samedi 14 novembre 2015

Feuilleton / NIDO NAN PWOBLEM: Episode 1-5

Premye epizòd

Sacha lopital

Yo vin anonse Nido ke menaj li lopital Dechapèl. Men li pa ko konnen poukisa. Rapid, li pran bekàn li ale kay zanmi li Djeri ki konn tout ti sekrè li. Li rive tou swe, tou bouke :
-          Djeri, Djeri, m nan pwoblèm.
-          Kisa’w genyen ? Bon misye pa janm pa nan pwoblèm li menm ? Sak pase’w menm ?
-          Monchè, m fèk aprann ke Sacha lopital Dechapèl depi maten.
-          Epi?
-          Kòman epi a…? Mwen di’w Sacha lopital ou di epi ?
-          Rete ! Se mwen k koz li lopital la ?
Tèt Nido pati, li pase men nan figi li plizyè fwa epi li lage l kò’l atè devan kabann Djeri a. Djeri di li :
-          A ! M p’ap vin responsab lanmò la a non papa, sèkèy koute chè wi sèjousi.
-          Djeri, si’w te konnen sa k genyen la a, ou t’ap kouri al achte sèkèy la pou mwen paske lanmò genlè pi bon pase lavi nan sikonstans sa a ?
-          An ! M konprann…
-          Kisa’w konprann nan ?
-          Sacha ansent Nido…
-          Mèwi, se sa k pi fasil pou ou e se sa’w ta renmen rive, pa vre ?
-          Non, men mwen imajine ke se sa sèlman ki te ka bò’w pwoblèm ak menaj ou. Nimewo 1, ou pa marye. Nimewo 2, ou pa ni manman ni papa Sacha.
-          Ebyen si se pou sa yo ki ta pou fè’m gen pwoblèm, ou pa ko janm renmen Djeri.
-          Si se vre, di’m sak bò’w pwoblèm nan pou’m wè.

Nido leve li chita sou kabàn lan epi li kòmanse pale konsa.
-          Ou ka dim kisa ki ka rive si yon fi ki fè kè fè sezisman ?
Djeri sezi, li mete 2 men nan tèt ! Nido kontinye pou di li:
- Sacha dekouvri m renmen ak yon lòt tifi.
-          Yon lòt tifi ? Kilès sa?
-          M’a gentan di’w non li, men pou koulye a, se pwoblèm mwen m’ap jere.

Trayizon oubyen jalouzi ?

Djeri ak Nido se 2 elèv lekòl, yo nan menm klas, yo gen menm tay, menm koulè. Gen moun ki menm di yo se marasa. Nou nan yon fèt anivèsè kote yo te envite 2 mesye yo. Kouzen Nido a la tou, li rele Maks. Aprè kèlke minit  fin pase, mesye yo separe, bon mizik  ap tonbe nan fèt la, tout tèt kole, kò kontre nan danse. Apèn Nido fin voye zye li nan yon kwen, li wè Djeri k’ap pale ak yon jèn fi. Men jèn fi a bay Nido do, e Djeri pa wè si Nido ap gade li. Pandan tan sa a, kouzen li an Maks vin rive bò kote li. Li pase men li devan figi li plizyè fwa, li di :
-          Reveye’w tibway.
Nido al chita sou yon chèz nan yon kwen ak Maks. Y’ap pale:
-          Sa’w gentan gen la a kouzen ?
-          Djeri trayim.
-          Kòman sa li trayi’w la ?
-          Djeri trayim Maks.
-          Men kòman, kòman li trayi’w la ?

Maks fè yon ti reflechi, li di:
-          Ooo! M wè kote’w ye a. Sa vle di Djeri trayi’w paske l’ap pale ak tidam lotbo a, se sa?
-          Wè !
-          A a a a ! Se menaj Djeri wi Nido.
-          Kisa ? Menaj Djeri, m’ap koze avèk li, li fè’m kwè li pa gen menaj.
-          Bon, ou pa nan peyi isit menm si se pou sa.
-          M pa konprann sa’w vle di a la menm Maks.
-          Ou gen pou’w konprann lè’w dekouvri ke’w nan erè.

