Se
menm moman an, mèt afè a vin pa parèt.
-
O o, sa ki gen la a? Ak kilès w’ap pale la a Molè? Mwen genlè avèg?
-
Se mwen menm Nido, Ema.
-
A
bon, ou sonje yon non konsa ? Mwen, m tèlman bliye’w ke m te panse ke se
te zonbi’w mwen te wè. Pwiske m konnen Molè vivan, m sipoze ke ou vivan toujou.
Di m non, ki van ki mennen ou isit la ?
-
Mwen
te vle wè ou Ema, paske sa fè lontan.
-
Ou
si ke se mwen ou te bezwen wè ?
Nan
lespri Ema, li panse Nido t’ap chache kèk fi nan zòn nan. Li pa panse ak pitit
la.
-
Wi, Ema men m te plis
vle wè pitit mwen an.
-
Kisa?
Pitit ou a? Ki pitit ?
Djeri
reponn ak kè kase.
-
Pitit ki nan men’w
lan, se pa pou mwen Ema?
-
Pou
ou, kilès ki t’ap fèw gras sa a ? Mwen menm wi. Ou genlè pèdi tèt ou,
franchman.
-
Men
Molè di mwen se pitit pa m li ye,
Bon,
Nido kòmanse depale. Li gade Molè ki bese tèt li. Ema ap pale ak Molè.
-
An
sa vle di, se ou ki fè’mtravay sa a Molè. M bò’w diplòm ou.
-
Se pa fòt mwen Ema. Mwen regrèt sa.
-
Wi,
ou toujou regrèt.
Nido
pa ka konprann, li pa kwè sa li sot tande a. Nan menm moman an, annou swiv
Sacha ak Nadin k’ap pale nan telefòn.
-
Mwen
byen kontan repale avèk ou paske ou pat gentan dim koze a.
-
Se pa telefòn mwen non, yon minit yo banm. Men sa m t’ap di’w. Nido gen yon pitit
tande.
-
Kisa
ou dim la a Nadin ? Epi ou te konn tout bagay sa yo, ou pa janm di m sa.
Ou kite tout sa yo fin pase, se koulye a ou chwazi di sa ?
-
Mwen t’ap di’w sa men
okazyon an pat ko prezante Sacha.
-
O wi. Antouka mèsi anpil.
-
Dakò, m’ale.
-
Oke Nadin.
Sacha dekonstwonbre. Sa fè li pa gen anvi ankò pou Nido plis pase avan. Li
regrèt sitou pou desizyon li te pran pou retounen ak Nido epi gade nan ki pyèj
li ta pral pran.
Ann retounen bò kote Nido ak Ema. Sakap pase menm ?
-
Koute
Nido. Menmsi pitit sa a ta pou ou, mwen pa t’ap ba ou li paske ou pa merite
pote non « papa ».
-
E
kòman ou ka eksplike ke li pa pou mwen ?
-
Rete !
Ebyen se pa mwen ki manman an ankò? Se foli ou genyen pou’w papa pitit ?
Mwen te ka ansent pou ou vre, men se domaj, nan sikonstans nou te rankontre a,
se t’ap yon desepsyon pou mwen. M pa konn kisa mwen ta pral di pitit mwen an lè
li grandi.
-
Ou
t’ap di li verite Ema. Se senp.
-
Pou
ou, se trè senp menm. Antouka, mwen swete ou pa fè plis demach pou’w ta rive fè
papa pitit mwen an doute de mwen. Mwen garanti’w m’ap fè tout sa ki posib pou’m
fèw peye sa. Apati de jodi a, pa janm chache wè mwen ankò.
-
Dakò
Ema. Kanmèm, mèsi paske se yon bòn nouvèl ou ban mwen. Ou p’ap janm wè mwen
ankò. Mwen fè ou pwomès sa a.
Nido
vire, li kòmanse souri. L’ap mache an souriyan, li ta menm vle kouri. Li sot
resevwa yon bòn nouvèl ke li pral anonse ak Djeri, answit ak Sacha. E se sa ki
pral mete fen ak tout barikad, tout pwoblèm, tout sousi.
Men,
tout moun pa gen menm enfòmasyon. Si gen bòn nouvèl, gen movèz tou. Rapid
rapid, Sacha gentan rele Djeri pou li di konsa :
-
Djeri ?
-
Wi, alo, Sacha, kisa’w genyen?
-
M
dekouvri sekrè ou pa’t vle di m nan tande ?
-
Kisa ?
Kisa ?
-
Mèsi
paske’w te kache m li. M te di’w tout verite men ou pat fè sa.
-
Kisa
Sacha ? Di mwen.
-
Nido
gen yon pitit e ou pa dim sa?
-
Nido ?
Yon pitit ? Di’w sa ? men…men kilès ki di’w pawòl sa Sacha ?
-
Yon moun ki konnen Djeri.
