samedi 14 novembre 2015

Feuilleton / NIDO NAN PWOBLEM: Episode 11-15


Onzyèm epizòd
- Kisa’w di’m la a Nido?
- Anyen non, se te jis yon lide mwen t’ap fè de Sacha.
- Mwen ta swete sa. Di’m pito se te yon vizyon paske moun sa a pa egziste ankò.
- Ou kwè sa Djeri?
- E kisa’w te vle mwen kwè la menm?
- Non, se te jis yon kesyon.
- Sèlman, jou mwen ta...bon, prefere mwen pa di anyen.

Djeri gentan pran Nido depi anlè. Antouka, se li ki ka di kisa li te pran pou retire viris sa a nan san Nido. Sèlman, moun pa pale nan zafè de moun ki damou. Wa wont! Mèwi, w’a wont frè’m paske koze damouklès sa a ka lakoz yon nonm enmi’w jis nan simityè. Banm pran yon ti souf...

Bon, men pwoblèm...

Menm ti kote a ankò: nan Bibliyotèk la. Nido ki renmen fè lekti toujou sonje randevou sa a. Men pandan li byen lwen nan yon lekti, gen yon moun ki antre anndan an li pa menm prete atansyon ak sa. Kilès menm?

- Bonswa Nido, moun lan di.
- Bonswa, Nido reponn, o ou fèm sezi wi. Sa w’ap fè la a? Se pa yon abitid kanmèm.
- Awi, men de jou an jou, m’ap konprann enpòtans lekti. San mwen pa pote atansyon, mwen wè mwen vin renmen fè sa. E ou se youn nan moun ki ankouraje mwen anpil.
- Bon, mwen flate men se nòmal paske tout jèn ta dwe renmen fè lekti. Se youn nan mwayen pou’w konnen anpil bagay san’w pa bezwen deplase. Nan yon bibliyotèk, se tout yon mond ki egziste, Ou ka vwayaje nan peyi ou vle, san’w pa bezwen ni paspò ni viza.
- Waw! Ou vrèman adikte nan liv. Kòman ou fè konnen tout bagay sa yo?
- Bon, kòm mwen sot di ou, liv se yon sous konesans. Depi ou entèrese ak sa, ou ka konnen plis pase’m. Plis ou li, se plis ou konnen. E plis w’ap konnen, se plis w’ap konprann.
- C’est tellement beau de t’entendre parler.

Nido di nan panse li: Du français, ça commence. Kòm li wè konvèsasyon vle vire, Nido ap eseye detounen li.
- Di’m non Nadine, ou pa pran nouvèl Sacha?
Avèk jès vag, Nadin reponn:
- Non, mwen pa tande li non, sa fè trè lontan. Yo menm t’ap di li pral marye.

Woy! Kè Nido manke bloke.
- Kisa’w di la a? Se pa vre?
- E menmsi se pa ta vre?
- Sa pa regade ou.

Nido ki santi li fwase Nadin kouri reprann bon sans li.
- Eskize’m wi si’m pale yon ti jan dwòl. Se jis mwen santi nouvèl ou a twouble lespri mwen. E ou byen konnen ki efè sa ka fè.
- Se pa anyen. Mwen konprann reyaksyon ou yo. Se nòmal. Li pa fasil pou’w jere yon sitiyasyon konsa. Men mwen ou menm, mwen t’ap fè lòt plan paske franchman l’ap difisil pou’w ta rewè Sacha ankò Nido.
- Se pa rewè li ki enpòtan Nadin. Pou moman sa a, mwen vle konnen li egziste. Ke li marye, sa pa deranje’m, men lesansyèl, mwen vle tande bòn nouvèl de li nan fwaye li. Se pa satisfezan men omwen sa kore kè mwen. Pafwa, ou pa ka rive konvenk yon fi de santiman ou pou li, men sa pa anpeche ou swete bonè pou li ak moun li estime ki ka rann li pi ere nan lavi li.

Nadin fè yon ti gade Nido nan je pandan li mete men nan machwè li. Li di:
- Mwen konprann ou Nido, e pafwa tou, moun ou konn renmen an se pa li ou chwazi.
Move chwa se youn nan rezon ki ka fè’w soufri anpil.
 Nido souke tèt li, li di:
- Mwen aksepte e se sa ki fè mwen p’ap chwazi ankò.

