mardi 19 décembre 2017

Katicha tonbe damou, Brousseau genlè bon!

Brousseau pa t janm sispann koze ak Katicha e li te toujou panse l ap bon kanmenm yon jou malgre tout sa papa Katicha te bay kom presyon. Apre anviwo twa lèt Katicha te rejte, jodi a Laboussole tonbe sou youn lèt Katicha ekri pou yon ti gason k ap vire lòlòj li. Eske se pou Brousseau li ekri l? Kòman JDE pral aji lè li tonbe sou tèks sa a? 

Annou swiv
***********************************************
Ti pa m nan

Gen sa ki di m jwenn
Yon poul k ap ponn ze lò
Gen lòt ki di m jwenn

Lajan papye ap drive sou dlo
Mwen menm pou m sensè
M ap di...

M jwenn wazis mwen
Lè swaf la t ap fin touye m nan dezè a
M jwenn definisyon lanmou
Apre m fin bouke pran
Koukou pou tòt
M jwenn refij
Lè m fin plede drive pasi pala



Ou pa yon aza
Ou pa yon chans
Ou pa yon kado
Ou pa yon benediksyon

Men ou se fwi
Pèseverans mwen
Mouchwa k ap siye dlo nan je m
Ti gout dlo ki te manke pou ranpli tas mwen
Fòk mwen di w tou
Depi m fin rankontre w
M sispann gade atè ni anlè
Paske rega m fikse sou ou sèl

Marasa nanm mwen
Frè kè mwen
Mwen renmen w
Jan lannwit renmen bajou kase
M adore w kou lakansyèl nan tan lepli
M damou w kou malerèz k ap batay pou yon jou miyò
M ap kenbe w di
Ti pa m nan w ye pou lavi


Lubérisse Katicha
La Relève / LGT / La Boussole

jeudi 14 décembre 2017

Epouse-la, mon fils! (JDE)



Si cette femme est vraiment la seule que tu aimes, épouse-la mon fils. Épouse-la, mais sache que ce n'est pas le choix de ton père. Je ne suis pas autorisé à chosir pour toi parce que je ne vois pas comme tu vois. D'ailleurs, c'est toi qui vas vivre avec elle. Comment pourrais-je connaître les pensées de ton cœur, ton goût, tes points faibles et même les gestes qui te plaisent chez une femme?

Épouse-la mon cher fils. Tu la connais mieux que moi, mieux que ses parents, mieux que ses amis. La dernière fois que je l'ai vue, elle était furieuse. Je dois te dire franchement que son attitude m'a beaucoup bouleversé. Mais, que puis-je? C'est ta future épouse.

Écoute-moi fils, je te dis bien d'épouser la femme que tu aimes, mais sache que tu n'epouseras pas une femme parfaite. De toute façon, la femme parfaite n'existe pas. Dieu a créé la femme pour compléter les besoins de l'homme, et vice-versa. Sans la femme, l'homme est incomplet. Le foyer heureux est composé de 75% d'efforts chez l'homme et de 25% chez la femme.

Les gens disent que le mariage est dangereux, qu'il n'est pas conseillé de se marier trop jeune. Ecoute-moi, filston. Chaque mariage est une histoire. Chaque histoire a son début et sa fin. Certaines histoires commencent mal et finissent bien, d'autres connaissent l'inverse. Chacune dépend du choix de son auteur. Alors, tu choisis de vivre une belle histoire en epousant la femme que tu aimes vraiment.

Je te souhaite du bonheur !!!

Jérôme Dorsonne Emerson
Poste le 12 mars 2016

Yo di vrè renmen pa egziste, èske se vre?

Yo toujou di vrè renmen an pa egziste, e se nan “yo di” sa ki fè anpil moun kwè se vre. Avan w kwè nan “yo di” fòk ou chache konnen ou menm tou kote ‘’yo’’ jwenn sa li di a. Konsa, si nou ta poze kesyon sa: Kote yo jwenn vrè renmen an pa egizste? Wap jwenn de rezilta. Premyeman, ‘’yo’’ pa pèsonn, dezyèmman, “yo” pat jwenn sa pyès kote. 

Gen yon otè ki di : “Si w ta renmen konn Bondye, pa mande moun ki pa konnen li’’. Kidonk, se nòmal pou yon moun ki divòse (se pa tout) oswa ki pa vle marye (se pa tout)  di maryaj pa bon[1], paske li pa ko viv maryaj la jan l dwe ye a e li pa ka ankouraje w marye. Kijan pou w ta fè mande m nan ki ri Legliz Katolik la ye Okap si mwen pa konn Okap? Se yon moun kap viv Okap ki pou pale m de Okap. 