-
Waw, men mwen pa rive kwè se vre Sacha.
-
Se
nòmal pou’w pa kwè paske se zanmi’w. Ou t’ap toujou pou li.
Imedyatman
Sacha fin pale ak Djeri, Nido rele Djeri.
-
Yow, mwen delivre wi patnè’m. Nido di
li.
-
Kòman ou delivre a?
-
Monchè, daprè sa m
sot aprann la nan bouch Ema, pitit la pa pou mwen.
-
Bagay serye ?
-
Jan’w tande a
zanmi m.
-
Mwen kontan men
malerezman li twò ta, paske Sacha fèk rele m la pou li dim li konnen ou gen yon
pitit.
-
Kisa ? Kilès
ki di li sa ?
-
Mwen pa konnen.
-
Oke, oke, pa gen
lòt moun ke Nadin k’ap di koze sa a. Ou mèt kwè mwen.
-
E kòman Nadin
fè konnen yon bagay konsa Nido?
-
Bon, li konnen
Djeri.
-
Nido, ou nan
pwoblèm zanmim.
-
M poko konnen lè’m
pa nan pwoblèm nan non Djeri. Chak fwa mwen panse ke sa pral fini, se atò sa
kòmanse. Franchman, mwen bouke ak koze sa. Koulye a kòman mwen pral fè pou’m
konvenk Sacha ke se pa vre ? Anplis, l’ap kwè Nadin nan sikonstans li vin
dekouvri sa.
-
Tèt chaje. Antouka
zanmi’m, mwen poko wè kòman mwen pral ede’w la a non paske sa konplike. Men ou
te ka mande Ema pou li pwouve li ke se pa vre Nido.
-
Wi, se yon bon ide
men li entèdi mwen pale ak li, e sa ka lakoz anpil dega paske papa pitit la ka
vin sispèk.
-
Sa a se sèten.
-
Oke, men sa w’ap fè. Ou ka voye nimewo Sacha a pou mwen.
-
Sa dwòl wi pou yon
nèg gen menaj li li pa gen nimewo l.
-
A monchè, dat m pa
sèvi ak telefòn.
-
Oke, m’ap voye l
ba ou pas ms.
-
Dakò.
Kèk minit apre,
Sacha dekwoche telefòn li an ki t’ap sonnen.
-
Alo ?
-
Alo bonswa.
-
Bonswa, se kiyès
silvouplè ?
-
Se Nido. Sacha,
koulye a ou bliye vwa mwen ?
-
Ki enpòtans sa
genyen pou’m raplem de vwa ou ? Okontrè si’m te ka pat janm tande li, m
t’ap kontan pou jan m pa vle wè’w.
-
Sacha sa’w panse a
se pa sa non.
-
Kisa’m panse
a ? Ou gen yon pitit epi ou te vin koze’m tout dega sa yo Nido ?
-
Non Sacha, se pa
vre. M fèk sot aprann ke se pa vre.
-
Abon, (rii) ou fèk
aprann sa menm jan mwen menm mwen fèk aprann ke ou genyen l.
-
Oke, Sacha si ou vle n’ap pran yon randevou
pou n pale, ou dakò ?
-
M’ap reflechi aprè
m’ap rele’w.
-
Tanpri, m’ap tann
ou ak enpasyans.
Venndezyèm epizòd
Kè kontan, kè sere
Finalman,
tout sekrè sanse devwale. Wezlin, Nadin, Molè fin vann, fin achte. Kisa ki pral gen la menm? Djeri
pa ka fè anyen pou ranje lèchòz pou zanmi li Nido. Nido ant kè kontan ak kè
sere. Li kontan paske li dekouvri ke pitit Ema a pa pou li e kè li sere paske
Sacha te gentan konn nouvèl la avan.
Pou
moman n’ap pale la, tout bagay anfòm ant Sacha ak manman li. Poutan Sacha
kouche depi maten nan kabann li, li pa janm leve soti. Nevè tapan, mant Imèn
frape pòt chanm li an. Li leve al ouvè. Mant Imèn di li :
-
Rete,
apaw pa janm soti Sa ? Kisa’w genyen ?
-
Anyen
manmi.
-
Anyen
manmi ? Kilès sa se pa Sacha ?
-
Wi, men mwen di’w ke
mwen pa gen anyen.
-
E
ki rezon ou ka banm pou w eksplike ke nan lè sa a ou poko leve toujou ?
-
Mwen leve m jis pa
soti deyò.
-
Se pa’t yon abitid
kanmèm. Banm di’w pitit fi mwen. Pinga
ou kite bagay ki te fin pase yo pran tèt ou non. Mwen se manman’w e ou konnen
manman pa lage pitit li. M’ap fè tout mwayen posib mwen pou’m pran swen’w e
mwen rete kwè ke Bondye ap banm fòs ak kouraj pou m sipòte.