Nadine etone, li mande li.
- Poukisa?
- Paske mwen pa wè lòt fi ki ka ranplase li. E mwen pè remete yon lòt imaj nan lesprim konsa.
- M ka konprann ou echwe men sa pa vle di pou’w pa kontinye eseye Nido.
- M’ap di’w 2 bagay. Premyeman mwen pa echwe, mwen te fè yon eksperyans ki ban mwen yon matirite. Dezyèman, mwen p’ap kontinye eseye yon bagay ki ka fè’m pèdi lavi mwen.  Mwen kwè ke li lè li tan pou’m pran lavi mwen an men. Mwen vin konprann ke gen de bagay ou pa kouri dèyè yo. Se kòmsi se kous w’ap fè ak lonbraj ou.
- Dakò, se byen si se ak lonbraj ou w’ap fè kous.
- Kòman sa ? Ou pa ka genyen lonbraj ou nan kouri.
- Egzakteman! Sa ‘w dwe fè se mache ak lonbraj ou paske lonbraj ou se ou menm.
- Kidonk, kisa’w vle di?
- Se limyè solèy la ki fè lonbraj ou ka egziste. Men se renmen ki ka fè yon moun tounen lonbraj ou. E si lonbraj sa a ta la gras ak limyè solèy renmen?
 Douzyèm epizòd

Nido poko fin kwè sa li tande a. Genlè l’ap reve toujou. Nadin sanble pa pou jwèt, li tounen pou bon. Dayè pa gen anfas menm. Sacha pa la, anplis manmzèl pa bay Nido regle aryen pou li. Sitou Nido vin anfòm: bo ti gason devan lasosyete. Nadin sanble yon malfini k’ap desann pou depoze lapat sou Nido. Gade jan l’ap gade tinèg la. Nan jan Nido fè figi li la a, Nadin pa espere jwenn yon bon reyaksyon non. Annou swiv…
-          Dèfwa, lonbraj ou konn pi piti pase kò’w. E lòt fwa tou, li konn pi gran. Se trè difisil pou’w konnen kilès ki se vrè a.
-          Ou ka vin pi klè Nido ? Nadin mande li.
Nido gade Nadin avèk anpil trandrès. L’ap souri e je li pa janm bat. Anfen, li di Nadin.
-          Poukisa ou vle yon jwèt konsa Nadin ?
-          Ki jwèt Nido ? Mwen renmen’w ak tout kè’m, menmsi ‘m konnen l’ap difisil pou’w kwè nan santiman mwen.
-          Se pa enpòtan Nadin. Moman an mal chwazi.
-          E ou panse w’ap jwenn yon lòt ankò ?
-          Sof si Bondye pa ta gran. Mwen kwè ak tout kè’m ke dezi mwen yo nan volonte li.
-          Dakò. Ou vle fè’m konprann ke gen lespwa pouw retounen ak Sacha menmsi li marye ?
-          Men m pat janm di’w mwen kite Sacha. Se li menm ki pati san li pa menm di’m sa. Petèt, li ka gen yon rezon ke’m pa konnen men sa pa retire anyen nan santiman mwen pou li. Mwen toujou renmen li.
Nadin santi li vekse. Sacha zonbifye ti konpè a. Nadin di Nido.
-          Ou vle konnen poukisa Sacha pa’t di’w li t’ap pati Nido?
-          Wi, sof si se pa yon istwa ou pral envante pou’w fè’m reziye tounen avèk ou.
-          Dakò. Randevou dimanch maten aprè legliz.
-          Poukisa se jis dimanch, jodi a nou vandredi?
-          Paske’m pral mande Bondye padon avan mwen devwale’w yon sekrè.
Nido vin yon ti jan krenn, e sa fè li plis ta anvi konnen rezon an. Yo tonbe dakò sou randevou a. Se konsa sa te fini nan jou a.
Tèt chaje!!!