Nido pa di anyen. Li pa menm kite fèt la fini, l’ale lakay li. Maks tou swiv li. Nan demen maten, lè Djeri rankontre Nido, li di li konsa :
-          Bon, kisa ‘w fè’m la a yè swa ?
-          Kisa’m fè’w ? Kisa’w fè’m oubyen…..??
-          O ! M pa konprann, kisa’m te fè’w ?
-          Mwen menm tou m pa konnen kisa’m te fè’w.
Nido tou deplase san ajoute yon mo. Djeri sezi men li pa janm konprann poukisa Nido reyaji konsa.

Pwoblèm sou pwoblèm

Nou nan restoran nan Sant Fòmasyon Montessori Lyankou a, Sacha ap bwè yon tiju ak yon jenn gason ki rele Keni. Yon bon kout dwèt mennen Nido isit avèk kouzen li Maks. Sacha ki te wè li depi lè l’ap antre a fè plis mouvman pandan l’ap ri ak Keni, yon fason pou agase Nido. Nido apwoche epi li di :
-          Bonswa mesye dam.
-          Bonswa, ( yo tou 2 reponn an menm tan)
-          E.e…Sacha m ka fè yon ti pale avèk ou silvouplè ?
Sacha souke tèt li, li di :
-          Kòman’w fè konn non mwen ?
-          Kisa w di a Sacha ? Nido wi ou mande si’l konn non’w lan ?
-          Nido ? Men sa non sa a pa raple’m anyen. Ou rekonèt li cheri ?
-          Kisa ? Cheri ? Kisa sa vle di…franchman m pa konprann.
Keni fè yon ti leve, li di :
-          Ou deranje’m wi sitwayen.
-          Se mwen ki deranje’w ? A a !
Sacha di :
-          Keni, ann ale pou yon fwa dakò ? Kite rès ji a pou misye.
Maks di :
-          Ala frekan tifi sa a frekan papa.
Nido reponn :
-          Ou rele sa a frekan ? Se plis ke sa.
Sacha deplase ak Keni, yo te vin sou moto. Yo remonte epi yo lage gaz. Pandan Nido ap gade yo prale, Maks mande li :
-          Apa’w pa fè anyen Nido, w’ap kite l ale ak Sacha konsa ?
-          Ou wè’m sanble ak yon prizonye ?
-          Non, men’w te di’w prè pou’w fè kennenpòt bagay pou Sacha jis pou’w pa pèdi’l.
-          Egzakteman ! E se sa ki pral rive paske trè byento ou pral gen nouvèl.

Dezyèm epizòd

Nido fèk tanmen nan pwoblèm

Djeri vin kay Nido maten an pou li pale de sa ki te pase nan fèt la. Tou tris, Nido pa sou reponn.
-          Yow, epa’w pa janm rele’m depi lòdjou a Nido ?
-          Kòman, se sèl mwen ki gen nimewo telefòn ou?
-          Kèt ! Misye toujou nève.
-          Bondye fè ou tou wè sa.
-          Men, m pa rive konprann pouki’w aji konsa paske’m pa fè’w anyen ki mal. Nou ale nan yon fèt, ou al kite’m san’m pa konnen. Mwen kwaze avè’w nan demen maten, ou fè’m malonèt. Maten an ankò, ou toujou pa sou pale avè’m. Bon, pa gen pwoblèm, kòm ou pa vle tande’m, m te gen yon bagay m t’ap di’w m bay vag.
Nido ki konnen sa ki genyen ant li menm ak Sacha, kouri di :
-          Kisa’w t’ap di’m nan ? (Li souri)
-          A a w’ap souri koulye a ? En en…m p’ap di’w anyen.
-          A monchè, di’m bagay la non ? Ou te wè Sacha ?
-           Wi, e li di’m trè byento li pral fiyanse.
-          Kisa? (Nido mete men sou kè li)
-          Koulye a se ou k’ap fè kè papa. Antouka, m poko ka konprann kòman sa pral fè posib paske ‘m konnen se ou menm ki menaj Sacha.
-          Franchman, nan sa m’ap pran la a, prefere’m pa’t nan zafè renmen sa a.
-          Men jiskaprezan, li pa two ta pou’w fon kraze kite sa.

