samedi 14 novembre 2015

Feuilleton / NIDO NAN PWOBLEM: Episode 16-20



Sèzyèm epizòd


Wezlin an aksyon

Men li papa ! Men koze a! Men dènye kout manchèt pou fè bwa a fin twonse a. Toujou byen abiye, bèl ti fanm andeyò papa. Nègès pa bò lakay, flè latibonito, m! Men li konpè! Wezlin vin kay Nadin lan aprè midi a tankou yon ajan kredi kap mache tcheke kliyan ki dwe.
-          Rete! Sak pran’w la ou menm aprè midi a ?( Nadin sezi wè Wezlin).  Ou sanble ak Jennifer Lopez wi, gade fanm nan.
-          Epi si’w wè sa, men m yon Anayiz non m pa ye, tèlman Ipolit ap kouri pou mwen. (Nadin ri)
-          Ki pwogram ou menm pou aswè a ?, Nadin mande Wezlin.
-          Bon, pwogram mwen pa pou pi lwen non ke isit la.
En en, kè Nadin kòmanse kase. Gen yon sipriz. Annou swiv.
-          Kisa w genyen la a menm sista? Nadin mande li pandan lap vale saliv li.
-          Ebyen ou konnen, lèw travay fòk ou touche. M pase kotew la pou m wè kisa w te ka fè pou mwen.
Nadin te chita sou yon chèz anba galeri lakay li a, li leve kanpe, li di:
-          En en, se pa sa’w te dim non.
-          Kisa m te di’w Nadin?
-          Ou te di m ke wap fè sa pou plezi, koulye a ou pa ka vin mande m touche.
-          Wi, men lòm chanje a kennenpòt moman Nadin. M pa ka diskite ke m pa t di sa, men sa pa anpeche ke m gen nesesite. E si m te ka itil ou nan yon tan, ou dwe ka itil mwen tou nan yon lòt. Sinon, pa gen okenn rezon pou n toujou ret zanmi.
-          E kisa w vle di pa la?
-          Ou byen konnen Nadin. Imedyatman, m pa zanmi w, mwen kraze tout kontra ki te fèt antre nou.
-          Epi…. ????
-          Epi kisa ? Se pa kesyon non m te vin reponn la a Nadin. M te vin mande w pou w ede m jere yon pwoblèm. M wè w ap rale kò w, ou fè kòmsi w pa konprann sa m ap di w la.
Nadin ki santi li ka pran ak Wezlin ki kòmanse pale fò, mande li :
-          Konbyen kòb, ou ka bezwen konsa ?
-          Abon, apa w ap vini, ou te vle fè m pale pa vre ? Ebyen, m pap kraze w paske m ka bezwen w pou yon lòt fwa. Granmoun yo souvan di ou pa kraze kanari paske se ladan ou bwè dlo. Konsa, ou mèt banm sèlman milsenk san goud, sa ap sifi.
Nadin mete men sou pwatrin li, li di:
-          Wezlin, men ou anraje ki kote m pral jwenn tout kòb sa bò w la ? M pap travay non.
-          Antouka, mwen menm m gentan fin travay si’w wè sa. Degaje w, m bòw demen maten a 10 nan maten pou w rele m pou w di m li prè. Sinon, menm prezans mwen nan lakou sa a pap fè w plezi.
Wezlin vire do l lale byen deside. Nadin tèlman sezi, li rete bouch ouvè. Men gen pwoblèm pi rèd wi paske te gen yon blòk nan mi an ki tap koute.
-          Nadin??
-          Wi, manman. (Nadin genlè ap tou fè kè fwa sa a)
-          Mwen tap tande tout bagay. Ou pral dim sa ki genyen ant ou menm ak madmwazèl sa a jis pou l ta vin manke w dega konsa jis devan pòt kay m redi fè a.
-          Se pa anyen non manman.
-          Kòman se pa anyen an ? Ou panse  map pran pawòl sa a nan men w ? Piti mwen an Nadin ta ret san reyaji devan yon moun konsa si li pat antò ? Non, genlè se zonbi w ki devan m lan.
-          Men manman, se pa anyen.
-          M entèdi w di m sa  Nadin. Mwen vle pou tout sekrè devwale jodi a. Sinon, 10zè a pral pran w devan baryè a. Lap pi fasil pou kamarad ou a koresponn avè’w pi byen.
Bon, Nadin nan pwoblèm ! Ala de koze ki genyen nan zafè renmen sa a papa. Nan chache jwe tout tijwèt pou kidnape Nido, malerèz la lage kò li nan Bannannout. San peche yo pa ta kenbe li nan Idro a nan Dwèt. Podyab! Ebyen, pale non Nana, ou oblije wi la.
Li te gentan 9è nan aswè lè Nadin te deside rakonte manman li tout bagay.
-          Ou gen kran ou menm Nadin. An se sa w al aksepte jis pou w ka benefisye tikal renmen kay yon gason ki pa menm renmenw?
-          Se pa fòt mwen manman…
-          Se pat fòt ou? Bon, pou jan w ouvè nan pale nan afè moun, se nan zen sa a w al lage kòw ?
-          Pa pale fò manman, vwazin nan ap koute wi.
-          M ap pale fò menm paske gen de bagay w ap fè, m pa tap janm fè vye bagay konsa.
-          Dezole, manman. M rekonèt ke m pat dwe fè sa men tanpri pa agrave li silvouplè.
Manman an tap di sa pandan li tap kriye paske li te pase laj foli tou. Li rale Nadin vin jwenn li, li anbrase li epi yo tou de tonbe kriye. Men Nadin pa sispann repete:
-          Mwen regrèt sa manman…mwen regrèt sa paske Sacha se youn nan pi bon zanmim.
Oufff ! Fèyton lavi sa a gen anpil epizòd, youn pi tris pase lòt, yon lòt pi bèl pase yon lòt kap vini. San dout, Nadin genyen yon batay, men li ret plizyè toujou paske Sacha pa konn anyen, Papa Sacha pran nan kou pa konprann akoz li tèlman jalou, Mant Imèn inosan, Nido mouri frèt li menm nan fim nan,  Djeri pa bliye Nadin e epizòd k’ap vin lòt semèn nan se Wezlin ki gen pou vin sere boulon pwoblèm Nadin. Kòm manman an gentan konprann tout bagay, nou pa ka fè lòt bagay ke ret tann sa ki pral pase….Aswiv.