Nou nan mèkredi. Sa fè 3 jou depi Nadin te fin rakonte Nido rezon ki fè Sacha pa’t dil anyen lè li t’ap pati. Toujou menm ki kote li abitye pran ti frechè li a, Nido ap repoze li. De tanzantan, kèk pawòl Nadin te di ap fè aparisyon nan lespri li. Nan menm moman an, Djeri vin ap parèt. Li salye misye epi li chita kote li a. Koze tonbe pale. Aprè kèk minit konsa, Djeri mande Nido:

- Ou tande nouvèl m tande a?
- Ki nouvèl?
- A monchè! Se pa paske’m te fè 3 jou deyò pou’w panse’m pa branche non.
- Mwen poko konprann ditou de kisa w’ap pale la a Djeri franchman.
- Bon, banm dirèk. Kijan ou te resevwa nouvèl ke Sacha pral marye?
 - Tankou tout nouvèl?
- Kòman tankou tout nouvèl la? Koulye a ou bezwen kòmanse ap banm manti, pa vre?
- Mwen pa manti, men mwen ap evite pale de Sacha jis pou’m ka santi mwen pi lib.
- Abon, gen yon nouvèl ki fèk tonbe la a.  Sèlman pinga se menm jan ak lè yo te di fontyè ant Sendomeng ak Ayiti a te fèmen an.
- Kòman sa? Ou di’m 2 bagay mwen pa ka konprann.
- O, eskize’m, m bliye si’w pa konn fè nouvèl. Pou’m retounen avèk ou sou latè, mwen vle di’w ke ou finalman pran yon desizyon k’ap bon pou ou.
- Poufff! De tout fason, se pa fasil. Sepandan se sa ki bon pou moman sa a.
- Pa di’m se jalouzi ki fè’w pran desizyon sa a non. Souvan, desizyon ki pran nan jalouzi pa dire non tibway. Fò’w reflechi wi.
- Ou pa bezwen pè Djeri. Mwen deside pou’m pa fè tenten ankò pou Sacha paske gen anpil lòt bagay ki pi enpòtan pase sa. Chak jou k’ap pase, m’ap vin pi saj achak fwa m’ap panse ak erè mwen te fè. Mwen pran chak minit pou yon kado. 
Djeri rete byen serye li di:
- Nido le sage. Sak ta di sa?
- Se lavi Djeri. M pa ka kontinye jere pwoblèm sa yo ankò. Sa sifi pou mwen.
- Dèfwa tou Nido, se nou menm wi ki konn mete tèt nou nan pwoblèm. Poukisa’w te bezwen al twonpe Sacha ak Nadin?
- Djeri, istwa sa a pase, dakò?
- Wi, li pase men konsekans yo la toujou.
- Kidonk, ou kontan nan pèn mwen?
- Wi,mwen kontan paske m pat janm sipòte’w.

Nido frape janm Djeri li di li:
- Zanmi’m, ann kite sijè sa a pou nou pa ouvè yon plè ki deja fin geri. Banm rakonte’w kisa Nadin te dim pito sou pati Sacha a.
- Kisa? Nadin? An ou toujou nan tifi sa a toujou Nido?
- Non, non, se pa sa’w panse a. Si te gen yon timye ant mwen menm ak Sacha li te patisipe. Sou baz sa a mwen fè sa’l dim nan konfyans.
- E kisa li di’w menm Nido?
Nido ranje kò li pou’l pale. Li kòmanse konsa.
- Monchè, depi lontan m te remake sa. Manman Sacha te toujou pran pòz li pa gen pwoblèm avèk mwen. Poutan Nadin aprann mwen ke se pou tèt mwen yo fè Sacha pati. Ou imajine’w Djeri?