Nido sonje lè Djeri te nan fèt la ak madmwazèl la, li di :
-          Mwen swete’w pa gen lòt ide dèyè sa’w di a paske l’ap grav pou ou anpil.
-          Nido, ki lòt ide m ka genyen pou mennaj patnè’m ?
-          Patnè ? An, ou se patnè’m ? Epi….bon, bay vag.
-          Finalman Nido, w’ap di’m sa k’ap pase a paske m vrèman pa ka konprann sa w’ap di yo depi lòdjou. Si’w pa ka di’m kisa’m gen avèk ou, n’ap kraze zanmitay la. Twòp sekrè, twòp sekrè…
Nido souke tèt li plizyè fwa, li souri epi li pran telefòn li, li rele Sacha. Pandan l’ap fè apèl la, Djeri mande li.
-          Kisa’w ap fè’m la ?
-          Kisa’m fè’w ? (Nido mande li)
-          M ap pale avèk ou, epi w’ap fè apèl, sa vle di, sa pa enpòtan pou ou ?
-          Djeri, ou konn sak genyen ? Kite’m jere pwoblèm mwen tande.
Telefòn nan dekroche.
-          Wi, kòman’w ye? (Nido mande li)
-          Mwen anfòm grasadye, e ou menm?
-          Mwen la, m’ap gade san pran. Koute non, yon enfòmasyon m te vle konfime wi silvouplè.
Djeri met de men nan tèt, li di :
-          Yow, pinga’w di se mwen non
Nido kontinye pale :
-          Apa m tande ou pral fiyanse ? Akiyès ?
-          Akiyès ou ta vle’m fiyanse ? Ak yon bèt oubyen…
-          Non, se pa nòmal sa Sacha, ou deside twò vit cheri, poukisa se konsaw fè’l ? M pa gen anyen avè’w.
-          Se ou ki panse sa Nido.
-          Men sa rezoud deja Sacha.
-          E kilè sa te rezoud?
-          Sacha, Sacha kisa’w vle’m fè pou sa rezoud ?
-          Si’m di’w li w’ap fèl Nido ?
-          Wi, monamou, m’ap fè’l, mande’m sa’w vle.
-          Dakò, ebyen retire non mwen nan vokabilè’w, debranche’m nan kè’w oke ?
Nido tèlman sezi, li pa di anyen ankò. Sacha fèmen telefòn nan, Djeri ret bouch ouvè epi li monte epòl li kòm siy pou mande kisa Sacha di. Nido gade Djeri, li pran yon ti souf epi li bese tèt li. Nido kòmanse kriye :
-          Sacha kite’m tout bon vre Djeri.
-          Kòman sa ?
-          M mande’l kisa pou’m fè pou’l padone’m, li di’m poum retire non li nan vokabilè’m.
-          O se vrèman tris.
 Pandan tan sa a, Maks vin parèt tou swe tou bouke.
-          Yow, Nido, m pa jwenn zam nan non.
-          Zam ? (Djeri di) Poukisa zam nan, sa’n pral fè avè’l ?

Twazyèm epizòd (swit 2e)

 - E kisa ou konnen yo konn fè ak zam? (Nido di) Se pa fistibal non yo di’w: zam.
Djeri sezi, li di:
- Men pa di’m se pou tiye’m non Nido.