Sacha
gade mant Imèn epi li di li :
-
Men gen yon bagay mwen
konnen ke’w pap janm aksepte fè manman.
-
E kisa li ye la pitit mwen?
Sacha te kanpe devan kabann lan, li retounen chita. Li gade agoch, li gade
adwat epi li kòmanse pale konsa:
-
Manman, si m poze’w yon kesyon, ou p’ap
fache ?
-
Men
non pitit mwen, ou mèt pale cheri, manmi’w ap koute.
-
Poukisa
yon gason twonpe yon fi li di li renmen ak tout kè li ?
Mant
Imèn sezi ! Li pa’t janm atann ak yon kesyon konsa. L’ap degaje l’ li reponn.
-
Koute
pitit mwen. Anpil fwa, se nou menm fi yo ki lakoz sa paske nou pi fasil kwè lè
yon gason pale. Nou twò sansib e nou aji ak pitye nan pi fò sikonstans ki rive
devan nou. Anpil nan yo konn di ke se pwoteje y’ap pwoteje nou. Konsa, yo rive
ap mennen yon lòt vi deyò san nou pa konnen. Se sa ki konn lakoz anpil ladan yo
rive fè maryaj fòse.
-
Kòman sa? Sacha mande.
-
Paske nan fè
enfidelite, fi a konn rive tonbe ansent. Pa mande Bondye se pitit yon pastè
oubyen yon kretyen ki jwe gwo wòl Legliz.
Sacha ap reflechi ak Nido ke Nadin di ki gen pitit. Erezman, Ema pa pitit
yon pastè. Nido sove. Depi
lè Sacha kòmanse reflechi a, li sanble pa tande anyen nan sa mant Imèn te
kontinye ap di.
-
Sacha ?
Sacha wi ?
-
Wi,
manmi, m la wi.
-
E kisa m fèk sot di la a?
-
…..
Mwen konprann manmi. Pa enkyete’w. Mèsi pou repons la.
-
Dakò.
Koulye a se mwen ki gen yon kesyon pou poze’w.
Sacha sezi! Li di:
-
Ki
kesyon sa manman? Poukisa ?
-
Paske m vle konnen yon
bagay menm jan ou te vle konnen an tou.
-
Men
manman se ou ki granmoun, se ou menm ki ka aprann mwen. Podyab mwen.
-
Epoutan,
nou menm jènn fi alèkile, nou gen anpil pou n aprann manman nou paske tan
lontan pa menm jan ak tan koulye. Kite mwen poze’w kesyon an non.
-
Ou
mèt poze’l wi men m gen dwa pa gen repons la.
-
De
tout fason, m’ap poze’w li.
-
Di
mwen Sacha, èske ou toujou renmen Nido ?
Sacha
leve de men li, li mare figi li epi li di :
-
Kesyon
sa a ou poze’m manmi ? Poukisa li si enpòtan pou’w konnen ?
-
Paske
m te pase laj ou Sacha. M pa’t fèt tou granmoun. Mwen konprann tout reyaksyon
ou e mwen menm rive doute ke se poutèt Nido ou te bezwen tiye tèt Ozetazini.
Woy !
Gad’on pawòl. Sacha kale je li sou mant Imèn.
-
Manman !
Kote’w jwenn ak pawòl sa a?
-
Mwen di’w sa deja.
Mwen te pase jèn tifi tou. Mwen te kay yon manman avan mwen te vin abite ak
papa’w. Mwen te gen gason ki t’ap koze avèk mwen menm jan ak ou. Mwen te konn
pran kout kastwòl, kalòt nan tout tèt mwen. Dèfwa, m te konn pa ka ale lekòl
pou tan kòm te konn ap fè’m mal aprè yo fin kale’m pou papa’w. Manman m te konn
joure m anpil e padan de fwa li te mete rad mwen deyò. Malgre tou, santiman mwen pa’t janm
chanje pou papa’w. Ou konn sa ki fè sa ?
-
Pa
vrèman…
-
Paske
mwen te renmen li. Lè ou renmen yon gason, ou ka fè tout sakrifis pou li.
Malerezman gen anpil nan yo ki pa konn sa. Men sa pa dwe anpeche ou toujou
renmen yon moun. Si m te vle fè menm jan ak grann ou, mwen pa kwè se mwen ki
t’ap la maten an ap di’w tout pawòl sa yo. Ou bliye jou mwen te wè Nido te vini
la a ? Si mwen te vle bò’w pwoblèm, m pa kwè istwa sa a t’ap rive la.
Aprè
yon ti silans, Sacha di :
-
Mèsi
manmi
Li
anbrase mant Imèn ki di li :
-
Koulye
a w’ap soti ?
-
Wi.
M’ap tou soti aprè.
-
Dakò
pitit mwen.
Ti
soti sa a ap tou mennen rankont ak Nido a. De twa minit aprè mant Imèn fin
soti, telefòn li sonnen. Kilès sa ?