Trèzyèm epizòd

Tande Djeri fin tande Nido pale, li pete yon chèn ri epi li di:
-          Fim sa a m wè’l deja Nido. Bon, m pa menm kwè li te gentan soti lè’m te gade’l pou dezyèm fwa a. E dejou an jou, mwen wè ke li genlè ap reyèl paske ou gentan prè pou’w aji akoz de li menm.
-          Poukisa tout literati sa yo Djeri ?
-          Paske de je’w kale men’w pa wè. Ta sanble ke Sacha toujou ap domine’w atèl pwen ke li menm fè’w kwè nan tout sa yo vin rakonte’w sou li.
-          Men se verite Djeri.
-          E kijan’w fè konnen ke sa Nadin di a se verite?
-          Paske Nadin p’ap banm manti.
-          Oke, oke, oke…banm poze’w kèk kesyon pou’w eseye wè ki dènye bout domino ki jwe pou’w pa pran nan kat las. Eske Nadin pa’t lakoz ou te twonpe Sacha ?
-          Wi, Nido reponn.
-          Eske se pa paske ou te twonpe li ki fè Sacha ap revanje ?
-          E…wi.
-          Kidonk, Nadin se youn nan eleman ki lakoz tout pwoblèm sa yo.
-          Posib paske se pa’t ak li menm sèlman mwen te fè sa.
-          Dakò ! Koulye a mete’w nan plas Sacha ki santi li vekse paske’w te twonpe’l. Eske ou kwè ke Nadin pa ba’w manti nan sa ki rive’w ak Nido a Sacha?
-          A, poukisa tout pawòl anpil sa yo ? Nido santi li konvenk.
-          Non, non, non, ou se Sacha, di’m si Nadin pa ba’w manti pandan ke se menm li menm nan k’ap chache pike Nido alòske li se bon zanmi’w.
-          Mwen aksepte ak lojik ou a Djeri, men fòk ou pa inyore reyalite tou ki gen prèv. Jan Sacha fè’l la montre ke se vre. Li pa dim sa, e mwen pa’t enmi li nan moman an. Anplis, Nadin trè pwòch li pou li konnen yon sekrè konsa.

Djeri mete men nan machwè li, li vire figi li, li pa di anyen ankò. Nido bese tèt li, li fèmen je li. Djeri repran.
-          Gade, fè yon ti tann mwen, m’ap vini. N’ap wè pita pito.
-          Kote’w prale ? Nido mande li.
-          M’ap vini Nido. M pral tcheke yon bagay trè trè enpòtan.

Pwoblèm p’ap fini!
Yon bon tan aprè!
Djeri rive sou Nadin tou cho tou bouke kay yon ti zanmi li. Pou li pa deranje konvèsasyon medam yo, li kanpe lwen epi li rele Nadin ki vin jwenn li san pèdi tan. Men avan, li eskize zanmi an, epi zanmi an ki te gen yon kas nan men li pwofite ap tande mizik pou li pasyante tann li.
Rive Nadin rive sou Djeri, vizaj li chanje kòmsi li te konnen li anafè. Djeri di li :
-          Avan tou, m’ap eskize mwen paske mwen deranje’w men se trè enpòtan.
-          Kisa ki si enpòtan konsa Djeri? Nadin mande li.
-          Mwen kwè ke ou byen konnen paske jwèt sa a ou jwe’l deja. E mwen pa’t janm panse si t’ap ret yon dènye zèl kat konsa nan men’w pou’w file nan lè advèsè a fin pèdi.
-          Kisa ou gen pou’w wè nan sa ? Kisa sa regade’w Djeri ?
-          A bon, ou imajine ke’m pa gen anyen pou wè nan sa ? Ebyen ou twonpe’w paske kou sa a p’ap pase. Okontrè, se ou k’ap viktim ankò.
-          Kòman ou konte fè sa ?
-          Mwen gentan kòmanse travay sou sa paske mwen deja di Nido ke se pa vre menmsi li poko konprann jwèt ou a, men to ou ta, l’ap konprann paske koze a gen pou rive nan zòrèy manman Sacha. E pyon w’ap poze pou’w met Sacha deyò nan echèk la p’ap abouti. Si sèlman Sacha te konnen kilès ou ye li pa t’ap fè’w konfyans. Domaj…
-          Ou fini pale Djeri ? Nadin mande Djeri tou fache.
-          Sa depann de ou Nadin.
-          Kòman sa depann de mwen an ?
-          Paske si ou pa bay vag e fè Nido konnen ou te ba’l manti, li p’ap bon pou ou. Omwen pran konsyans pou li si ou renmen li vre. Renmen pa fè youn fè lòt soufri. Se pa paske ou pa ka manje manje ou pou’w oblije gate li Nadin. Ou fè ase, manyè fè yon ti kanpe. E mwen rete kwè ke se pèsonalite’w w’ap sove devan  Sacha ak tout manman li. Ou te byen kòmanse ede Nido. Alò si se pa’t yon plan ou te genyen pou’w te fè’l plis mal, sispann.
Nadin te sanble kòmanse pran konsyans men alafen sa pa fini jan Djeri te swete l la. Nadin mete de men nan senti li pou’l deklare.
- Kòmsi Sacha se yon fanm, mwen m se yon voryen? Nido te itilize’m pou’l twonpe Sacha, li peye sa jan Sacha te deside fè’l. Mwen menm, mwen te viktim tou, fòk mwen vanje tou. Nan ka sa a Djeri, mwen plis kwè ke se Nido ki dwe ap reflechi sou mal li te fè. Se pa mwen ki pwoblèm nan.
- E ou pa ka fè anyen ke chwazi ba’l yon manti konsa? Pouki’w pa fè’l peye sa li te fè dirèkteman san antre Sacha ladan li?
- Aprann sa Dejri. Zanmi yon koupab pa aprann viktim nan kòman pou’l tire revanj. Si’w vle ede zanmi’w lan, kite’m kontinye wout mwen.