Maks pete yon chèn ri, li di:
- Lè pa’w la poko rive ti papa, men ou sou lis la.
Djeri pa fè ni 2 ni 3 li deplase san di anyen. Ni youn nan lòt mesye yo pa di’l anyen tou. Lè li fin deplase, Maks mande Nido.
- A ki entansyon Djeri vire konsa a Nido?
- Li pè monchè, epi kisa ankò?

Nou nan chanm Nido a, demen  aprè sa ki te fin pase ant li menm ak Djeri a. Pòt la frape: kow! kow! Nido kouri li leve l’al ouvri an pansan ke se Sacha ki vin lakay li poutèlman misye pasyone. Li ouvè pòt la epi li di :
- Sacha cheri....
Moun ki te frape a di:
- Manda cheri.
- Manda? Poukisa? M nan kont ak moun?
- Sa a se lè ou rive nan tribinal la w’ap konnen. Kanta mwen menm, m fè devwa’m, m ba ou li.

Nido pran manda a epi li tounen chita. Lè li fè lekti, li wè ke se Djeri ki voye manda a ba li. Tèt fè mal pran Nido rapid, tou 2 men li ap tranble. Li pran telefòn li rele Maks.
- Maks, nou nan pwoblèm pi rèd.
- Ki pwoblèm sa a Nido?
- Djeri voye manda banm wi man.
- Kisa? Manda poukisa?
- Daprè sa m’ap li la a se pou menas. Ou wè’m te menase Djeri Maks?
- Non, men...eeey, tèt chaje. Tout bagay sa a rive la a akoz Sacha’w la.
- Sa n’ap fè Maks?
- Kòman sa n’ap fè a? Se 2 chwa wi, mawon oubyen ale nan tribinal la.
- Bon kote nou pral gen kòb pou’n peye avoka Maks.
- A! Nou pa bezwen avoka, nou prale e n’ap defann tèt nou.
- Maks, m pa gen kò pou’m al kwoupi nan prizon non, m plis wè mawon an wi mwen.
 - Ki bagay mawon misye ap pale la a? Se jis yon envitasyon yo fè’w pou’w al reponn kesyon sou sa’w te di’m kwè. M’ap vin touswit.

Lè Maks rive, li li manda a. Jodi a se vandredi, yo pral nan tribinal la lendi.  Yo kase randevou e yo pa di pyès paran yo sa.

Bondye ka rezoud tout pwoblèm

Sa fè lontan Nido pa vin pa bò isit, nan kay yon sèl chanm sa a kote tout moun wè moun, tout moun konn moun. Ou wè ki kote m’ap pale a wi, nan Legliz! Nido saj, poze, frèt paske li vrèman gen pwoblèm. Menaj li non sèlman konnen li twonpe’l men sitou li kite’l e plis ankò li renmen ak yon lòt patnè. Pi bon zanmi li trayi li jis li rive ba’l manda. Sa’k pi rèd la, li pa ka di paran li anyen de sa. M! Bondye ka rezoud tout pwoblèm. Nido kòmanse priye, je fèmen, tèt sou ban:Jezi men pwoblèm yo!

Jodi a se dimanch, demen Nido pral nan tribinal. Sanzatann, yon dam vin parèt, li chita bò kote li devan Legliz la lè yo fin relache. Li di li:
- Frè mwen, kòman ou ye?
- Mwen la wi manman’m nan. N’ap viv ak Jezi.
- Pa gen lòt chwa pitit mwen, paske lavi sa a tèlman gen pwoblèm, si yon moun pa chache gen Jezi kòm bousòl, li ka rive fè tout sa ki mal. Kòman ou rele?
- Nido Doratien.
- Dakò, mwen se Madame Duraplas Elisema. Koute frè Nido, mwen gen yon mesaj pou ou.