Disetyèm epizòd

Chòy di, chòy fèt
Bondye pa konn bay pèn san sekou! Ou mèt tann, delivrans ou ka pran tan, men l’ap rive kanmèm. Ou gen pou’w konprann wi, men pran pasyans paske ti limyè ap parèt jiskaske solèy la leve nèt. Wezlin pa’t bay manti menmsi li pa rive egzakteman a 10è a vre. Tankou yon timoun y’ap vin pran kay moun, Nadin chita anba galeri a ap tann Wewez. Byen deside, Wezlin antre nan lakou a. L’ap souri paske li pral touche pou djòb li te fè a. Si se pou travay li te travay ase, e li merite touche. Rive li rive devan Nadin lan, sa k te pase nan menm fenèt la pral pase jodi a ankò. Manman Nadin t’ap tann randevou sa a lontan. Pale li kòmanse pale, manman an soti.
-          Bonjou madmwazèl.
-          Bonjou madam.
-          Mwen ka ede ou silvouplè ? Manman Nadin di byen serye, de men sou kote.
-          Non, se kote Nadin mwen te vini wi.
-          Wi, mwen wè sa menm jan mwen te wè sa yè aprèmidi a.
Wezlin fwonse sousi li kòm siy li pa konprann. Li voye je gade Nadin epi li di :
-          An, mwen konprann. Nou fè konplo pou nou bat mwen maten an pa vre ?
-          E ou menm, ki konplo ou te fè pou maten an ? Manman an mande, Wezlin. Di  m non, jèn fiy.
Ou pa bezwen mande kòman kè Wewez ap kase paske li pat panse ak yon demonstrasyon konsa. Jan l’ap voye je agoch adwat la, genlè manzè ap chache wout pou li kouri. Manman Nadin pase bò kote pou li kouri a, li di li.
-          Banm di’w Wezli oubyen Wezlin nan, m pa konnen. Ou di ke se Nadin pa bò’w kòb, w’ap fè moun pou li, ebyen koute sa byen. Si jamè ou ta ouvè bouch ou pou w di manman Sacha yon grenn, yon sèl grenn pawòl sou Nadin pou w fè l pèdi pèsonalite devan moun nan zòn nan, mwen menm mwen gen revelasyon m ap fè tou.
-          E kisa ou gen pou w di sou mwen madam?
-          Abon?! Ou pa fè nouvèl menm. Ou ta renmen pou Nadin konnen kilès ki vrè papa’w ?
Wezlin rale figi li, li mete men sou lestomak li.
-          Kòman sa ? M gen yon fo papa ?
-          Vrèman ? Ebyen, banm di Nadin sa sa’w wè ?
Wezlin kouri mande padon.
-          Non madam, pa di sa.
-          E poukisa m pa ta di sa ?
-          Paske m pap di matant Imèn anyen de sa ki te pase yo.
-          Trè byen jèn fi, koulye a ou vin trè janti. Mwen renmen timoun ki janti.
Pandan tan sa a, Nadin ap griyen ti dan pitimi li yo. Manman li pase pran Wezlin nan ponyèt goch pou li montre li wout baryè a. Pandan li nan wout ak li, li di manzè:
-          Zafè papa w la se yon koze ant mwen menm avèk ou dakò. Mwen pwomèt ou ke m pap di Nadin sa, men si ou pa ta kenbe pawòl ou a, dezole.
Wezlin ale byen dosil li. Li vire gade dèyè pandan l’ap pouse baryè a. Nadin fè yon ti souri ipokrit ba li.