Djeri pa di anyen ankò, Nadin fè vòltefas, men Nido fèk tanmen nan pwoblèm.

Katòzyèm epizòd

Lè Djeri retounen kot Nido a nan pita nan aswè, sa pat fasil pou li te konvenk li ke Nadin ap jwe pou li ka vanje. Se nòmal. Sacha te pati san avize li, sa pa gen lòt sans ke yon konplo. Nadin te jwe yon wòl enpòtan nan chache rekonsilye li ak Sacha, sa pa gen lòt sans ke konpasyon. Men nan fon, se pa ditou sa manzè ap chache. L ap fè taktik pou li rive reyalize objektif li. E li pa twò lwen paske li poze pyon an deja, e sa ki pi dwòl la, rezon ki te ka fè Nido evite pyèj la se ta kwè nan sa Djeri di a, men elas.
-          Nido mwen di w ke Nadin bò w manti.
-          Non Djeri, li pa banm manti. Nadin p ap fè yon manti konsa sou do Matant Imèn.
Djeri nève, li pa wè sa pou l di.
-          Bon, finalman, mwen konnen sa mwen pral fè pou ou Nido paske m wè w ap aji tankou yon bebe.
-          Kisa w pral fè a menm Djeri?
-          Sa pa enpòtan pou w konnen men se jis pou m fè w dekouvri ke w nan move wout. Pase bòn nwi zanmi m.
-          Ou menm tou Djeri.
Jan nou wè l la, Nido pa entèrese pran deklarasyon Djeri yo oserye. Lè ou pasyone, tout sa ki ap fè laviwonn pasyon an ogmante pwisans li. Konsa, li pi fasil pou Nido kwè nan Nadin ke nan Djeri, alòske se Djeri ki t ap ede l lè Nadin pa t menm wè l. Se jis akoz yon ti jalouzi wi menzanmi. Nou sonje lè Nadin te wè Nido pou premye fwa a lè li te ak Djeri a ? Anben, finalman, Nido pa merite Sacha ankò e jènn ti bway la vin anfòm, se Sacha ki pral benefisye tout avantaj yo. Nan lespri Nadin, Nido te itilize li e Nido te ka mennaj li tou paske li posede tout sa Sacha posede. Se yon jalouzi ki mele ak yon regrè k ap fin devore kè pitit la. Ala bagay se renmen.
Pi lwen, Nadin pa panse ak konsekans manti li bay Djeri a. Matant Imèn ki se manman Sacha pa mouri e li pa vwayaje. An reyalite, gen yon rezon kanmenm ki fè Sacha pati men sa ka rete pèsonèl a Imèn e li posib pou Nadin konnen li, paske si li chwazi bay Nido manti, se petèt paske li konnen rezon vwayaj Sacha a.
Annou klè ! Sacha pa ta ka pati brip sou kou san paspò, san viza, san yon objektif. E si li ale, yon jou kanmenm fòk li tounen paske manman li an Ayiti. Pou plis enfòmasyon mesye dam lasosyete, annou swiv yon ti pale ant Djeri ak yon kouzin Sacha ki konn dosye a nan bon ti mamit.
-          Oke, si mwen byen konprann, Djeri di, se paske papa li pa vle gen kontak ak manman li ki fè li fè l kite Ayiti?
-          Egakteman, kouzin lan reponn.
-          Men ta sanble Nido pa t janm okouran de evenman sa yo.
-          Non, li pa t janm okouran paske se pa t sa ki te entèrese li. Sacha te toujou ap plenyen de dyalòg Nido pa t janm renmen fè. Li te toujou nève lè pou l te pale de bagay ki serye.
-          Men kisa ou panse ki te ka lakoz sa, paske Nido te renmen Sacha anpil.
-          Bon, mwen sonje yon lè nan yon ti diskisyon yo t ap fè gen yon pawòl ki te soufle tou piti ki te etone mwen anpil.
-          Kisa l te ye la menm? Djeri mande ak atansyon.
-          Sacha te deside kanpe nan antre nan relasyon seksyèl ak Nido.
-          Kisa?!? Djeri souke tèt li.
-          Ta sanble dènye fwa sa te rive, manmzèl te manke ansent. E si yon bagay konsa ta rive, papa li t ap tou nye li sou tè a. Se vre li te renmen Nido, men li te oblije refize kontinye nan vi seksyèl avèk li.
-          Mwen konprann, Djeri di.
-          Men Sacha te gen yon zanmi ki te okouran de tout sa.
-          Ki zanmi sa ?
Sezisman !
-          Li rele Nadin, kouzin lan di.
-          Nadin ou di wi ? Djeri kale de boul grenn je li. Bon !
-          Poukisa ou sezi konsa a ?
-          Non, se pa pou anyen non, m jis ap fè kèk alizyon, men kite m di w, daprè sa w di m lan la a, Sacha genlè poko ap tounen an Ayiti?
-          Mwen pa konnen, paske se kay kouzin yon bèlmè l li ye. Ou konnen ke sa pa fasil pou w abite lontan ak yon moun ke w pa t leve avè l.
-          Mwen konprann.
Pa gen anyen ki janm fèt san rezon. Lafimen pa soti san dife. Depi gen limyè, fè nwa disparèt. Depi te gen egzamen oubyen eleksyon, fòk gen rezilta. Annou swiv…