-
Bonjou
cheri (vwa a di)
-
Depi
kilè mwen te cheri’w ?
-
Depi
lontan Sacha.
Imedyatman
Sacha kòmanse panse ak bon ti moman lontan yo. Li kòmanse souri nan telefòn
nan. Si Nido te ka wè, ala kontan li ta kontan, ala ponpe li ta ponpe, ala vole
li ta vole, ala pyafe li ta pyafe. Finalman…
-
Ou
pa di m anyen non pou sa m te di’w yè a. Nido mandeli.
San reflechi plis, Sacha reponn:
-
Pap gen pwoblèm. E ki kote menm? Sacha mande li.
-
Sa
depan de ou paske mwen devan baryè a depi plis ke inèdtan.
-
Kisa ? (Sacha mete men nan
bouch li pou l ri)
-
Mwen pa’t vle w soti
pou rankontre yon lòt moun avan ke mwen menm.
-
Wow! C’est romantique
ça..
Aswiv…
Venntwazyèm epizòd
Yon bèl kou, yon bèl jwèt: mal kalkile
Si’m
ta di’w, ou pap kwè men tout bagay te byen aranje. Tande non, se bagay ou pa
tap janm panse wi ant Nadin e Molyè.
-
Mwen
te fè tout sa m kapab mwen pa rive reyisi sista, Molyè di.
-
Kanmèm, se byen. Nadin reponn.
-
Men jan’m di’w la, Katyana entèdi li rekontakte li. E
sa ki te etone m, se paske m wè li sonje ti non Ema a.
-
Katyana
tèlman gen non, m pa kwè l pap fè yon diksyonè yon lè. Sèl sa m konnen, Sacha
pap dakò retounen ak Nido pou zafè pitit sa a.
-
Men
Nadin, Katyana di pitit la pa pou li.
-
Wi,
e kòman Sacha ap fè konnen ke se pa pitit li li ye vre ?
-
Bon,
se fasil paske li pa pititi li vre. Yon jou kanmèm, lap konnen.
-
Lè sa a, l’ap two ta. Sacha
ka gentan marye.
Molè ranje kò li, li di Nadin konsa:
-
Ou
konnen kisa mwen pa ka fin konprann ? Poukisa ou oblije fè tout sa jis
pou’w anpeche Sacha retounen ak Nido alòske’w konnen ke Nido pap janm aksepte’w
kòm menaj li ?
-
W’ap
konprann lè’w sonje ki kontra nou te siyen.
Akoz
kèk sekrè ke sèl Nadin konnen de Molè, li manipile li jan li vle jis pou l rive
genyen tou sa li vle. Nadin sanble pa deside kite Nido ak Sacha viv byen. L’ap jwe tout kou pou l gate sa. Kòm nou
te wè sa titalè a, Nido te devan baryè a. Li fè 10zè nan maten.
Pou
kòmanse, jeran an pat la. Nido file dwat tankou koulèv, li antre nan lakou a.
Li salye mant Imèn ki reponn li ak yon demi-souri. Aprè salitasyon an, Nido tou
pè, li mande :
-
Sacha
pa la silvouplè ?
-
E kilès ki te di’w li an Ayiti?
-
Mwen
te pale ak li yè.
-
Se
sa. E poukisa ou bezwen wè li menm ?
-
…..Mwen
te jis vle pale ak li.
-
Ebyen
li pa la non Nido, se sa ? Se konsa’w rele pa vre ?
-
Wi,
…alò, lè li vini w’a di l mwen te pase kote li silvouplè.
-
M’ap
fè sa.
-
Male wi, pase bòn fen
jounen.
-
Mèsi. Ou menm tou.
Gadon sezisman! Nido
pa konn ki pye pou li mete devan pou l soti. Misye ap tranble, l’ap voye je
agoch adwat. Mant Imèn t’ap koud yon wòb, li fè yon ti kanpe epi li mande
Nido :
-
Kòman ?
Ou pèdi wout la Nido ? Men baryè a wi, se la ou te pase antre wi e ou te
kite li tou ouvè.
-
A
bon, wi mèsi.
Mant
Imèn souke tèt li. Pandan Nido prèske fin soti deyò, Mant Imèn rele li.
-
Nido ?
-
Wi,
manmi.
-
Vini
mwen di’w yon ti koze.
Ak
tout perèz, Nido apwoche san ezite tankou yon timoun.
-
Men mwen wi.
Mant
Imèn depoze wòb la la, li kwaze bra li.
-
Ou
ka di m finalman poukisa ou renmen pitit fi mwen an ?
San zatann, Nido bay
Mant Imèn yon repons ki etone li anpil.
-
Franchman, fòm mwen ta
jwenn yon chèz pou’m chita, paske imedyatman mwen fin rakonte’w tout rezon yo,
m’ap tonbe.