Menm jan an tou,   si moun k ap di vrè renmen an pa egziste pa konprann renmen, ou pa dwe kwè l. Se souvan moun ki fin fè kont erè yo nan renmen, moun kap renmen san konnen vrè sans renmen, moun ki pran plezi nan fè sèks kòmsi se sa ki renmen, e plis ke yo poko janm renmen, yo pa ka diw vrè renmen an egziste. Pou n fini, nou ka di vrè renmen an pa egziste pou moun ki pa vle jwenn li. Men si w gen pasyans, wap jwenn li paske li nan plan Bondye pou tout moun ki vle.

Jerome Dorsonne Emerson
25 kesyon repons sou renmen, paj 7



[1] Li nan 1 Timote 4.1-3 pou w wè kijan de moun ki pa vle moun marye.

Medjina & Mengela: Nwel pataj


Atis: Medjina & Mengela
Tèks/Mizik: JDE
Studio Record: Dream Music

IMengela

W ap prepare w pou w fete
Paske ou posede
Poutan gen lòt k ap mande
Y ap chache sa w pral jete

Medjina

Ou chanje mèb ak rad
Gen lòt ki pa menm gen yon kad
Eske nwèl yo ap byen pase
Pandan wap gaspiye



Nwèl la deja rive
Kisa w konte pataje
Bay sa yo k pa genyen
K ap tann ou lonje men
Pandan wap rejwi
Gen lòt kap soufri
Kilè yap konprann lè w di


Jwaye Nowèl (Ak malad ki lopital yo)
Jwaye Nowèl (Pwofesè k pa janm touche yo)
Jwaye Nowèl (di mwen, kilè y ap konprann)
Eske yo va konprann?
Jwaye Nowèl (Malere k pa jwenn asistans yo)
Jwaye Nowèl (Andikape yo meprize yo)
Jwaye Nowèl (Di mwen, kilè y ap konprann)

II

Mengela

Olye w fè l pou yo wè
Fè l pou yon lòt kwè
Avan w swete bon lanne
Sonje plizyè ki gentan pase

Medjina

Ou di Ton Nwèl pa egziste
Ou di l pap janm pase
E ou menm ki genyen
Kilè w ap aprann renmen

Nwèl la deja rive
Kisa w konte pataje
Bay sa yo k pa genyen
K ap tann ou lonje men
Pandan wap rejwi
Gen lòt kap soufri
Kilè yap konprann lè w di

Mengela

Jwaye Nowèl (Fanm ki sibi vyolans fizik yo)
Jwaye Nowèl ( Pwofesyonèl ki nan chomaj yo)
Jwaye Nowèl (Di mwen, kilè y ap konprann)
Di mwen, kilè y ap konprann? 

Medjina

Jwaye Nowèl (Ak timoun ki nan lari yo)
Jwaye Nowèl (Sa kap tann Nwèl nan blakawout yo)
Di mwen, kilè y ap konprann)

Medjina
Pataje sa n genyen
Ak moun ki nan bezwen yo
Lè sa y ap konprann

Ekri nan 509 3639-6642 pou w jwenn mizik la.

Samantha: Pou nwel la pi bel



Atis: Saman
Tèks/Mizik: JDE
Studio Record: Dream Music

Nowèl

Moman pou nou rejwi
Pou tout tristès fini
Ann selebre lavi
Nowèl
Rekonèt nou se frè ak sè
Ann aprann viv anpè
Pou demen ka meyè


Nowèl
Je nou poko fèmen
Louvri kè n pou n renmen
Pou n fete nowèl
Se nowèl
Souri w pap koute chè
Ni l pap lakoz lagè
Kite l fè nwèl la pi bèl

Nowèl
Moman pou n reflechi
Pou yon lòt Ayiti
Lap posib si nou ini
Pou yon lòt Ayiti
Lap posib si nou ini
Nowèl
Ann netwaye mete poubèl
Pou anviwonman n ka pi bèl
San lasante pa gen fèt nwèl



Se nowèl
Je nou poko fèmen
Louvri kè n pou n renmen
Pou n fete nowèl
Se nowèl
Souri w pap koute chè
Ni l pap lakoz lagè
Kite l fè nwèl la pi bèl

Lyankou Gen Talan: Derlie a gagné!

Tout bagay te kòmanse yon aswè, lè mwen te deside lanse yon konkou aprè m te fin sezi, kontan e santi m fyè de 4 tèks mwen te fin li nan gwoup La Boussole sou Whatsapp. Se kat jèn ki te ekri tèks sa yo: Derlie, Joana, Landina et Thomas. Se te jis yon jwèt, yon desizyon emosyonèl ki ta pral vin gen anpil vale nan je anpil zanmi, zanmi zanm, fanmi ak manb Jeunesse et Lecture ki divize nan plizyè branch: La Boussole Artibonite (Facebook), La Boussole (Hebdomadaire), La Relève (Atelier) ak Lyankou Gen Talan.

