki pa ka rezoud okenn pwoblèm.

Yo toujou di lajenès se avni yon peyi, men poukisa depi apre 6 lane jèn yo ap kouri kite peyi a pa gen kenn otorite, kenn moun ki pou kesyone sa epi pou pote solisyon pou jèn yo jwenn travay e pou yo rete nan bèl ti Ayiti Toma yo a. Se menm travay demounizasyon an k ap kontinye.

Se kounye a m bay zanmi m nan ki te di m si l te konnen l pa t janm ale lekòl la rezon ! Li ta pran tout kòb lekòl depi lè l te nan " KINDER " rive jouk nan " FILO " pou l te fè biznis lè konsa li t ap gwo biznisman. Paske apre 16 an etid klasik plis 4 an inivèsite li toujou stil sou kont moun, malgre tout kapasite l genyen li toujou nan chomaj.

Kesyon n ap poze, èske pa bò isit ledikasyon se pi gwo, pi bon chemen pou yon moun reyisi lavi l tout bon vre ?

JEAN-BAPTISTE GUTEN RACHAD
BOUKMAN II
Ekriven, powèt...

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...