-
Se pa ak Sacha non w’ap pale la a Nido. Apa timoun pa respekte granmoun
ankò?
-
Poukisa manmi Imèn, se yon verite mwen di’w. Si jodi a gen moun ki chwazi
mouri nan bay manti, mwen wè li pi enpòtan pou m ta mouri pou verite.
-
Mmm!
Manti
Imèn dekwaze bra li. Li leve, li antre san li pa di Nido anyen. Deyò a, Nido pa konprann
poukisa li fè sa e kisa li antre al pran. Petèt yon baton, yon zam
oubyen….Antouka, Nido pa fè yon pa. Li rete la ap tann sa k’ap vini an.
Kèk
minit aprè, Mant Imèn soti ak Sacha. Kè Nido fè wap. Li pa souri paske li wè
Mant Imèn bay yon vye min. Kisa li pral di ?
-
Men
mesye sa a ki te vin kote’w. Mwen vle nou chita kote’m nan pou nou di sa nou
gen pou nou di a.
Woy !
Sacha boude :
-
Poukisa
manman ? Se konsa w’ tap dakò manman’w fè?
-
Non,
men mwen bezwen wè poukisa mwen pa tap dakò.
Nido kouri pran lapawòl.
-
Sacha,
nou pa gen pyès sekrè pou nou kache. Mwen renmen’w ou konn sa. Malerezman, mwen
pat aji byen anvè ou. Mwen te twonpe ou, e mwen regrèt sa. Men sa aprann mwen
anpil leson. Mwen p’ap sèmante ni mwen p’ap fè ipokrizi. Men mwen konnen ke
Bondye temwen de santiman mwen ki reyèl pou ou. ….Mwen kwè se sa manman’w te
vle tande.
Silans !
Sacha ret bouch ouvè. Manti Imèn ap gad Nido fiks. Li di:
-
Oke, pa gen pwoblèm. Pou koulye a, sa sifi.
Mant
Imèn deplase, li kite mesye dam yo ansanm. Sacha pa kwè sa li sot wè ni tande.
Li desann kote li te ye sou galri kote Mant Imèn lan, li apwoche vin jwenn
Nido. Fòw ta la pou’w ta wè. Fas a fas,
je nan je…n’ap swiv.
-
Tu
es tellement belle Sacha. En vérité, je ne crois pas que c’est toi qui es là.
Tu as beaucoup changé. Je ne te connais plus.
Sacha
ap souri, li pa ka gade Nido nan je. De tanzantan, l’ap manyen ti men li.
M ! Sa fè lontan. Nido tou pwofite papa !
-
Di
mwen avan menm mwen deplase la a, èske ou padone mwen Sacha. Se repons ak
kesyon sa a ki pi enpòtan pou moman sa a. E si’w pa p fè l ak tout kè ou, pa
banm manti.
Sa
a pi bèl. Ou kwè mant Imèn p’ap gade nan fenèt la ? Granmoun dezòd. Sacha
pa wè sa pou l fè ke kriye an silans. Epi li di :
-
Mwen
kwè se pou premye fwa mwen pral padone yon moun ki fè’m mal paske se pou premye
fwa tou mwen jwenn yon moun ki montre li renmen m. Mwen konnen mwen fè’w anpil
mal jis ou te rive pèdi tèt ou. Se te jis pou’m vanje. Se pa mwen ki te deside
pati jan sa te rive a, men mwen te kontan paske m te toujou ankòlè. Men lè m te
rive, touswit mwen te kòmanse santi mwen koupab. Se sa ki fè’m te prè pou’m
tiye tèt mwen.
Wouu papa ! Nido kòm bon jènn jan, pran men Sacha, li al chita anba
lòt galeri a. La a, se san parèy.
-
Tande
Sacha! Mwen pa gen pitit vre. Fi yo di
ki se manman pitit mwen an di se pa vre e li mete entèdi pou m ta rekontakte
li. M konnen li pap fasil pou’w kwè’m
men se sa li dim.
-
Si
ou pa gen yon prèv, kòman mwen menm m’ap ka fè genyen li ?
-
Wi,
ou ka genyen li. (Yon moun ki fèk parèt tou cho tou bouke di sa. Kilès
sa ?)
-
Molè ?
Sa w’ap fè la a ? Kòman’w fè antre ? Nido mande li.
-
Se kiyès sa Nido? E fi sa a kilès?
-
Ema? Kisa….
Men zen! Molè pran
lapawòl.
-
Mwen te wè baryè a
ouvè, mwen te oblije antre san frape paske m te tande vwa ou ki t’ap pale.
-
E kisa’w vin fè ak Ema la?
-
Se pa Ema laa? E kijan ou fè konnen se la a mwen ye?