Pwoblèm entènasyonal
Sa pa tap etone matant Imèn si yo ta di li Sacha toujou pa vle manje, men nouvèl sa a se rete kè !
-          Ey, kisa m tande la a mant Imèn? Yon vwazen mande.
-          Jan’w tande a frè mwen, jan’w tande a.
-          Rete, ou kwè pitit la ta fè sa vre mesye ?
-          Bondye sèlman ki konnen frè mwen. Wouuuu, gadon doulè Bondye papa !
-          Mezanmi, mezanmi, mezanmi.

Moun gentan rasanble nan tout lakou mant Imèn nan san pèdi tan. Tout moun men nan machwè. Wezlin te la tou men li pa di krik ni krak. M ! Souvan wi, se konsa ! Koupab la pa twò lwen. Kèk minit aprè, Nadin parèt, li mande yon dam :
-          Kisa ki gen la a ? Kisa ki gen la?
-          Sacha ki lopital pitit, Sacha
-          Oo! Kisa li genyen menm?
-          Yo di li bwè pwazon pou li ka mouri paske l pa vle ret nan peyi a, papa l pa vle li tounen Ayiti.
-          Kisa? Eeeeey…m! Gad pwoblèm.
A wi! Ou t’ap nan pwoblèm ak tout konfyolo’w la. De medam yo sispèk. Yo tèlman sezi, yo youn pa ka gade lòt. Si sèlman Matant Imèn te konnen, si sèlman Sacha te konnen, o wi si sèlman papa Sacha te konnen. Si sèlman tout moun ki rasanble yo te konnen. Genyen wi la a, genyen wi.

Telefòn nan sonnen yon twazyèm fwa. Matant Imèn dekwoche.
- Oke, sò mwen, mèsi anpil, mèsi anpil. Bondye pi fò. Se sa, n’ap pale talè ankò.

M! Yo jwenn yon nouvèl pasab atò. Doktè a deklare ke pwazon an pat gentan fè efò pou l te fè a. Sacha sove men li dwe ret toujou lopital pou kèk swivi. Tout moun ki te la yo byen kontan, sitou pou Nadin ak Wezlin. Ata rèl ki t’ap genyen kay makorèl.

Pandan setan, tout moun pa sispann mande poukisa Sacha te bezwen tiye tèt li. Chak moun tap bay lide pa yo. Gen ki di se dam nan ki ba l pwazon. Gen lòt ki di manmzèl gen foli. E gen yon mesye nan zòn nan  ki renmen bay blag, li di: - Ou pa janm konnen, sil sonje menaj li, li ka ap fè pòz li  pou yo voye l tounen Ayiti wi. E! Medam sa yo wi konpè.
N’ap swiv..