Kè Nido kase, li pa’t atann ak yon konvèsasyon konsa. L’ap koute avèk atansyon. Dam nan kontinye pou di:
- Lè yon moun fè yon bagay ki mal, si li pa pran konsyans ke se yon mal, sa ka pouswiv li nan tout sa l’ap fè nan vi’l. Menm moun li pa ta panse ap leve kont li. Men Bondye bay tout moun posiblite pou yo rekòmanse depi yo rekonèt erè yo. Sa pa toujou fasil pou yon moun fè sa men se lesansyèl.

Nido reflechi sou sa dam nan di a, li reponn:
- Mwen konnen sa’m pral fè, paske tout sa ou di se verite.

Katriyèm epizòd

Nido bezwen rezoud pwoblèm
Sa pa’t fasil menm pou Nido pou sa te fèt, men li te oblije, paske se li ki te antò. Sa fè, koze a pa’t gentan rive devan jij depè, misye te degaje li ranje sa ak Djeri. Nou devan pòt kay Djeri a. Nido ap pale:
- Monchè, se fòt mwen ou konprann paske tout sa rive la a poutèt yon fi. M vrèman dezole tou.

Djeri reponn:
- Ou konn sa ki pwoblèm mwen la a Nido? Sèke m poko janm konprann sa w’ap pale a. Depi lè nou sot nan fèt la, ou fache, w’ap fè enbesil jis ou rive menase’m. Nan tout sa, m pa wè rezon an.
- Bon, banm di’w verite Djeri. Ou wè madmwazèl ou t’ap pale ak li a nan fèt la?
- Wi, epi?
- Se menaj mwen li ye.
- Kisa? Menaj ou?kkkkkkk
- Koulye a w’ap ri’m pa vre?
- Men sa merite ri Nido. Sa a ou pa’t ka di’m nan? Bon, menm Maks te renmen avèk tifi sa a.
- Kisa’w di’m la a Djeri? Maks kouzen’m wi?
- Kouzen’w de wat?

Tèt fè mal. Yo di sa wi: ou pa rezoud pwoblèm, se chanje ou chanje pwoblèm. Nido pa kwè nan sa li tande a, paske Maks pa ka fè li yon bagay konsa.

Nan yon lòt kote, Maks ap pale ak yon moun nan telefòn.
- Wi, sa kap fèt? Ou anfòm?
- Mwen la wi, e ou menm?
- Ou konnen, nèg ap frape piti piti. Tande non, m bezwen wè’w wi, li pap posib pita?
- Pita ki kote? Poukisa?
- O o, poukisa’w poze kesyon sa yo?
- Paske’m vle konnen. Anplis, se mwen k’ap deplase, fòk mwen konnen kote m’ap vini.
Nou tounen nan dyalòg Nido ak Djeri a.

- An se sa ki genyen la a? Nido mande.
- W’ap gentan konnen. Ou t’ap pran prizon pou rans epi lè’w t’ap vin dekouvri laverite, ou t’ap tou mouri sezisman.
- Kèt mesye! Moun pa dwe fè moun konfyans vre.

Nido mete 2 men nan tèt. Djeri gade li epi li di misye:
- Konfyans pa fèt san konesans zanmi’m. Se paske’w pa’t konnen’m ki fè’w pa’t fèm konfyans e se paske’w te panse’w te konnen Maks ki fè’w te fè’l konfyans.
- Ou gen rezon’w Djeri, men mwen mande’w padon paske’m te fè yon erè.
 - Bon ou pa’t fin fè erè nèt paske’m te renmen ak tidam nan tou.

Djeri ri pandan li di sa a. Nido di li:
- Antouka, m lave men mwen, mwen siye’l atè. Apati de jodi a, m pa gen dwa janm fè zanmi mwen enmi pou koze fi. M’ale Djeri, n’a rewè ankò menmsi m konnen m pa merite zanmi’w ankò.

Gen pwoblèm nan koze renmen sa a. Pou yon sèl fwa, Nido bezwen rezoud tout pwoblèm li ak tout moun, men pi gwo a se tristès k’ap manje kè li akoz de Sacha. A! Yon belouz Nido renmen anpil konpè. Ala traka!