-
Se fasil. Mwen te pase lakay ou, mwen pa wè’w. Mwen te jwenn Djeri ki t’ap
soti nan kay ou a. Mwen eksplike li sa m te vle fè a, li dim se la ou t’ap vini
maten an. Vwala.
Sacha
kwaze de bra li, l’ap koute chak moun k’ap pale paske li pa konnen youn ladan
yo ni li pa konnen sijè y’ap pale a.
Vennkatriyèm epizòd
8
je kontre tou manti kaba. Sacha, Nido, Molè e Ema oubyen Katyana. Kisa yo gen pou di? Annou tande
mèt afè a: Molè.
-
Nido, m’ap mande’w pou’w eskize’m.
-
Poukisa?
Ou pa fè’m anyen.
-
Wi,
mwen fè’w men se pat volonte pa’m.
-
Se
te volonte kiyès ?
-
…..Nadin.
-
Nadin ? Sacha
mete men nan bouch li.
-
Wi,
se Nadin. An reyalite, pitit Katyana a pa pou ou men Nadin te fòse’m fè sa
paske li te vle vanje.
-
Poukisa’w
pat dim sa Molè depi avan ?
-
Mwen byen di’w ke li te fòse’m
-
Poukisa
ou te oblije aksepte?
-
Paske m pat ka pa
aksepte. Se
te sèl fason pou m pwoteje’m.
-
Pwoteje’w
kont kisa finalman ? M pa fin konprann ou non Molè.
-
Ou
pap konprann koulye a, men pi devan w’ap konprann. Sa ki pi enpòtan pou’w
konprann se sa m fè jodi a. Mwen te vle ou wè Katyana e pou Sacha tande ak pwòp
bouch li sa li gen pou di.
Katyana
avanse pi prè, li di Sacha.
-
Ou
se yon bèl inosant. Franchman Nido pa merite’w paske men kòm bagay yo rele
lanmou sa a se yon pwoblèm pou tèt pa li, ou gen rezon toujou renmen li e ou
mèt kontinye renmen li si se pitit mwen an ki te ka fè’w doute.
Molè
sezi, li di Katyana nan zòrèy :
-
Ou
pale twò mal Katyana.
-
Kisa
m di mal, manzè reponn pi fò. Mwen di sa ki nan kè mwen. Mwen di sa mwen santi.
Mwen di sa ki verite. Mwen di sa anpil moun pap di paske santiman damou avegle
yo, rann yo ipokrit. Mwen pa’t janm renmen Nido e mwen p’ap janm renmen li.
Kanta pou ou menm ki t’ap jwe wòl ou a, jere koze’w pa mete m ladan ankò.
Apre
sa, Katyana vire do li lale tou ankòlè. Lòt mesye dam yo rete san di anyen.
Nido mete men nan tèt li. Se atò Mant Imèn ap parèt.
-
Sa
ki gen nan lakou m nan la a en ?
Sacha
reponn :
-
Anyen
non manmi.
-
Epi
kilès ki t’ap pale byen fò konsa ?
-
Yon
tidam ki te akonpanye jenòm sa a wi men li gentan soti.
-
Kilès
ou ye ou menm ?
-
Mwen
se Molè.
-
Manman
sa sifi dakò ? Sacha di.
Mant
Imèn koute Sacha epi li retounen antre lakay. Youn gade lòt, Nido di Molè.
-
Molè,
fòk ou di’m kisa ki fè’w te oblije jwe wòl sa a.
-
De
tout fason, kit mwen di’w sa kit mwen pa di’w li, Nadin ap konnen.
-
Mwen
vle ou di m sa Molè. Anplis, m te aprann ke
Nadin pa’t isit, kòman ou fè jwenn li?
-
Li
retounen men li pa sou je. Pakont, mwen konnen kote l’ap ye aswè a.
-
Dakò.
Pita nan aswè…
Bèl
mizik ap jwe nan klèb la, tout moun ap danse, pyafe. Bagay yo bèl nan men Nadin
aswè a konpè. L’ap fete ak zanmi li. Manzè chita sou yon chèz ap bay blag ak de
zanmi fi e yon zanmi gason. Nido fè aparisyon li san zatann. Nadin souri. Nido rete byen serye. Li pran yon plas ki te
vid, epi li rale yon byè sou tab la ki fèk debouche. Li pran yon gòje epi li
rilaks li.
-
Se
konsa ou monte sou tab moun pou’w bwè ? Nadin mande li.
-
E
se konsa ou antre nan lavi moun pou fè dega ?
Bon ! Dènye koze ! Youn nan zanmi ki te la yo pa konprann, li
di:
-
Nadin,
ou ka di’m kilès silvouplè ?
-
Pa
enkyete’w. Nou mèt jis banm yon ti tan.
Konsa, zanmi yo kite tab la. Yo de a rete ap koze.
-
Di
mwen Nadin. Mwen panse ke aprè tout sa ou te fè yo, ou tap bay vag wi.