Dizwityèm epizòd

Wezlin nan pwoblèm
Aprè tout sa ki te pase e tout sa ki te ka pase, Nadin deside mete tout dosye yo deyò. Li santi li toumante. Si Sacha te mouri se tap sou konsyans li. Se vre se Wezlin ki te devwale sekrè a men se tantasyon Nadin ki te lakoz. Demen maten byen bonè, youn nan koupab yo mennen tèt li bay.
-          Matant Imèn, tout sa’w wè kap rive la a se fòt mwen.
-          Kòman sa se fòt ou a ? Mwen pa konprann…
-          Wi, se fòt mwen paske si m pat aksepte kèk kondisyon sa pa tap rive la.
-          Men dim byen non Nadin. Ou se bon zanmi Sacha, kòman ou fè di m ke se ou ki responsab tou sa kap pase la a ?

Avèk anpil tristès, Nadin kòmanse eksplike Matant Imèn sa ki te pase ki fè tout bagay sa yo rive la. Mant Imèn bò kote pa li pa manke sezi men an menm tan li kontan paske li pral gen yon rezon valab pou l fè papa Sacha fèl tounen an Ayiti. Nadin vrèman etone lè li tande pawòl sa yo :
-          Banm di’w Nadin. Mwen padone’w, e mwen fè sa ak tout kè’m. Si w pat jwenn yon trèt ou pa tap ka trèt mwen. Ou pa bezwen bay tèt ou gwo pwoblèm pou sa, mwen ap regle ak Wezlin. De sèl sèvis map mande’w pouw rann mwen silvouplè.
-          Kisa li ye mant Imèn ?
-          Mete w deyò nan lakou mwen an e pa janm apwoche ou de Sacha ankò.
Malonèt kanmèm, men pito se sa ke se pa sa. Nadin vire do li san bri san kont. Vizaj li chanje konplètman. Sa ki pi dwòl la, l’al kwaze ak Djeri bab pou bab. Ala chans papa, Nadin ap fè dekabès. Djeri mande li :
-          O o, saw gen la a? Poukisa dlo nan je’w la? Yon moun bòw kou?
-          Non, Nadin reponn pandan l’ap kriye.
-          Ebyen, eksplike’m…sak pase ?
Li pase menm pou siye dlo nan zye li, epi li kòmanse pale.
-          Si m te koute’w Djeri, tout sa pa tap rive.
-          Kisa ki rive a ?
-          Sacha manke tiye tèt li.
-          Bon se sa m tande ki fè’ m ta pral kay mant Imèn lan wi.
-          Tout sa se fòt mwen. Si’m pat vle twonpe Sacha sa pa tap rive la.
-          Bon, kanmèm se byen. Mwen kontan ke ou rekonèt sa paske jan ou sot di a, mwen te di’w non. Malerezman, souvan, se aprè malè fin rive ou konn enpòtans pridans. Toutfwa, mwen swete ou pa rekòmanse.
-          Dakò. Wa di Nido sa pou mwen silvouplè.
-          Mwen pap manke.
Djeri pran san li pou gade Nadin ki prale. Li souke tèt li plizyè fwa epi li souri. Li voye je gade baryè lakou Sacha a, li pwente dwèt li, li chanje desizyon.
-          Fòk mwen wè Nido touswit pou m ka di l sa ki te pase a byen.

30 minit aprè….
Djeri jwenn Nido bò lakay li byen poze ap reflechi. Toujou ap reflechi. Li chita bò kote li. Koze kòmanse pale.
-          Sakapfèt Nido ? Djeri mande.
-          Nou poze wi. Jan m wè w’ap souri a ou sanble gen yon bagay pouw di wi Djeri. M konnen’w byen.
-          Bon, m souvan gen yon bagay pou m di, sofke w pa janm prè pou’w kwè ladan yo.
-          A! Ou pa ka bezwen pou’m kwè nan tout sa’w di monchè. Bondye ki pa janm bay manti, tout moun pa kwè nan li, m pa bezwen di’w pou ou menm.
-          Bon, ann sispann fè literati Nido. Eske’w konnen ke se Nadin vrèman ki te lakoz Sacha pati ?
-          Ki kote ou soti ak nouvèl sa a Djeri ?
-          Nan yon bon timamit mwen jwenn li. Antouka, kòm ou pa vle kwè’m, ou gen pou’w aprann li dirèkteman de mèt nouvèl la. Se Sentoma ou ye. M pap rete plis non, male.
-          O, konsa ou kòmanse pale epi’w vire dow ale Djeri?
-          Ou pa’t atann ke’m tap vini konsa sou ou pa vre ? Ou pa ka atann ke m pral fason ou vle Nido.
-          Ebyen, mèsi anpil frèm pou nouvèl la.
Djeri deplase, Nido deplase touswit aprè li tou. Pa gen lòt kote li prale : kay Nadin.
Kèk tan apre kay Nadin.

