samedi 14 novembre 2015

Feuilleton / NIDO NAN PWOBLEM: Episode 6-10


Sizyèm epizòd

Pwoblèm+Pwoblèm= traka

Sa poko gen dezèdtan depi Nido kite kay Sacha a, men li pa ale nèt. Li ret ap tann yon moun nan yon distans 25 mèt de kay Sacha a. Kilès sa? Poukisa? Antouka, pwoblèm Nido pral ogmante paske moun sa a deja chavire bagay yo tèt anba. Sa tris wi mezanmi.  Finalman, moun nan soti. Trè deside l’ap mache kontre Nido san li pa’t atann ak sa. Lè li fè sa li vire nan yon lòt ri, li mete kouri mete men sou lestomak li poutan li sezi.

- O! Nido pouki’w fè’m travay sa a?
- Se mwen ki pou ta poze’w kesyon sa a?
- E ou ka di’m sa ki fè sa?
- Banm di’w Nadin. Eske’w konprann byen sa w’ap fè a la?
- De kisa’w vle pale?...An..Sacha? Franchman, si’m te konn se konsa ou te ye, m pa t’ap janm frekante’w paske’w pa bon twòp.
- Men ou menm ou bon, pa vre?
- Se nòmal pou’w poze’m kesyon sa a paske’m te kite’w pase kèk jou nan lavi’m. Ou gen rezon’w monchè.

Nadin fè sa pou’l deplase, Nido kenbe li.
- Lage’m tigason avan’m rele anmwe pou ou la.
- Rele anmwe? Kilès k’ap kwè’w? Ou panse yon moun ki pa fou ka pran’m pou yon vòlè oubyen yon kidnapè?
- Pito’w te yon vòlè, paske sa ou vòlè a ou ka remèt li, men lè’w pèdi konfyans yon moun, li trè difisil pou’m pa di enposib pou’w rejwenn li ankò.

Nido lache li, li pase men nan figi li epi li di Nadin.
- Nadin, mwen chanje wi. Ou pa kwè sa?
- M! Kwè,sa twò fasil. Ak bouch mwen, m ka di’w wi, mwen kwè ke’w chanje men èske se sa zye’m banm nan aksyon ou kontinye ap poze. Ou pa’t satisfè de mwen jis ou te rive gen yon twazyèm menaj sou Sacha?
- Nadin, pa pale koze sa yo twò fò pou moun pa tande.
- En en, si’w wè sa m’ap pale paske se ou ki kenbe’m nan wout mwen.
- Koumanman, Nana pinga w’al di Sacha bagay sa yo non pou’m pa pèdi chans mwen nèt.
- W’ap viv nan prezan oubyen nan pase?
- Kisa’w vle di’m la Nadin?.....An an ou di Sacha ke’m te renmen avèk ou tou? Di’m non.

Sanzatann, Nido kenbe de zepòl Nadin pou’l souke li. Se lè sa a yon jenn gason t’ap parèt, li pouse misye byen fò, l’al tonbe atè. Nadine tèlman sezi, li kouri. Nido leve rapid, li di:
- Yow! Poukisa’w fèm sa a? Ou rekonèt mwen?
Patnè a reponn Nido.
- Nan zafè vyolans sou fanm, yo pa bezwen konnen’w ni an pent ni an penti pou yo jije’w.

Nido kòmanse pè lè li resi sonje nan kisa li ye. Patnè a di li.
- Di Bondye mèsi zanmi pa’m paske si’m pa’t rekonèt ou, m t’ap jouke’w mennen’w nan komisarya a. Men m bò’w chans la pou’w pa janm rekòmanse ankò.

Nido pa di anyen anplis. Li deplase tou piti, pandan l’ap siye rad sou li ki sal ak pousyè. A! Yo ba misye yon leson, tankou Maurice Sixto ta di. Lè’w nan yon travay, ou byen fè zafè’w, yo bò’w pwomosyon. Lè konsa, ou fè pwogrè. Men ka Nido a diferan, li fèk tanmen pran pwomosyon nan simen ak rekòlte pwoblèm.