-
Kisa’m
te fè ?
-
Tout
jwèt ou t’ap jwe pou’w fèm peye sa’m te fè’w la. Dizon, sa ou te pousem fè a.
Depi nan kòmansman, w’ap taklem. Men alafen, ou echwe. Wale pi lwen lè ou te
vle akize’m kòm papa pitit Katyana a.
-
Tant
je’w chèch. M kwè se Ema ou te konn rele li.
-
Wi,
men ou bliye poukisa li te bay tèt li non Ema ? Banm raple’w. Se paske li
te twouve ke li fè twòp vye aksyon ak non sa a. Eke si yon gason bezwen montre
l li renmen li, se konsa pou li rele li. Kòm, mwen te prè pou’m pran pitit la,
mwen te rele li konsa. E lè’w aprann ke mwen te rele li Ema nan bouch Molè, ou
te sèten ke ou ganye. E san dout, se pou sa w’ap fete aswè a, pa vre ?
-
Kilès ki di’w bagay sa yo? Molè?
-
Wi,
se mwen! (Molè parèt, li chita)
-
Ow ! Se trè byen Molè. Felisitasyon!
-
Mèsi
paske se ou ki aprann mwen sista Nadin.
-
Ou
se yon bon elèv alò.
-
E
ki plan nou pou aswè a ? N’ap tiye’m pou tout sam fè yo ? (Nadin mande lè li
wè li nan won vre)
-
Non,
non, nou pa mechan menm jan avè’w. Anplis, nou pat fè moun nou pa la poun detwi
moun. E si ta gen pou mouri, mwen pa tap epanye paske mwen fè sa ki mal tou.
Omwen, mwen rekonèt mal mwen an men ou menm, ou fèk kare travay pou fè plis
mal.
-
O ! Nido ap preche’m. Amèn pastè.
-
Domaj,
Levanjil mwen an pap pèse kè’w. Bon, annou fini ak sa. Molè di m ke si li
devwale plan ou, w’ap fè lajistis regle avèk li. Ebyen, mwen te vle fè’w konnen
ke nan zak yo site non Molè a, li inosan. Se paske li te vle pwoteje gran frè
li a ki fè li te aksepte pase pou koupab nan lanmò zanmi’w lan ke yo te jwenn
mouri lakay li a. Ou sezi wè kòman yon ti frè renmen gran frè li opwen ke li te
vle bay tèt li pou li ? Men ou menm, ou pa konsa.
Je
Nadin kòmanse chanje koulè. Nido kontinye di li :
-
Chans
pou Molè, se ou menm ki te konn sa sèlman. Molè tèlman inosan ke Bondye kite’w
itilize li ankò pou tout moun te ka wè inosans li e pou lajistis pini moun ki
koupab la. E moun ki koupab la se ou menm.
-
Mwen menm ki te tiye Daniz Molè? Mwen menm?
-
Wi,
se sa granfrè m nan di mwen. Ou te fè sa jis pou’l te ka rete avèk ou. Si mwen
aksepte pase pou koupab nan yon dosye ki te ka lakoz lanmò mwen, mwen pa wè ki
verite li te ka kache’m paske lè m mouri, verite pap itil mwen anyen.
Te gen koze wi! Fè pa li Nido:
-
Se pa mwen ki pral denonse ou, paske m pa jounalis anketè ni mwen pa
enmi’w. Lè konsyans ou fin jije’w, wa deside reyaji fason ki fè’w plezi a.
Sepandan men sa map mande’w pou’w fè pou mwen. Kite ni mwen ni Molè ni Sacha
anrepo. Si’w kontinye, w’ap fòse’m fè sa m pat dwe fè.
Nido bwè yon dènye gòje byè, li di:
-
Ou
mèt kontinye fete paske se atò fèt la bèl.
Nido ak Molè vire y’ale, Nadin rete tou tris. Lè zanmi li yo retounen, yo
mande li sa ki te pase. Li pa di anyen, li leve epi li ale.
Vennsenkyèm epizòd
Dènye pwoblèm pou
Nido
Nan demen maten byen bonè, randevou a pa’t lòt kote ke nan Bibliyotèk la. Kòmsi lanati ak tout
anviwonman an te gentan konnen sa ki pral pase. Ou konprann wi !
Si’w
parèt, w’ap wè se de moun ki jis ap fè lekti, men gen anpil lajwa k’ap koule
la. Yo te fas a fas depi lè yo te vini an. Koulye a, se lè pou yo kite
bibliyotèk la. Nido kouri leve avan. Li kanpe e li lonje men li bay Sacha. Sa
se siy galantri en! Sacha souri, li leve pou li soti, men Nido pa deplase, li
rete dwat, rèd, de je fikse sou Sacha ki chanje karaktè souriyan an nan karaktè
serye. Silans simetyè. Li mande Nido:
-
Apa’w
pa vle m pase ?