-  Poukisa’w fè’m sa a Nadin?
    - Mwen dezole Nido. Se paske m te vle genyen’w. Men mwen te itilize yon mwayen ki pa nòmal. M konnen l’ap difisil pou’w padone’m men mwen vrèman dezole pou tout sa ki rive yo.
    -  Waw! Ou fè’m mal anpil Nadin.
    -  Ni ou menm tou Nido, men finalman se mwen ki pi mal paske se mwen ou te itilize pou w satisfè dezi ou. Ou mèt ale Nido, soti lakay mwen an. M pa vle wè’w ankò.

Manman Nadin pa’t nan kay la pandan Nido te la. Ou ka imajine tout libète yo genyen pou pale. Nadin fòl ak raj. L’ap kriye, li ògeye. Nido soti byen tris ak de men nan tèt li.

Pou sa ki gen awè ak Wezlin e Mant Imèn, se tèt chaje. Wezlin jwenn menm entèdiksyon ak Nadin, men anplis, manman l mete li deyò paske li te aji twò mal antanke pitit sè manman Sacha. Lòt gwo nouvèl ki fèk tonbe tou, sèke nan kèk jou ankò, Sacha ap ateri Ayiti. Dife sa a twòp pou dam lan papa. Lè moun mouri nan peyi sa yo, sitou lakay, se pa jwèt. Ankèt sou ankèt pou konnen egzakteman koz la. Si Sacha konnen lap retounen Ayiti, li poko konnen rezon ki fè li te ale. Pral gen pwoblèm.
                                        
Diznevyèm epizòd

Sera seta
Lafimen pa soti san dife. Apre tout sa Sacha te fè pou demontre ke li pap rete nan peyi blan ankò, papa li te deside revoye li an Ayiti. Fwa sa a se ka pou bon. Paske papa a fè kwa sou bouch li pou li pa antre nan koze manzè ankò. Nan jou li tap vini an, te gen yon gwo lapli ak van, ki fè se pa tout moun ki te remake desann li ni antre li lakay li. Swivi de sa, yon move tan ki te dire prèske twa jou aprè. Nido, Djeri, Nadin, Wezlin tout moun te okouran de retou Sacha men akoz de move tan an, pèsonn pat konnen si li te vini vre.

Maten an, lapli a fin tonbe, e solèy la leve byen ge. Sa ki pi bèl la, se yon dimanch. Okazyon ki pa dwe rate. Tout moun legliz la te kontan wè li, sitou antanke yon restan lanmò. Djeri sèlman ki te la, men li pa’t kite Sacha wè li. Li pat sispann souri dèyè a lè manzè te fin pale.

Mant Imèn te deklare devan tout moun ke se paske Sacha pat vle ret viv lotbo a ki fè li te fè tout sa men li pat bay rezon prensipal la. Kwake li kondane zak la men li kontan kanmenm paske pitit li toujou vivan.

Depi nan landemen lè Sacha te vini an, manman li te gentan eksplike li tout bagay. Se sa ki fè manzè poko kontakte ni Nadin ni Wezlin. Manman li di l se de moun pou l evite sil vle jwenn yon gason pou fè vi li. Atout sekrè sa yo ki te devwale, Sacha pat oze pale de santiman li pou Nido ak manman li paske dezòmè se te yon sijè entèdi. Mant Imèn pat vle istwa sa a rive pi lwen pou sa li lakoz deja. Anplis, papa a retire anpil responsablite li nan koze manzè. Li konnen se pou renmen Sacha te vle tiye tèt li men li pa konnen nan ki farin yo te woule li. Gade ki kote lanmou mete Sacha mesye.

