jeudi 14 juillet 2016

Reyaksyon apre atik Alix Laroche la ki dennigre Lyankou

Bonswa tout zanmim yo.

Mw okouran de atik negatif ke Jounalis HPN (Haiti Press Network), Alix Laroche ekri sou Liancourt a.
Mw pa reyaji piblikman men mw ekri jounalis la dirèkteman poum fèl konnen ke atik sa a 1dinye tout Lyankoutwa ak Lyankoutwaz kap batay chak jou pou chanje imaj Liancourt.
An reyalite gen kèk koze nan atik la ki reyèl, men Jounalis interviewer 2 sitwayen ki rele Jean Simon ak Lama Joseph, sètènman 2 sitwayen sa yo te pale jounalis la de pwoblèm pèsonèl yo olye yo te mete an valè tout bagay pozitif sou komin nan (Menm ozetazini gen sitwayen siw ta 1tèvyouve, yo tap diw ke usa pa yon bon peyi)
Antouka mw pataje jounalis la yon atik kem te ekri sou Liancourt an juillet 2015. Omwen pwochèn fwa lap ekri Liancourt la ekri sa ki pozitif yo.
___________________________________________________________
LA Boussole Artibonite envite ou li atik sa a.

Liancourt, Artibonite-Haïti 15 Juillet 1727
Genyen plizyè kote nan mond la ki pote non liancourt men non sa a sòti nan yon gran famiy an Frans.
Liancourt en Asie
Se yon ti Zòn ki rele "les Rochers Liancourt" ki twouvel antre achipèl Japon & Corée du sud (li rele Dokdo en coréen et Tekeshima en japonais) yon ti zòn ke Japon ak Corée du Sud ap goumen pou li, moun kite dekouvril yo, te bali nom liancourt en référence ak nom yon gwo bato pou yo peche labalèn nan peyi la france ke la famiy Euliancourt te posede an frans.
Liancourt en France
Se yon kanton ki genyen anviwon 38 mil moun epi li anglobe 22 komin pami yo, komin prinsipal la ki rele liancourt, e ki genyen anviwon 7 mil moun.
Liancourt Haïti
Se yon zòn ki te egziste deja ke listwa pa janm revele kijanl te rele avan, men ki kòmanse pote non liancourt apati de 1727.
Selon yon pèsonaj guadeloupeyen ki se Foucard Gabers ki te pase kèlke ane nan Latibonit la. Li rakonte ke te gen yon gwoup blan fransè ki sòti nan famiy liancourt anfrans ki te rantre Sen Domeng nan kòmansman ane 1700 pami yo te gen youn kite rele Euliancourt ki te vini enstale nan katye sa a ki rele Liancourt jodia.
Gabers revele ke yo te bay la famiy liancourt konstui "le château de Roche Foucault en France" pou yo te ka enstale yon duc nan kanton liancourt a lepòk, e majorite lajan an te disparèt nan men Euliancourt ki koz li te vin kache Sen Domeng.
Gen lòt istwa ki revele nou tou ke Euliancourt te pami yon gwoup revolisyonè ki te vin kache a sen Domeng pou yo te vin prepare "la révolution française" ki te vin fèt an 1789.
Euliancourt te vin abite nan Latibonit la
Nan katye liancourt e li te konstui yon kay ki la jiskaprezan anba larivyè paske li te renmen la nati.
15 juillet 1727 li inogire yon legliz katolik nan zòn nan ki se liancourt-Haïti (Mont Carmel), se 2pi lè sa a ke nom liancourt kòmanse ap site paske nan epòk sa a 2pi yon zòn pat gen legliz katolik, otorite yo pat vrèman panse avèl. Men listwa pa revele kòman Euliancourt te mouri.
Apati de 1941 a 1950