Gen pwoblèm pase pwoblèm

Wi, gen pwoblèm pase pwoblèm. Tout pwoblèm se pwoblèm, men tout pwoblèm pa menm e yo pa gen menm solisyon. Pafwa, lè w’ap chache rezoud pwoblèm, li vin pi mal. Yo toujou di: chache lavi, detwi lavi. Nan ka Nido a, se chache solisyon, kouri dèyè solisyon. No dyòl tou tòk! Tibway la nan tchòbòl vre mesye, men li te jenn jan twòp. L’ap peye sa li te fè paske sa ou fè swiv ou. Konsole’w Nini, pa dekouraje Dodo. Jou ale, jou vini, w’a jwenn yon souf.

Sa fè pliske twa jou, Nido pa prèske manje. Toutlasent jounen, li kouche, jamè pran lari. Y’ap fawouche li paske li bat fanm. Sosyete! M! Kote malere a te gentan bat pitit la la? Antouka, lè’w fè respè’w, yo pa ka di vye koze sou ou. Si bouch ou pa t’ap mache yo pa t’ap di’w pran nan manje tibebe a. Nido ap konte pwoblèm.

Maten an byen bonè, yon ansyen zanmi Nido vin kote li. Sa fè lontan yo pa wè. Yo anba yon pye bwa ap pale, nan wout ki pase tou prè kay Nido a.
- Kòman granmoun nan ye menm Molè?
- A ou konnen, l’ap debat piti piti.
- Tout lòt moun yo anfòm? Kòman Jenèz ye menm ak maladi a, li pa ko jwenn gerizon?
- Gerizon? Non monchè maladi sa yo pa gen gerizon, se viv chak jou k’ap pase jiskaske Bondye deside.
- Kèt mesye! Nan vi sa a chak moun gen pwoblèm pa yo. Men gen pwoblèm ki pi rèd pase pwoblèm.
- An palan de sa...

Woy! Kè Nido kòmanse kase. Li di:
- A! Pinga’w vin fè tansyon’m monte la a non Molè.
- Non men sa’m pral di’w la pa yon nouvèl?
- Kisa’l ye menm, yon ansyèn? Pale cho nan mann.
- Bon, ou sonje ti madmwazèl m te fè’w rankontre a?
- Ki madmwazèl sa? M kwè’m fin ak dosye sa a deja.
- Wi, se ou ki fini ak li men li menm li ka la toujou.
- Kisa’w vle di menm Molè?
- Ou gen yon pitit ki gen 3 mwa depi’l fèt.

Setyèm epizòd
Nido leve kanpe, li lonje tèt li poul gade Molè ak yon vye vizaj. Li di:
- M pa kwè Katyana ta fè’m bagay sa a non Molè. M pa ret kwè sa menm.

Molè ose zepòl li, li di:
- Antouka, m pat ni nan vant li ni nan panse li, m pa ka di’w anyen. Dayè, li pa menm di’m sa, se yon moun ki di’m sa, e li mande pou’m kenbe l an sekrè.
- Kòman sa pou’w kenbe l sekrè a?
- Paske papa pitit la kwè se pitit pa’l. Kidonk, si’w ta konnen yon bagay konsa e ou chwazi pran pitit la, w’a imajine konbyen dega w’ap koze.

Nido kòmanse reflechi. Li kontan, li fache.
Yon kote, akoz Sacha, l’ap pi bon pou Nido pa ta antre nan koze sa a, paske Sacha pap vle jere yon ka konsa, sitou Nido pa’t janm di l li te gen pitit.  Nan yon lòt kote, Nido tris paske li ta byen renmen wè pitit sa a, manyen li, karese li, jwe ak li e konnen ke li se papa. Ant 2 santiman sa yo, Nido pako deside kilès l’ap kenbe. Molè di li:
- Si se te mwen ou menm, mwen t’ap bay koze pitit la vag paske l’ap yon echèk pou ou ak menaj ou.
- Molè, ou panse l’ap fasil pou mwen pandan ke’w fè’m konnen sa? Anplis, m pa’t di’w m te gen menaj, kòman’w fè konnen?
- Epa ou menm Nido? M genlè bliye’w.

Nido pa konn kote pou’l mete men li: sou tèt, nan figi li, nan pòch li, sou jenou li. Telefòn Molè sonnen, li reponn:
- Sakapfèt? Molè mande moun lan.
- Mwen la wi. Kote’w ye la a?
- Mwen kot yon patnè’m. Sa’w gen pou mwen la?
- Anyen non, m te jis vle anonse’w ke sa’m te di’w la rive.
- Kisa, kisa? Pal’avèm.
- A! Koze Nadin lan monchè.
- O! Nadin? An an, m te di’w sa monchè.