Aswè a Nido ap pale ak Djeri sou sa ki te pase l lòdjou swa.
-          Ou genlè pa janm pale ak Sacha Nido ? Djeri di li.
-          Mwen menm frè mwen. Koulye a, ou fin sove m de yon pwoblèm ou vle m tounen ankò ?
-          Non men m panse ke Sacha pa enmi’w pou sa. Okontrè, si li retounen an Ayiti se akoz de ou, kanmenm.
-          Se pa anyen paske si m te pèdi tèt mwen, se te akoz de li. Nou chak te sibi yon pèn pou lanmou. Epi sa rete la.
-          Non Nido, ou pa ka di sa rete la konsa, se pa lojik kanmèm.
-          E ou te twouve ke jan Sacha te pati a te lojik ?
-          Wow, wow, fòk ou pa fè revanj zanmi’m.
-          Men mwen jis di yon verite, se tou.
-          Oke, dakò Nido. Se pa grav si’w pa renmen Sacha ankò.
-          Non, non, se pa sa’w panse a Djeri. Se jis…bon mwen wè ke ou trè dwòl nan istwa sa a franchman.
-          Kòman ?
-          Paske nan yon tan, ou pat vle m panse ak Sacha epi koulye a se ou menm k’ap pouse m.
-          Sa ka rive Nido. Oparavan, mwen te panse ke Sacha pat renmen ou men si li ka rive fè tout sa jis pou li tounen an Ayiti, sa pwouve m ke li renmen ou. E sensèman, sa touche kè’m.
-          O ! Djeri le poète.
-          A, koulye a wap jwe.
-          Non, men kilès ki di’w se pou mwen li retounen ? Ou bliye si li te gentan renmen ak Keni avan li te pati ? Poukisa li pat janm chache jwenn mwen nan telefòn pandan tout tan sa yo ? Ou ka eseye reponn tout kesyon sa yo?
-          Bon, m pa ka reponn men si omwen ou te gen yon telefòn epi entènèt, ou te ka pran nouvèl li paske gen fesbouk watsap, ou konprann ?
-          Avan koze entènèt w’ap pale a te egziste, lanmou te toujou la. Se depi nan jaden Edenn Bondye te mete li nan kè Adan e Èv. Se nou menm ki vin konplike li ak tout envansyon nou vin ap fè yo. Lontan, pouw te kominike, ou te bezwen yon plim ak yon bèl fèy kaye santibon. Yon anvlòp epi yon faktè. Lè konsa, lanmou te gen sans paske tout moun tap fè sakrifis pou fè lòt plezi.
-          Rete Nido, resezi’w. Saw di yo se reyalite men entènèt pèmèt moun kominike pi vit e pi rapid ke tan w’ap pale la a.
-          O wi se vre, e li fè moun bliye moun rapid tou paske depi’w pa sou entènèt, ou pa ko nekte ak pèsonn. Kidonk, ou pa egziste. Se pou mwen kanmèm paske m egziste pou ou Djeri. Mèsi pou tout sa’w te fè pou mwen. Men sensèman, m kwè l’ap pi bon si m fè yon ti kanpe la, paske m bouke. M bouke pran malonèt, m bouke jere pwoblèm, m bouke kouri, m bouke kache. Li lè li tan pou m viv lib paske renmen kenbe m prizyone.

Nido fè sa pou li deplase, Djeri di li :
-          Ou pa ka bay vag konsa mann…
-          M gen yon lòt vi k’ap tann mwen Djeri.
-          E ki vi sa paske m pa konnen w’ap mennen yon lòt vi mwen. Ou nan dwòg, nan CIA oubyen ou se yon ….
-          Papa….
-          Kisa ?
-          Wi, jan’w tande a zanmi’m.
-          E pouki’w pat janm di’m sa ?
-          Paske lè a pot ko rive pou w konnen. M swete w ap konprann ki rezon ki lakoz mwen vle bliye Sacha. Si jis paske m te twonpe li ak Nadin, li te rive fè tout sa. Ou pa bezwen mande kisa l’ap fè lè li va dekouvri ke mwen gen yon pitit.

Djeri ret bouch ouvè pou tèlman li sezi. Li di tou ba.
-          Ou mechan anpil Nido.