2 jou fin pase depi Nido te fin rekonsilye ak Djeri. Alèkile, ti jennonm lan devan baryè kay Sacha a l’ap frape, sispèk sispèk, l’ap panse ak yon bokit dlo li ka resevwa menm jan ak Tipyè nan Lavi Tinèg. Chans pou li, se jeran an ki vin ouvè.

- Bonswa mesye, jeran an di li.
- Bonswa Mesye Jak.
- Mwen ka ede ou silvouplè?
- Wi, mwen te bezwen madmwazèl Sacha, m pa konn sil disponib.

Jeran an ta pral di li pa la, men Sacha ki gentan tande e ki rekonèt vwa Nido di:
- Ou mèt kite l antre wi Mesye Jak.
- Dakò ! Mesye Jak reponn.

Tou wont, Nido antre epi Sacha envite li chita. Pandan tan sa a, manman li nan salon an ap swiv depi lè baryè a ouvè a. Sanzatann, Nido kòmanse pale, Sacha kwaze 2 bra li ap koute.

- Sacha, mwen rekonèt ke’m te vyole konfyans ou.
- Se pa ou te non, ou vyole konfyans mwen paske jiskaprezan, sa fè’m mal.
- Mwen konnen, e ou gen rezon paske mwen pa’t dwe aji konsa avèk ou. Men ou menm tou ou vyole konfyans mwen.
- Kòman sa m vyole konfyans ou a? ou fou?
- Ou bliye si’w te di’w pa’p twonpe’m menmsi m ta twonpe’w?
- kkkkkk (Sacha pete yon chèn ri.) Tu me fais rire Nido, franchement, t’es minable. Konprann sa byen, m pa twonpe’w Nido. Ou konnen sa k fè sa? Paske’m kite’w. Si’m te toujou renmen avèk ou, m t’ap twonpe’w parapò ak sa’m te di’w men se pa ka sa a ki prezante la a.
- An an ou kite’m vre Sacha?
- Men konbyen kite ki genyen?
- Ou banm vag vre Sacha?
- Men konbyen vag ki genyen?
- Ou pa renmen’m ankò Sacha?
- (silans).....Wi, men mwen p’ap rebòw’ chans sa a ankò pou’w vin blese kè’m jan’w fè’l la.
- Men m di’w regrèt sa’m te fè a, e m mande’w padon.
- Regrèt e mande padon pa vle di ou gen dwa pou’w rekòmanse. Dayè, m pa Bondye.
- Mwen konnen men Bondye di pou imite’l. E Li mande pou nou padone plizyè fwa.
- Bondye di tou pou nou pa fè lòt sa ki mal. E pou tout sa’w fè ki mal, w’ap peye konsekans la.
- Dakò Sacha, m’ap peye konsekans la. Ou mèt pete je’m pou’m pa wè lòt fi. Anprizone’m pou yo pa manyen’m. Si’w vle menm, ou mèt koupe de pye’m ak de ponyèt mwen. E si sa posib menm, revoke jeran an banm djòb la.
- Ou genlè fou vre Nido, poukisa w’ap di tout bagay sa yo?
- Paske’m prefere sibi tout konsekans men kanta pou pa avèk ou a, se bliye sa. M prè pou’m pèdi tout bagay men se pa ou menm.

Sacha pa di anyen paske li wè manman li ap vini an silans. Lè Nido resi wè li, li di:
- Men mwen wi mesye Nido, se mwen ki mèt kay la.

Senkyèm epizòd (Swit 4e)

Animal nan mal, li nan mal nèt. Nido sezi men li pa ka fè bak ni bay pawòl paske li rete kwè ke manman an te tande tout sa li t’ap di yo. Devan gwo nèg, se swa ou chape poul ou oubyen ou goumen pou sove diyite’w. Konsa, Nido pa’t pran tan pou’l di:
- Manmi, mwen renmen Sacha anpil.
- Abon! M pa’t konnen koze sa. Anplis, ou gen anpil kouraj men ou riske lavi’w pou’w vin lakay mwen vin fè gwo deklarasyon sa a.