Prezidan Elie lescot te fè plizyè pon ak mete kèlke floum nan plizyè wout pou moun al jaden anba larivyè, nan latchi zòn yo pran sab la etc. Dumarsais Estimé te aranje sistèm irigasyon an yon fason pou te ede ti Peyizan yo ak jaden yo ak pwojè kanal Brown & Roots (bannannout) ki vin abouti sou prezidan Paul Magloire.
1954
Popilasyon liancourt a tap miltipliye li te kòmanse ap atake 8mil moun, e te gen anpil moun liancourt ki vin rantre nan komès.
Antoine Kernizan te depite st marc a lepòk li te oblije soulve kesyon liancourt a nan Palman an e li te pèmèt liancourt "rantre au rang des quartiers", se nan epòk sa a ke nom Euliancourt a kòmanse ap transfòme an liancourt, se sak koz ak de nesans gran moun yo gen Euliancourt. A raple ke gen yon rue liancourt ki pote nom Antoine Kernizan.
Apati de 1960-1978
Dieutel Toussaint kòmanse ap 1pozel nan liancourt e li te vin depite komin Verrettes nan peryòd 70 yo, li te trase tout rue liancourt yo malgre presyon plizyè moun nan popilasyon an, men Dieutel te akonpanye de Jean et Edy Daniel, Irons Dorsainvil etc.
06 juin 1973
Naissance Triomphe Athletic Club de Liancourt avec le professeur Gesner Lamorthe (Club de championnat national).
15 juin 1975
Naissance de Panthere noire Football Club Liancourt (club de championnat national).
Jeudi 14 juin 1979
Non liancourt tapral fè gwo aktyalite an Ayiti nan zafè football, Liancourt te bat Ekip Towo begle Gonayiv la nan Chanpyona inter Régional 1-0, liancourt te sonnen fò nan la presse paske ekip Gonayiv la te deja jwe yon kantite match li pat janm pèdi devan okenn ekip sou tèritwa a, epi se ti mesye liancourt anpalan de Marco, Marcel, Roland Jacques ki al mete do Gonayiv atè, match sa a te bay an dirèk sou "radio nationale d'Haïti avec le journaliste Dr. Yves Jean bart qui est le président actuel de la Fédération Haïtienne de Football", se depi lè sa a, tout moun liancourt ki tap viv p.au.p te resi dakò pou yo di yo moun liancourt, paske yo te toujou di yo se moun st marc.
A partir de 1980
liancourt te benefisye kouran elektrik avèk plizyè poto ak fil elektrik ke gouvènman Duvalier a te mete, epi yon motè yo te enstale nan morgue depite Dieutel la.
1986 aprè depa prezidan Jn Claude Duvalier.
Dieulerme Jn Baptiste ak plizyè jèn lyankoutwa atravè òganizasyon li a UNJEDELI (union des jeunes pour le developpement liancourt) te fè yon tantativ bò kote prezidan Nemphy pou mete Liancourt komin ebyen leta ayisyen pat apwouvel akoz 1sifizans de resous.
Apati de 1990
Dosye liancourt komin nan kòmanse ap fè gwo deba, epi liancourt te kòmanse atake 30000 moun.
4 sep 2002
Liancourt te vin genyen anviwon 40mil moun anviwon, epi liancourt vin pami zòn ki te pèmèt leta rantre plis lajan nan depatman Latibonit la, Se jou sa a, popilasyon liancourt a te fè Premye gwo manifestasyon pou liancourt ta rantre "au rang des communes", aprè prezidan Aristide te fè Tabarre ak Cité Soleil komin. Nan epòk sa a gwoup FILKO akonpanye de senatè Medard te fè anpil efò kite pèmèt dosye a te rantre nan palman an.
2014
Chanm depite a vote yon lwa pou gen 6 nouvo 2patman ak pou plizyè zòn ta komin, Lyankou prezan pami zòn sa yo pa rapò ak analiz ke palman an te deja fè nan peryòd 2002 ak 2004 sou dosye liancourt, aprè analiz yo sou dokiman an, yo wè ke Lyankou respekte tout nòm yo poul ta komin, malerezman chanm sena a pa vote dokiman an pou koz politik kite genyen antre gouvènman Martelly Lamothe la ak G6 palmantè opozisyon yo.