Ventyèm epizòd

Sak ta di sa ?
M ! Zafè renmen sa a, m poko wè doktè ki ka preskri medikaman efikas pou geri li, alewè pou kalme sentom: kòlè, chagren, tristès, remò, emosyon, jalouzi san nou pap bliye pasyon. Wi, pasyon. Se sa ki lakoz nou renmen yon moun san nou pa janm pran tan pou reflechi ak konsekans sa ka genyen nan lavi nou. Epi tou, èske se pa sa renmen vle di ? Anpil fwa, lè w’ap chache bliye moun ou renmen, se twou tristès ou w ap fouye pi fon, volim rèl ou w’ap monte, elastik la w’ap rale oubyen blad la wap gonfle.
Sa k ta di sa ? Kilès ki ta kwè sa ? En en, pèsonn pa ta imajine sa, men poutan se sa ki rive. Koute Sacha k’ap pale ak Djeri non mezanmi souple.

-          Mwen pa’t gen kontwòl tèt mwen. M te jis wè sa m tap fè yo se te yon plezi. Mwen te tèlman gen konfyans nan Nido ke mwen pat imajine ke tout bagay sa yo ta rive la. Se te yon fason mwen tap chache pou mwen te pini li men elas, sa te depase mwen. Mwen vrèman regrèt tout sa m te fè li Djeri, paske m vin reyalize ke kite li tap pi bon. Mwen te dwe non sèlman padone li men ba li yon chans pou li rekòmanse.

Djeri fèmen je li imedyatman Sacha fin di sa, paske pou li Nido pa ka fè li anyen mal de plis. Poutan, Nido gen yon pitit. Djeri gen doub pwoblèm. Si li di Sacha koze sa a, jwèt la ap gate nèt. Tout moun nan pwoblèm !
-          Sacha ? Djeri rele li.
-          Wi Djeri.
-          Eske ou renmen Nido tout bon ?
-          Men kòman pou m di’w sa ankò Djeri ? Nan konbyen lang pou m eksplike’w ?
-          Dakò, men sèke gen yon seri de bagay ki parèt difisil pou n aksepte lè nou di nou renmen yon moun. Sa rive pafwa nou montre kontrè a lè nou devan laverite. Mwen krenn ke se pa yon sitiyasyon konsa ki tèmine dènye epizòd fèyton lavi ou ak Nido.
-          Kisa’w vle di mwen menm Djeri ? Di m tanpri.
Djeri ap panse kòman li ta fè pou di Sacha ke Nido gen yon pitit men li pa santi li ka devwale yon sekrè konsa. Li oblije vire pawòl la.
-          Ah, mwen pa vle di anyen non. Mwen te vle fè’w konnen ke ou dwe toujou prè pou kennenpòt sitiyasyon an kap rive ant ou menm ak Nido.
-          Oke, mwen ta swete ou pa banm manti Djeri.
-          Mwen swete sa Sacha.