Pandan tan sa a, Nido ap pote atansyon ak konvèsasyon an akoz de non Nadin ki site a. Lè Molè fin pale, li mande li.
- De ki Nadin w’ap pale la a Molè?
- Nadin...m pa konnen 2 non nan vil la.
- Abon, ebyen mwen sipoze ke se Nadin mwen konnen an.
- Kijan Nadin ou konnen an ye li a?
- Li pa tèlman wo, li gen cheve long. Men anplis de sa li vrèman bèl. M panse bèl la ka sifi pou’w fè’w wè rapid ke se pa Nadin pa’w la.
- Petèt, paske tout sa’w di yo koresponn ak Nadin mwen konnen an.

Nido pran san li pou’ l di:
- Mwen pa swete ke se Nadin pa’m nan...
- Poukisa? Molè mande li.
- Paske sa ka debouche sou plizyè ti pwoblèm ki pap bon ni pou mwen ni pou ou.
- O! W’ap menase mwen Nido?
- Non, se pa sa’w panse a. Se lwen de sa, trè lwen. Men...ou mèt poze. N’ap repale sou sijè sa a yon lòt fwa paske tèt mwen kòmanse fè’m mal. M pral kouche.

Molè pa fè ni 2 ni 3, li tou leve li bay misye lamen epi li di l li ale. Nido antre lakay li ansilans. Ti pwoblèm nan senp e ou ka gentan wè ki kote l’ap soti.

Yon bòn nouvèl pwoblèm...

Jodi a Nido te deside vin nan bibliyotèk Konbit la pou manyè wè kòman li ta retire kèk vye panse nan tètali.Tout bagay yo vin ansanm: pwoblèm renmen, pwoblèm pitit. Nido pa konn yon moman li pa kontre ak traka. Li vin tèlman sinik, li pè moun anonse li yon nouvèl paske sa toujou fini mal. Malere a sanlè fè kè ak sik pou bon.
Pandan Nido ap li, san zatann, yon madmwazèl vin parèt epi chita sou tab devan li an. Nido fèmen liv la tou dousman epi li kòmanse souri. Anmenm tan kè li ap bat fò anpil. Podyab, li pa konnen sa ki nan panse li. Kèk segonn aprè, li mande Nido:
- Kòman ou ye?
- Mwen..eee mwen, mwen byen, e ou menm?
- Ca va un peu...
- Ou fè’m sezi wi lè’m wè se ou ki antre la a.
- Ou konn pa sezi ou menm? Ou tèlman konnen’w anafè pa vre?

Nido pa reponn paske chat konnen, rat konnen. Madmwazèl la kontinye di li:
- Mwen gen yon sipriz pou ou.
- Ki sipriz sa? Nido mande. Madmwazèl la di li.
- Gade dèyè’w la pou’w wè.... 

Uityèm epizòd
Bagay yo genlè vle chanje pou Nido vre. Antouka, n’ap sib...
Mezanmi, lè Nido vire gade dèyè, li wè Sacha. Byen fre, pi bèl pase li nan pwen. Kè Nido kòmanse bat tankou manch pilon k’ap pile dire nan lane 1998 nan lakou Lyankou. De pye malere a ap tranble, madmwazèl la...kiyès ankò a? Banm wè! Oke, Nadin...pran plezi li nan obsève tout ti jès Nido. Lè fini aprè, pou l’al rakonte Sacha kòman tibway la t’ap kankannen devan dife bote li. Konsa yo ye medam sa yo, pito’w pa tande blag fanm ap fè sou gason, sa ka bò’w regrè pou’w pa janm koze ak yo. Bondye fè’m pa ladann ankò papa. Pwoblèm kanmèm pou Nido.
Men kòman sa ye ant mesye dam yo:
- Bonjou Sacha, Nido di li men li pa ka gade li nan zye.
- Bonjou Nido...ou anfòm?
- Bon, pa tèlman. E ou menm?
- Mwen la sof ke m’ap santi’m byen lè’w fin eksplike’m pouki rezon ou te fè sa’w te fè Nadin lan.