Imèn, Manman Sacha se yon blagèz! L’ap pale, l’ap ri. Men Sacha konnen tou nan bay blag, manmman li konn di pawòl serye.

- Bon, di’m non Nido. Kiyès ki manman’w? Kiyès ki papa’w? Kisa’w fè nan lavi a menm? Natirèlman, alaj ou ye, mwen sipoze ou poko fin lekòl. Kisa w’ap fè si Sacha ta rive tonbe ansent?

Nido li menm ki deja nan batay, pa manke bay bon repons.
- Men kòman li pral fè tonbe ansent manmi Imèn paske nou pa nan relasyon seksyèl. Nou jis renmen.

Sacha kouri pran lepye pou’l di:
- Nou te renmen Nido, dakò?
- De tout fason Sacha, nou pa’t janm nan vi sèks pa vre ? Nido mande l?
- E nou p’ap janm ladan paske se fini ant mwen menm avèk ou.

Mant Imèn ap souke tèt li paske li pa konprann nan sa li pran la. Pandan tan sa a, yon madmwazèl vin mande pou Sacha. Mesye Jak ki rekonèt li tou pa mande kilès li bezwen. Li fè’l antre. Lè li rive anba galri a, mant Imèn deplase epi diskisyon an tou rete. Kilès ki vin kot Sacha a menm? Fò’w ta wè figi Nido pou jan li sezi.

Zanmi an salye yo de a epi li chita ak Sacha, Nido rete rèd, li pa ka fè yon pa. De medam yo rete ap gade misye epi y’ap pale.

- Ou toujou nan mesye sa a? Tidam lan mande li.
- Mwen menm, dat m jete plim sa a, m chanje kaye lavi’m. Koulye a se yon lòt istwa m’ap ekri, yon istwa ki poko janm rakonte.
- Ekri pitit, mwen m’ap pran plezi nan fè lekti. Di’m non, ki pwogram ou pou demen? Ou pa pral nan joune a?
Pawòl sa yo pa manke dechire kè Nido. Ak kiyès li prale? Nido toumante, li rele Sacha sou kote pou l di’l yon ti koze. Sacha pa refize’l.

- Sacha, akiyès ou pral nan plaj sa a?
- Ooo! ki dwa’w pou’w poze’m kesyon sa a?
- Men m se menaj ou Sacha.
- Waw! Kisa’w vle’m fè pou’m fè’w konprann ke istwa sa a fini? Nan ki lang pou’m pale?
- Gen yon bagay ou ka fè, men ou pa p gen ase kouraj pou’w fè sa.
- E kisa l’ ye?
- Retire souf mwen.

Sacha mete de men sou kote li, poste l’ap gade Nido soti nan pye pou rive nan tèt. Zanmi an menm ap swiv.

- Gade’m byen! Ou wè’m sanble ak yon kriminèl? Se mwen ou bezwen ki pou pote non lougawou a? Se sa’w ta swete pou mwen Nido?
- Sacha...
- Reponn mwen m mande’w
- Sacha...tande...tande... m vle’w konprann ke san ou mwen pa ka viv. Kidonk, prefere m pa egziste ankò si se konsa pou bagay yo ap kontinye. Se sa ki fè’m di’w sa.
- Ebyen, ou twonpe ou Nido paske m pap ka rann ou sèvis sa a, ni mwen p’ap ka rezoud pwoblèm ou genyen an. Dezole.

Sacha vire do li l’ale, podyab pou Nido. Malere a oblije soti tou wont devan lòt zanmi an.


Aswiv...

1 commentaire:

  1. bon Travay patizan. istwa à kalkile e byen rakonte. ou santi se kout plim yon moun ki konn sa lap fè à ki depoze. kenbe konsa.

    RépondreEffacer

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...