Se te yon lannwit vè 8è konsa. Sacha te vin pase yon nwit ak yon tonton li. Konsa, kòm li difisil pou li pale ak jenn gason lakay li, li te blije kase yon ti randevou ak Djeri la. Vire Djeri vire, telefòn Sacha sonnen : sipriz !!!!!
-          Alo ? Se kiyès sa silvouplè ?
Sacha poze kesyon san li pa bay moun lan tan reponn li.
-          Se Nadin!
-          Nadin?!? Se pa vre, mwen pa kwè sa.
-          Se mwen Sacha, mwen konnen mwen pa gen menm valè a nan zye’w ankò men se mwen, non mwen pa chanje.
-          M santi sa paske se menm vwa a k’ap sonnen nan zòrèy mwen. Men dim non Nadin, mwen pa ko kwè non nan tout sa manman m rakonte m yo. Franchman, fòk mwen ta wè ou anfas pou m tap gade bouch ou k’ap di m se ou menm ki fè’m travay sa yo.
-          Tout sa manmiw diw yo Sacha se verite, men sèlman gen lòt verite manman’w pa di’w.
-          Kòman sa?!?
-          Paske li pa konnen. E si li te konnen, li tap di’w yo pwiske sa ap gen konsekans sou tout avni’w Sacha.
-          Bon, kisa li ye la a menm Nadin, mwen ta renmen konnen.
-          Domaj Sacha. Li difisil pou n rankontre pou moman sa yo.
-          E kisa ki fè sa ?
-          Premyeman, manman’w mete entèdi pou mwen nan lakou li a. Dezyèman, mwen pa rete nan zòn an ankò. Se trè lwen de ou.
-          Men ki kote sa menm ki trè lwen konsa a ?
-          Dezole Sacha, ou pap ka konnen li. Men pou tout sa m fè w ki mal mwen kwè ke verite sa a se yon dwa.
Sacha chanje telefòn nan de direksyon nan zòrèy li. Li di:
-          Nadin, si se pa yon fason wap chache pouw lolom, pouki’w pa dim verite sa a ?
-          Bon, banm di’w li Sacha. Ebyen…
Padan Nadin pral di sa a, kominikasyon an koupe. Bò kote Nadin.
-          Waw ! Gade sa telefòn nan fè. Koulye a Sacha ka di se mwen ki fèmen telefòn nan nan figi li.
Bò kote Sacha.
-          Ou kwè se ta fèmen Nadin ta fèmen telefòn lan nan figim konsa ? M pa kwè paske li te di “ebyen”, sa vle di li ta pral dim sa. De tout fason, sa pa entèrese’m.
Sa ki pi dwòl la, se sa ki rive Nadin pandan Sacha ap poze tèt li kesyon an.
-          Mwen kwè manman’w te di’w pa itilize telefòn isi a Nadin? Yon mesye di li.
-          Wi, tonton men mwen gen zanmi pou mwen pale tou.
-          Sa pa regade mwen. Lesansyèl, se lòd yo te pase ou a ki pou respekte. Ban mwen telefòn lan touswit madmwazèl.
Li pral difisil nèt pou Sacha ta konnen verite sa a si se pou Nadin paske Nadin pa gen telefòn e Sacha ap itilize yon nouvo nimewo. Ki verite sa menm? Ebyen, nou sonje lè Nadin te kwaze ak Nido nan lari a aprè li te soti lakay Sacha a?
Nido lache li, li pase men nan figi li epi li di Nadin.
- Nadin, mwen chanje wi. Ou pa kwè sa?
- M! Kwè,sa twò fasil. Ak bouch mwen, m ka di’w wi, mwen kwè ke’w chanje men èske se sa zye’m banm nan aksyon ou kontinye ap poze. Ou pa’t satisfè de mwen jis ou te rive gen yon twazyèm menaj sou Sacha?
- Nadin, pa pale koze sa yo twò fò pou moun pa tande.
- En en, si’w wè sa m’ap pale paske se ou ki kenbe’m nan wout mwen.
- Koumanman, Nana pinga w’al di Sacha bagay sa yo non pou’m pa pèdi chans mwen nèt.
Ti sekrè sa a ka pwovoke gwo dega e menm rive touche koze pitit la paske se tidam sa a ki manman an. Bon, koze yo ap mache kontre koze. Pandan setan, Nido ap pale ak Molè nan lari.
-          Nido, pa bliye mwen di ou non. M repete’w sa non, patnè ki renmen ak tidam lan kwè ke se li ki papa a, Si wal pale de yon bagay konsa, ou ka lakoz gwo dega e menm mete lavi ou ak pitit la andanje.
-          Mwen konnen Molè men kite’m di’w. Pa gen anyen ki pi enpòtan ankò ke wè pitit mwen e prezante m kòm papa l. Olye pou m rete ap kouri devan Sacha pou yon rezon ke li pa konnen, prefere mwen sibi konsekans la pou bon, paske vle ou pa, yon jou l’ap dekouvri verite a.
-          Kontrèman Nido, si ou pa janm pale sou sa, li ka fè tout vi li san dekouvri li.
-          Non, non Molè. Mwen ap pase tout vi m ap viv ak yon manti k’ap boulvèse’m. Mwen p’ap ka swiv konsèy ou yo.
Se menm moman an, mèt afè a vin pa parèt.
-          O o, sa ki gen la a? Ak kilès w’ap pale la a Molè? Mwen genlè avèg?
-          Se mwen menm Nido, Ema.
-          A bon, ou sonje yon non konsa ? Mwen, m tèlman bliye’w ke m te panse ke se te zonbi’w mwen te wè. Pwiske m konnen Molè vivan, m sipoze ke ou vivan toujou. Di m non, ki van ki mennen ou isit la ?
-          Mwen te vle wè ou Ema, paske sa fè lontan.
-          Ou sur ke se mwen ou te bezwen wè ?
Nan lespri Ema, li panse Nido t’ap chache kèk fi nan zòn nan. Li pa panse ak pitit la.
-          Wi, Ema men m te plis vle wè pitit mwen an.
-          Kisa? Pitit ou a? Ki pitit ?
Aswiv…



Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...