Chak tèks pote yon mesaj diferan youn de lòt. Chak jèn sa yo te vle di yon bagay, swa nan blag oswa pou tout bon, e mesaj yo a pase. Sitou de dènye tèks yo: Lajenès (Joana) ak M pa ka bliye w nan vi m (Derlie). Mwen te santi medam yo te pran responsablite yo e yo te konvenk piblik la, zanmi yo, yo kapab. Yo te pwofite okazyon an pou fè pase mesaj pozitif nan yon seri mo ki pa difisil pou konprann. E piblik la te satisfè.

Premye tèks Joana te ekri pou l blage ak zanmi li. Poutan, estil li ekri tèks la vrèman enteresan. Li fè w atann ak yon bagay ou pat panse e lè w dekouvri se de telefòn l ap pale, ou etone, ou kontan e ou di li bèl paske nan dènye moman say o, telefòn nan vin endispansab nan lavi anpil jèn.


Joana se yon jèn fi ki timid anpil. Poutan gen yon talan ki tap dòmi anndan l. Derlie pat sanble montre tout kapasite sa yo byenke li te konn ekri lontan, men konkou a te yon okazyon pou l dekouvri kantite moun ki renmen tèks li a.


Tèks Landina a ale nan menm sans ak pa Joana a e li fè m reyalize telefòn ak dòmi se de bagay jèn yo pa p negosye. Thomas li menm tap chache yon bagay, yon repons nan men anpil moun ki tap pale de peyi a. Nou swete yo reponn paske yo la.

Nan dezyèm tèks Joana a (Lajenès), nou wè plis seryozite yon jèn fi kap dekri lavi peyi li, eta jenès la ak enjistis yo fè jèn yo. Angwo, Joana revòlte, li denonse, li konseye e li valorize lajenès. Bò kote pa Derlie, se yon veritab ti koze ak yon moun ou renmen, yon moun ou damou, yon moun ki la nan ou, yon moun ki make lavi w. Moun sa se lekòl.

Mwen pa kwè m ap fin di tout sa m santi. Mwen pa kwè m ap ka di tout sa m vle nan tèks sa a. Petèt, si m pran 7 lane, m ap ka byen depoze sa ki nan panse m. Petèt tou, yon lòt manb nan Jeunesse et Lecture ka fè l pi byen. Toutfwa, m ap fini ak ti eslogan sa a Laboussole Artibonite toujou preche:

Chanjman an depann de nou!

Nou sot pwouve l nan ekri

Ann pwouve l nan aksyon

JDE

mercredi 13 décembre 2017

LYANKOU GEN TALAN: JOANA en deuxieme place!

Née à Liancourt le 5 novembre 1993, Joana Lubérisse occupe la quatrième marche dans un escalier de 9 enfants construit par Ancelot Lubérisse et Marjorie Michaud. Elle a fait toutes ses études classiques à l’Institution Mixte les Frères Rogeste.

Joana Lubérisse est très timide, mais vous n’alliez pas croire que derrière cette timidité se cache un talent, une autre âme qui a peur de s’exprimer au public. Et c’est plus émouvant de savoir que sa grande soeur, Katicha Lubérisse, est une poétesse. On peut donc conclure que dans la famille Lubérisse, quelques enfants héritent d’un talent littéraire ou qu’il s’agit d’un simple hasard. En tout cas, son deuxième texte, Lajenès, continue de montrer au grand public que la preuve est là.

Durant ses moments de loisir, Joana aime écouter de la musique, regarder des séries et dessiner.

Dans “ M pa ka viv san li” qui décrit une relation constante entre les internautes et le monde virtuel, Joana a épaté plus d’un, car de nos jours, le téléphone intelligent (smarthophone) devient un instrument  incontournable dans la société, surtout pour les jeunes. Ce texte est l’un des éléments déclencheurs de ce concours qui motive des centaines d’amis sur Facebook.

Si d’autres voient en Joana une poétesse en herbe, de son côté, elle se voit déjà l’une des futures médecins que comptera Liancourt. Elle a été vaincue par sa concurrente Derlie d’un score de 455 contre 477. 

Nous vous proposons les deux textes de sa participation au concours de texte organisé par LYANKOU GEN TALAN (LGT) du 11 au 13 décembre 2017 sur les réseaux sociaux.