Nadin gentan kouri di:
- A, Sacha, bay bagay sa a vag dakò. C’est le passé.
- Wey ou menm, ou pa janm pa nan kraze kite sa.

Kèt! Sa Nido te panse a genlè se pa sa. Sacha toujou nan kreye pwoblèm. Nadin di Sacha:
-  Ebyen Sacha m’ap vini mwen pral fè yon apèl la a.
- Yon apèl? Anndan bibliyotèk la pa gen siyal?
- Genyen wi men gen twòp reseptè, ou konprann.

Nadin ri epi li soti kite 2 anmourèz yo nan patiraj yo. Ala koze papa se lè moun damou, yo pa ka kite vre. M! Se la pou’w ta ye pou’w tap gade fim sa a. Dyalòg la kontinye...

- Sacha cheri, mwen konnen mwen fè’w sa ki mal men m’ap mande’w padon paske m pat dwe fè sa vre. Ou te montre’m ou fidèl twòp poum te rive twonpe’w konsa. M konnen ke’w pap ka bliye sa men omwen, banm chans mwen pou’m rekòmanse e m pwomèt ou m pap fè erè sa a  ankò.
- Ou kwè sa Nido?

Nido kouri mete ajenou devan Sacha. Sacha ri, epi li di misye:
- M konn jès sa yo Nido, yo pa ka konvenk mwen, dayè desizyon mwen ap trè senp e trè kategorik avèk ou.

Nido entèwonp li pou l kesyone li.
- Avan sa Sacha, mwen ta renmen ou di ak bouch ou ke’w padone’m avan ou enpoze’m yon kondisyon.

Sacha vire tèt li lòt bò epi souke li, li gade ti tonton an li di:
- Wi, Nido mwen padone’w.

Nido fè pou’l kouri anbrase li, manmzèl estope li ak men dwat li. Li kòmanse balanse lendèks li pou’l ba l yon pinga.
- Atansyon! Atanson!
- Men sak pase Sacha, se mwen Nido wi.
- Mwen pa avèg ni m pa soud, e m gen tout nam mwen sou mwen.

Nido ki te prèske rive sou Sacha, fè yon ti bak epi li chita nan menm plas la ak bouch li tou louvri. Ecoutez madame la moraliste!

- Mwen padone’w pou sa’w fèm nan men sa pa vle di ke m pral kite tou vid pou’m peye konsekans yo.
- Men Sacha....
- Shuuutttt! Tande’m byen

E eey! Ala de pwoblèm lè’w antò konpè. Ti jennonm lan fèk tanmen ap pèdi plim wi la a. Banm kontinye tande.

- Ou te twonpe’m men m pa konnen depi kilè ou te kòmanse ni kisa ki te rive ant ou menm ak moun ou te twonpe’m lan. Kidonk, m’ap pran anpil prekosyon avèk ou pou’m pa viktim 2 fwa.
- Men m pa gen anyen Sacha. Kòmsi’w vle di’m....(Nido pa kontinye)
- Egzakteman sa’w panse a. Dayè m pa konnen konbyen fwa sa te rive’w te antre nan relasyon ak li, e m inyore si’w te pwoteje. Anplis, li ka menm posib pou’w  fi sa a tonbe ansent.

Woy! Men koze a, men pawòl la, men bonm nan, men nouvèl la, men machandiz la, men dosye a, men chay la Senyè papa souple, sove Nido. Gad’on doulè.

Nido bese tèt li, demen nan figi li sèvi li mouchwa pou retire swè estrès ak latranblad. Antouka, se pa Molè ki te bay nouvèl sa a. Nan doute doute, kesyone, analize, fouye, gen anpil sekrè ki ka devwale san zatann. Se sa ki fè li toujou bon pou’w konnen ke tout sa w’ap fè ka swiv ou. Sacha fèk gen yon zèl kat ki file, yon zèl kat ki mande reflechi avan Nido mize. Pandan y’ap pale konsa, Nadin vin reparèt tou cho tou bouke li di:
- Eskizem wi Nido...Sacha m gen yon niouz pou ou, bagay malè.                     