Kenzyèm epizòd


Pwoblèm p'ap fini

Djeri gen tout enfòmasyon posib pou fè Nadin echwe e konvenk Nido de pyèj li pran an. Brip sou kou, yon nouvèl tonbe. Telefòn nan sonnen.
-     Alo?
-     Wi, alo?
-     Alo manman?
-     O, Sacha pitit mwen, kòman ou ye?
-             Mwen la wi manman e ou menm ? Mwen sonje'w anpil wi manman.
-               Mwen menm tou trezò, kòman bagay yo ye pou ou la ?
-               …….
Sacha pete yon rèl ! Matant Imèn sezi, li di :
-               Apa w ap kriye pitit mwen sa'w genyen ?
-               (rèl pi rèd)
-               Sacha, sa'w genyen ki fè wap kriye a?
-               (Rèl ankò)
-               Rete, bon mwen jis Latibonit, se pa Lyankou map soti pou m al Vèrèt non.
-               (Rèl egenn)
Finalman, Sacha rakwoche telefòn lan. Tèt mandanm nan cho. Li pa konnen sa pou li fè. Kèk minit pita, telefòn nan resonnen ankò. Mant Imèn kouri dekwoche.
-Alo, Sacha saw genyen pitit mwen ?
Dezole, se pa Sacha matant.
-Non, se pa Sacha, se Adeniz. Kòman'w ye mant Imèn?
-Mwen la wi Ade, e ou menm?
-Nou la, n'ap kenbe.
-Kisa Sacha genyen? Li te kòmanse pale avè'm byen pwòp epi mwen wè li vin ap kriye.
-               Pa okipe Sacha mant Imèn. Se rete li pa vle rete nan peyi a. Sa fè plis ke yon semèn, se vye reyaksyon sèlman l'ap bay. Li pa vle manje, li pa ale nan kou anglè a, ata pale li pa anvi pale ak moun.
-               Mezanmi, kisa li dwe genyen menm Adeniz?
-               Ebyen, se pa jèn fi li ye mant Imèn. Medam sa yo depi yo rive nan laj sa yo, se gason ki nan tèt yo ase.
-               O non, Sacha pa nan renmen ankò. Sa fè lontan li kite  menaj li.
-               Abon !? Ebyen koulye a mwen konprann mant Imèn. Si w ta wè sa Sacha ap ekri nan kanè sekrè li, ou t'ap detwonpe'w sè mwen.
-               Kisaw di m la a?
-               Jan'w tande l la.
-               Bon, se youn nan rezon ki fè papa Sacha fè li kite Ayiti wi, epi li pa tande li pa wè, se nan sa li tounen ankò? Bon, papa li ap resi fini ak li fwa sa a. M pap di anyen nan koze sa a ankò mwen menm.
San zatann, kominikasyon an koupe, medam yo tou pa kontinye pale, men Sacha te kanpe dèyè pòt la ap tande tout sa ki tap di. Li te deplase imedyatman Adeniz te pran telefòn lan epi refè nimewo a nan lespri pou l pat kite manman Sacha panse mal. Poutan, se li menm k'ap mal viv ak demwazèl la. Si sa rive la a, kilès ki lakoz menm ? Annou pwoche zòrèy pou koute koze ki gen nan lakou sa a.