Lajenès
Lajenès se sèvo tout peyi
Se sa yo di wi
Men ki avni pozitif yon peyi
Si nou gen yon jenès kap tchanbwete
Ki pa gen menm baton pou l kenbe?
Sa ki devanse yo pito denigre
Olye yo ankouraje nou
Yo di se avni peyi nou ye
Men se nan bouch
Pòs yo ofri nou
Se nan douch
Si nou pa fè yon jan
Nou demele gèt nou
Y ap fè nou pèdi tèt nou
Lajenès, ann pa pèdi tan
Nou pa bezwen itilize bèl koulè po n
Poun montre sa nou vo
Ann itilize sèvo n
Pou met tèt nou nan lòt nivo
Nou pa bezwen fè gwo bagay
Pou n monte nou wo
Men ak detèminasyon nou ka rive wo
E di linyorans babay
Wi, lajenès se fòs peyi a!

M pa ka viv san li
Chak m anvi demake l
Se plis l ap apwoche m
Chak m anvi jete l
Se lè sa li vle kenbe m

M konn di m ap fè yon jounen
San mwen pa manyen l
Kou li dezè
Mpaka kenbe kè
Mta renmen konnen
Eske se abitid ou byen lanmou
Ki fè m paka viv san telefòn mwen

Lubérisse Joana
La Relève




Qui est DERLIE Presendieu?



Derlie Présendieu est née à Liancourt le 24 janvier 1998 dans une famille de 9 enfants dont elle est la benjamine. Son père s’appelle Omère Présendieu et sa mère, Ilomène Andrévil. Elle a un long parcours dans ses études classiques: Craft’s Collège, (de prescolaire à 5e AF); Ecole Indigène de Payen (6e A.F); Institution Mixte Michaud Luzincourt (de 7e AF à 9e AF) et Institution Mixte les Frères Rogeste (3e AF à la Philo). Les passe-temps de Derlie sont la musique, la lecture et l’écriture. D’ailleurs, elle est monitrice d'enfants, parolière et soliste à l’Eglise de Dieu de la Grâce (Payen, Pasteur Jean Esrome Delcam) où elle persévère. Maintenant qu’elle a terminé ses études classiques, son rêve le plus cher est d’étudier la médecine.

Les membres de Jeunesse et Lecture ont découvert son talent comme celui de beaucoup d’autres jeunes à travers “Ou fè m mal”, un texte qu’elle a soumis à l’atélier LA RELEVE, une subdivision de Jeunesse et Lecture qui est une association de jeunes basée à Liancourt (Artibonite) dont la mission est de faire la promotion de la lecture et des talents juvéniles.
Nous vous proposons les deux textes de sa participation à un concours de texte organisé par LYANKOU GEN TALAN (LGT) qu'elle a remporté en obtenant 477 votes sur 932:


M pa ka bliye w nan vi m
Kòman m t ap fè bliye w 
Aprè BonDye, ou se tout mwen
Lè m rete mwen admire w
Tèlman ou okipe tout lespri mwen
Pafwa m ap poze tèt mwen kesyon
Ki moun mwen ye pou m ta nan bèl pozisyon
Kote m chita, m pa t espere
Sa m pwodwi, gran tèt eksplwate
Kòman w ta vle pou m bliye w
Ou ban m gwo relasyon
Kote m t ap atann ak desepsyon
Se bra y ap louvri pou m antre
M pa wè ak kisa m ta konpare w
M p ap ka bliye w
Ou montre enpòtans liv
Ou bay lavi mwen sans
Menm ke m ta nan soufrans
Pou ou sèlman, m ap toujou vle viv
Ou se L nan Lespri mwen
Ou se E nan Echèl lavi m
Ou se K nan Kapasite m
Ou se O ki Ogmante konesans mwen
Ou se L nan Langaj mwen
Mwen p ap ka bliye w nan vi m LEKÒL

Ou fèm mal

Lè m te fèk rankontre w, ou te montre m se lakay ou mesye lanmou rete pou jan l tap jayi nan mitan nou.
Ou pat kite yon segond pèdi nan tan nou. Lè maten vwa w ki pou reveye m, lajounen tèks ou ki pou motive m. Lannwit, gou pawòl ou kap vasiye nan zòrèy mwen ki pou fè m dòmi.
Oparavan, ou te toujou di m se kwenn nan sòs pwa w, krab sirit nan kalalou w, motè ki pou fè kè w fonksyone, san k ap koule nan venn ou.
Men kounye a se nimewo m ki resevwa dènye tèks ou. Lè m mande w sa kap pase, ou di m pa gen moun ki egare.
Ou fè moun ap griyen dan sou mwen, di pou janm t ap byen mennen gad kijan kounye a m ap trennen.
Ou fè m mal

Derlie PRESENDIEU

Si vous aimeriez supporter Derlie Présendieu, vous pouvez contacter le staff de La Boussole via Messenger (Laboussole Artibonite) ou Whatsapp (509 3639-6642). 

La Boussole Artibonite

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...