Nevyem epizòd

Kou sou kou. Pwoblèm sou pwoblèm. Traka sou traka. Jan yo di’l la, dyak sou dyak! Chak fwa Nido pral jwi yon ti moman, mesye pwoblèm toujou parèt devan li pou met baryè. Sacha genlè pa sou bay vag menm, malgre li te deside fè yon kraze kite sa ak mizè li t’ap fè malere a pase. Eske Nadin ta vin gate bagay la la pou jan tigason gen bil pou’l peye? Nou toujou pa konnen, paske nou la pou nou swiv. Kite mele nou nou fache, dayè pwoblèm Nido pa pwoblèm nou. Gad sa ki rive negwo a.

Lè Sacha retounen bò kote Nido aprè li fin pale ak Nadin, manmzèl bay yon kokenn chenn souri san parèy ki fè li reyone tankou solèy douvan de boul je Nido. Misye pa sispann griyen ti dan li yo, kwake kè li toujou ap kase paske li konnen li anafè. Wou! Sispens! Nido pa ka tann ankò pou li poze Sacha kesyon:
- Kisa ki fè kè’w kontan konsa a Cha?
- Kè’m kontan, se tou. Ou pa konn gen kè kontan tou ou menm?
- Wi, men mwen toujou di poukisa. Kontrèman la a, ou pa di kisa ki fè sa.
- Bon, mwen kenbe sa sekrè pou mwen.
- Ale Sacha, poukisa w’ap fèm sekrè a la?
- Paske se dwa mwen pou’m fèw sekrè. Dat ou t’ap fèm sekrè tou, koulye a ou wè konsekans yo?
- Waw! Sacha ou p’ap fin ak koze sa a?
- M’ap fini ak li lè mwen fini ak ou.
- E kòman ou konte fini ak sa?
- Nan sekrè sa a ke’m genyen an.

Nadin reparèt e li di Sacha.
- Bon, mwen ale wi. M’prèske an reta nan sèvis Legliz la.
- Ale non sèvant. Ou tèlman sou levanjil sèjousi, sim te tankou’w m te delivre deja.
- Kòman sa ou te delivre deja a?
- Paske m t’ap li 17 sòm dèyè Nido pou’m fè’l peye tout sa li te fè’m.
- Ouf! Tèt ou pa bon ou menm.

Nadin vire lale. Ki nouvèl sa menm ki rechofe kè Sacha konsa a? E pouki li kenbe sekrè a pou Nido? Petèt pou’l fè’l kontinye soufri...Konsa tou...Bon banm pa pale koze moun yo papa. Men omwen, Nido konnen ke se pa pitit la Sacha konnen li genyen. Se konsa wi jounen an te fin pase ant mesye dam yo. Babay e byenveni nan yon lòt koulè solèy.


Pwoblèm yo chanje katye

Maten an byen bonè Nido abiye li tankou yon kòk gagè nan gran lakou Mapou. Ton sou ton, eskini pa gen pase li. Dènye jou sa yo, pye pantalon tounen manch chemiz. Manch chemiz tounen chosèt. Tout ti bway sou frechòp. Dan sere, sousi kadnase. Tou dwat tankou lèt I nan pitimi ki fin mi. Pou jan’m wè pantalon sa a sere la a, genlè se lwil maskriti y’ap pase nan kakonn pye misye pou retire li. M ta di yon bagay konsa sou Fesbouk, like t’ap fè kenken jis yo bloke’m. Bon, kite koze pran pawòl. Men nonm lan...

Rive li rive devan baryè kay Sacha a, se te menm moman an, li wè 2 malèt k’ap soti nan men jeran an. Koumantchouboulout! Sak pral gen la a? Sacha k’ap kite peyi a. Rete!

- Kòman? Kòman...? m pa konprann.
- Se ou ki mèt kay la koulye a? Jeran an mande li.
- Non, men kisa ki...ooo apa m wè Sacha byen fre. Ki kote li prale la a? Nan joune lanmè oubyen nan plaj?
- M pa ka di’w men sèl sa’m konnen sèke ni plaj la ni lanmè a tout se dlo. Nan yon sans, ou pa twò lwen non paske li pral lòt bò dlo.
- An an, se poutèt sa Sacha t’ap ri lòdjou a avè’m nan? Se sekrè a sa? Oke,....(vwa Nido chanje) oke... pa gen pwoblèm.