Sa te pase 15 jou avan matant Imèn te resevwa apèl sa a :
-               Di Sacha m'ap vin bay fè paspò a pou li epi rapid rapid map antre vin chache li. Si li pa vle, mwen menm avèk li dezòm pèdi.
 Kifè, men rezon ki fè sa te rive.
-               M sispèk ou renmen Nido toujou Nadin.
-               A, rale kò'w ! Sa pa enpòtan paske mwen pa ka genyen li pou mwen sèlman.
-               Poutan, si ou vle, mwen ka fè'w genyen li. Jis pou plezi.
-               Se vre ? Kisa w ap fè menm?
-               Se fasil! Koute, Sacha konn vwayaje men li pap di'w sa paske rezon ki fè li te vin Ayiti dènye fwa se paske papa li te twò jalou. E misye vrèman tchak. Si li ta tande Sacha nan renmen, l'ap fè tout sa ki posib poul kraze sa. Rezon ki fè sa pa fasil, se paske manman li se yon sitirè. Malgre li konnen li renmen ak Nido, li pa janm di papa a sa.
-               Oke, men koulye a kòman m pral fè pou papa a konnen si se manman an sèlman ki ka pale ak li ?
-               Map jere sa pou ou. Men fòk ou gen kran anpil.
-               Sa k fè sa? Kisa map fè ?
-               M'ap pran nimewo papa a pou ou, epi w'ap rele li pou'w di li ke Sacha ap bò'w pwoblèm ak menaj ou. Epi peryòd.
-               Waw ! M renmen plan sa a. Pa gen pwoblèm. M prè wi.
-               Dakò. Randevou demen maten
-               Oke tidoudou.
Kilès ki tap devwale tout sekrè sa yo e monte plan sa yo ? Ou konnen l deja! Wezlin : kouzin Sacha a !

Eske se pa yon manti li te byen ranje pou li te bay Djeri tou? E si Nadin te gentan konnen Djeri ta pral sou do pye manzèl antanke yon trèt, èske li pa ta mande Wezlin pou l byen ranje sa ak misye, paske lè’w kòmanse jwe yon wòl nan yon fim, se jis nan dènye konba wap fini. Si sa ta pase konsa vre, matant Imèn inosan e Nadin woule papa Sacha nan yon doum farin nasyonal, kifè Sacha pran egzil  akoz yon konplo. Li pa’t ka di Djeri sa paske men sa papa a te defann li.
- Epi pinga ou di pèsonn w’ap pati. Lejou mwen aprann sa, wap gen pwoblèm avèk mwen.

Ou sonje lè Sacha te vin nan bibliyotèk la ak Nadin lan, epi Nadin te soti li antre ak yon kè kontan an? Anben, se viktwa li li te wè davans paske kou a te byen monte. Sacha nan pwoblèm!

Aswiv...

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...