7 fevriye 2015
Nesans de KOLIKO (kolektif pou Lyankou komin) yon gwoup sitwayen avize avèk anpil detèminasyon te oblije fonde yon lòt òganizasyon ki pral kontinye travay la pou Lyankou ta vin pami zòn ki komin yo.
2 mas 2015
KOLIKO ak anviwon 70% popilasyon lyankoutwaz la te pran lari avèk yon foul moun kite okipe anviwon 2 kilomèt nan gran ri prensipal la kitap repete ansanm"fòk Lyankou komin", sete dezyèm pigwo revandikasyon pèp Lyankou a te fè 13 lane aprè eksperyans FILKO a an 2002 pou Lyankou ta rantre nan lis komin Dayiti.
Me 2015
Gouvènman Martelly-Paul la te pran trè o serye revandikasyon pèp Lyankou a te fè 2 mas 2015 la, laprezidans te oblije ekri ministè enteryè pou mande fè delimitasyon zòn nan ak yon plan geospatial.
Prezantasyon Liancourt
1- Liancourt sitiye nan depatman latibonit, li genyen 50mil moun ki reprezante 38% popilasyon kominal Verrettes la ki genyen 6 seksyon ak 131mil moun Epoutan komin Grande saline genyen sèlman 20mil moun.
2- Diaspora liancourt a ki pliske 15 mil moun kap viv st Dominique, Brésil, USA etc. Li voye chak jou anviwon 30mil dola u$ nan liancourt, sa pèmèt leta ayisyen fè pliske $1000us pa jou nan dosye dola 50 la. Epi lajan Diaspora a ede devlopman liancourt nan konstuiksyon sa pèmèt liancourt antanke seksyon kominal lise 4e zòn nan latibonit la ki genyen plis kay ki konstui e ki gen yon ti respè pou règ sismik yo, epi liancourt se youn nan zòn kipi byen trase an Ayiti gras ak konkou yon Ansyen depite Komin vèrèt la nan ane 70 yo (Dieutel Toussaint).
3-Liancourt se yon zòn de pwodiksyon tankou Lam Veritab, mayi, mango, diri etc..
-Konapayi AZNEM ht plizyè santèn kamyon mango fransik nan men moun liancourt chak ane pou yal fè savon,
-Apati de ane 2013 konpayi ti malice ht plizyè milye barik diri nan men moun liancourt akoz de gwo izin de transfòmasyon ke konpayi ti malice 1stale nan zòn savàn 2zole nan gonaiv. Liancourt antanke seksyon kominal lipami zòn an Haïti kigenyen pi gwo izin de produiksyon kola, glas ak dlo trete. Sa pèmèt ke liancourt benefisye "des milliers de dollars" nan pwodiksyon chak ane.
4-Liancourt antanke seksyon kominal pèmèt leta Haïtien rantre 880mil goud nan patente DGI pour 80 contribuables potentiels à 11000gds par an, diferamman de komin Aquin ki pèmèt leta rantre sèlman 58mil goud pa mwa nan patant selon ekonomis Kesner Pharel.
-Konpayi EDH rantre prèske 1milyon goud pa ane ak 165 goud frè 1stalasyon kontè chak mwa sou pliske 500 abòne Edh ki gen kontè nan liancourt.
-Sa ki pèmèt ke liancourt pami 5 pigwò zòn ekonomik depatman Lartibonit la. (Ankèt MOJEL).
Revandikasyon pèp Lyankou a
Yo mande pou leta Ayisyen mete yo pami zòn ki komin yo, pandan ke yap respekte lwa sou depans kolektivite tèriroryal la lwa sa a di, si yon komin fè 100 goud, li sipoze gen o mwen 70 goud ki dwe rete pou 1vesti anndan komin nan epi rès 30 goud la al jwenn leta Santral la (sa vke di Lyankou ka kwit tèt li).
Emetil Blerkenson


Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...