Sacha pa’t gentan wè Nido. Misye tou chape poul li papa. Gen de batay w’ap mennen se vag ou bay paske’w deja pèdi. Yo di gen kou, men gen kou pase kou. Lavi a pap di’w men li chaje sipriz pou ou wi. Ti tonton an fin pase tout mizè sa yo nan sipòte tout kalite malonèt ak desepsyon epi pou se sa li jwenn. Antouka Nini Dodo, ou peye sa’w te fè, reziye’w zanmi pa’m.

Gade yon lòt sipriz ankò!                        

Djeri resi kwaze ak Nido. Sa fè lontan en? Ebyen, mond lan se yon kase tounen li ye wi. Se la a nou tout ye. Ou te mèt jis Lachin, mwen an Almay, se la a nou ye wi. Pa gen lwen, pa gen distans paske nou anba menm solèy. Se menm syèl la ak tè a wi. Aw te panse menm? Djeri ka fre tou men pa pase Nido: debès!
- Sa kap fèt Nido?
- Nou la wi. Nido reponn tou piti, tèt atè chita sou yon vye wòch kèlke mèt avan lakay li.
- Di’m non zanmi’m sa kapfèt?
- Ebyen, nèg ap konte pwoblèm.
- O ki pwoblèm sa ? Apa’m wè je’w tou wouj, ou pa’t dòmi yè swa?
- A, w’a pase ‘m nan betiz monchè. Ou byen konn pwoblèm mwen.
- Bon,...eee. banm wè:...Sacha?
- Egzakteman...se li menm, menm li menm nan.
- Tèt chaje. Ti kòmè sa a ap fin chifonnen’w nèt.
- Chifonnen sèlman? Alèkile la a se nan dlo wi mwen ye ap neye. Tonisboulit mwen, se mwen ki mwen an wi. 18 premye lo, mwen m pa ka pa milyonè menm. Jan’w wè’m lan se pa konsa map rive. Respè pou ou blak. Yès!

Bouch Djeri rete tou ouvè ap gade Nido k’ap pale. Eske sa’m sispèk la se sa? Eske sa m’ap tande a se sa tout bon vre? Si yon bagay konsa ta fèt, konnen se pa pwoblèm sèlman Nido pral jere la a.

- Nido? (Djeri di li)
- Nido wi... (bwèt, zonbi dans le pays).

Djeri mete 2 men sou tèt, li kanpe epi li kòmanse repete.
- Woy! Nido fou pou Sacha mesye! Nido fou. Woy! Nido fou! Rete, Nido fou. Kisa? Nido fou. O? Pou fanm wi papa!          

Dizyèm epizòd

3 mwa apre…
Bondye pa konn bay pèn san sekou. Depi ou gen pasyans, pwoblèm ou yo gen pou rezoud. Soufri pou tan ou ka soufri zanmi mwen, yon jou kanmèm, wap delivre. Sa fè twa mwa depi Nido pa pran nouvèl Sacha. Gras ak bon zanmi li Djeri, li te rive rejwenn bon sans li. Li pa’t janm lage li. Aprè yo te fin soti lopital, Djeri te rete trè fidèl e pi fidèl pase avan lè yo te zanmi. Tout bagay te fin regle antre mesye yo. Men sa k te rive antre yo yon jou :
Pandan yo t’ap mache ansanm, Djeri te mande Nido
-          Ou pa janm wè Maks?
-          Non epi se enposib pwiske misye lage li Brezil.
-          Tèt chaje ! Tout jèn yo prèske fin kite peyi a nan zafè Brezil sa a. Se pa ti kòb non ou peye pou’w fè vwayaj sa a Nido.
-          Ebyen, se kòb yo genyen. Gen moun ki vann tè, sa k vann machin, lòt ki plane kay e vann tout byen jis pou yo ka kite peyi a.
-          Men finalman ki avni Ayiti paske lespwa tout tijèn se kite’l pou al chache yon lavi miyò. Ki mal Ayiti fè pou l’ap sibi tout mal sa yo ?
-          Jan moun yo di’l la, Bondye sèl ki konnen paske prèske tout moun ki di yo pral chanje sa, se lavi pa yo ki chanje. Se sa ki fè chak ayisyen bezwen chanje Ayiti.
-          Si’m byen konprann, se nan lide pou yo chanje vi yo?
-          A! se pa sa m di non, men si se sa ou wè konnen se sa.
Djeri teke Nido nan tèt epi li ri. Sanzatann, Nido gade Djeri, li di:

-          Djeri…èske’w padone m vre pou sa k te rive antre nou an ?
-          Wi, e mwen menm tou se kesyon sa a map poze.
-          Mwen padone’w. E franchman, si se pa’t ou menm, m pa konn ki valè dega m te ka fè. Anpil moun ap di m te konn ap mache touni. E ou pat janm fatige pran pasyans avè’m.
Djeri bese tèt li, li di Nido.
-          Pa kontinye Nido, w’ap fè’m kriye. Tanpri,…se te jis pou’m te montre’w ke ou se bon patnè’m.
-   Mèsi anpil Djeri.
-   Ou menm tou Nido.

Zanmitay? Sèl 2 bon zanmi ki pou ta eksplike’w. Gen zanmi nan bouch, zanmi nan pòch, zanmi okazyonèl. Gen zanmi pou zanmi, zanmi pase zanmi, zanmi kot zanmi. Gen zanmi ki pi fidèl pase yon frè, yon sè. Gen zanmi ki pi enpòtan pase richès paske byen ka kite’w nan yon sèl kout zeklè 12 janvye 2010.

Gen moun tou ki bliye fanmi yo poutèt zanmi, sila ki prè pou kraze tout relasyon ak fanmi yo poutèt yon grenn zanmi. Kilès ki ta di Djeri ta retounen bò kote Nido konsa? Kilès ki ta di Djeri ta pran swen Nido konsa? Yon nèg ki te fin rele’w nan leta tèlman li pa’t ka rezoud ti pwoblèm li avèk ou. Antouka papa, li te padone li, e se sa ki pi enpòtan.

Pandan yo nan wout la, Nido kontre ak Nadine. Manmzèl sezi wè Nido paske li konnen li te malad. L’ap souri men Nido rete byen deside. Djeri menm pa gade manmzèl menm?

Li apwoche mesye yo, li salye yo e pi li mande Nido.
- Kòman ou ye Nido? Sa fè lontan m pa wè’w wi.
- Ebyen mwen la wi gras ak Dye. E ou?
- Mwen la wi. Ou konnen, n’ap gade san pran. M wè’w byen anfòm papa.

Djeri ap ri anba anba, li fè yon ti deplase paske li sispèk konvèsasyon an ka vire. Nido ki konprann tou, pare li pi byen pou pale ak Nadine.
- Ou twouve ke mwen anfòm? Si ou di sa ak tout kè’w, m remèsye ou.
- Mesye, m kontan wè’w anpil wi Nido.
- Mwen tou, e m pa kwè kontantman mwen an pi fò pase pò’w la. Paske’m pa’t panse rewè lavi ankò, men Bondye pi fò.
- A wi li pi fò.

Nadine souke zepòl li. Nido pa sispann gade li nan je tankou lòt la te di: Cheri mwen renmen tout manti’w te banm yo. Sam pi renmen an se lèw te dim ou renmenm nan. Nadine ki pa jwenn anyen pou ajoute, fè konklizyon:
- Ebyen, mwen panse n’ap rewè ankò, pa vre.
- M ret kwè sa paske se la a nou ye.
- Ou pa gen telefòn? Mwen t’ap bò’w nimewo’m epi’w ta rele’m.
- Non, m pa sèvi ak telefòn ankò pou yon ti tan. Men m panse n’ap rekwaze yon jou konsa.
- Dakò. Pase yon bon fen jounen.
- Ou menm tou Nadine.

Nido pran tan li pou gade Nadine ki raple. Aprè yon mèt, li vire gade Nido ak yon souri san parèy. De bwa bòzò a kwaze l’ap kontanple Nadine. Fò’w ta la pou’w wè kòman Djeri ap gade Nido tou. Djeri rele misye pou li di li:
- Yow, ou genlè bliye kote’w soti?
Nido ri, li souke tèt li, l’apwoche  Djeri pandan l’ap di li:
- Si’m di’w yon bagay ou pap kwè’m.
- Kisa li ye a la menm? Djeri mande.
- Rezon ki te fè’m pran tan ap gade li a se paske m wè nan zye li Sacha k’ap pale lè’m te fèk rankontre li.

Aswiv...


Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...