-
Ou
bezwen pase pou’w ale ki kote ?
-
Pou’m
soti Nido.
-
Abon,
ben, la route est libre madame….
Nido
kite li pase men kou li fini, li kenbe bra li, epi li rale li vin sou li. Sacha bay Nido yon
ti rega epi li pale konsa :
-
Eske
sa m panse a se sa’w vle fè vre ?
-
Kisa ?
-
Sa
mwen panse a mwen di’w, oubyen konnen.
-
Men
m pa konnen, ou ka di’m.
-
Oke,
ebyen annou ale.
Nido
pa fè retisans, li kite li soti epi y’ale. 30 minit aprè, yo rive kay Mant
Imèn. Bèl okazyon, ni jeran an ni Mant Imèn pa la. Les rats sont dans la
maison. N’ap siiiiiib.
Yo
te fèk fin fè yon ti pale lè Nido rale Sacha vin jwenn li pou li fè yon ti
bizou pou li. Bagay li pa ta janm
panse. Sacha rapid rapid mete men li sou bouch Nido epi li di li:
-
Ou
sonje sa ki te pase yè nan lakou sa a ?
-
Non,
kisa ?
-
Manman
m te di pou’n te pale devan li pou li te ka tande tout sa n’ap di. E lè’w te
fin pale, li te konvenk. Nan aswè, li te metem chita pou li fè’m konprann ke li
renmen mwen anpil. Eke si l dakò pou’m renmen avèk ou, fòk mwen pran angajman
pou’m pa fè anyen ki ka mete lavi m an danje. Mwen te dakò.
-
Kidonk?.....
-
Mwen pa vle antre nan pyès tijwèt ki ka mennen malè Nido pou’m pa wont
devan lasosyete, devan fanmi mwen e devan zanmi mwen. Mwen renmen’w anpil Nido men gen de
limit nou dwe respekte si’n ta vle viv renmen sa a.
-
Menm
yon ti bo Sacha ou pa vle fè ?
-
Yon ti bo ka mennen lwen Nido. Anplis, se pa ti bo a ki enpòtan men pwomès
mwen fè manman mwen. Epi
tou, èske yon ti bo vo plis pase tout mwen menm ki pou ou ?
Nido gentan tris anpil men li te oblije reponn malgre tristès li paske se
yon verite.
-
Non,
ou vo plis e plis pase lavi pa’m.
-
Trè
byen. Kilè n’ap wè ?
-
Kesyon
sa a difisil, paske mwen ta toujou vle wè’w.
-
Yon
jou sa gen pou rive paske ‘m pa’p pase tout vi’m isi a.
M !
Pitit fi, si Mant Imèn te tande ! Nido souri lè li tande ti pawòl sa a.
Pou soulaje li, Sacha fè yon ti bizou pou li bò machè. Konsole’w Nido, nan
maryaj la w’a pwofite.
-
Salye
Djeri pou mwen. E di li mèsi anpil. (Sacha di li)
-
Mwen pap manke fè sa.
Nan pita, Nido kwaze ak Djeri.
-
Djeri, Djeri…
-
A, pinga ‘w vin banm menm nouvèl Sacha lopital la non. Ok?
-
Non
monchè. Fwa sa a, se bòn nouvèl.
-
Pale
cho, pale cho.
-
A,
ou konnen. Tout bagay regle nèt zanmi’m.
-
Se
sa k fè m pat wè’w pandan tout tan sa yo ? Ou pa menm remèsye’m pou Molè m
te fè al jwenn ou kay Sacha a ?
-
A
monchè, ou konnen se bon bagay ou ye. Banm di’w. Tout bagay ofisyèl wi apa.
-
Kisa’w
vle di pa la ?
-
Sa
vle di Mant Imèn dakò monchè.
-
Ni
papa a tou ?
-
Bon,
… li pa an Ayiti Djeri, ou konnen sa.
-
Ebyen,
se ofi la ou genyen, syèl la poko pale pou ou.
-
W’ap
jwe Djeri. Jiskaske nou marye wi frè pa’m.
-
A! Gen yon bagay ou pa
di’m.
-
Kisa ? Nido mande Djeri ak krent.
-
Eske
ou antre nan chanm li an ?
-
Non,
poukisa ?
-
Eske
ou manje lot bò a ?
-
Non,
poukisa ?
-
Eske yo fè’w tire dlo deja?
-
Non, e poukisa’m mande’w?
-
Finalman,
èske li te fè yon ti bo pou ou ?
-
Ee...mmm…..ee wi,
men….
-
Men
kisa? Djeri mande li pandan Djeri kòmanse ap peze vant li pou li ri. Nido ret
serye pou li di.
-
Li te fè yon ti bo men
se te bò machwè mwen.
-
A a a a a kkkkkkkk Djeri pete yon chèn ri.
-
Sa
misye gen la? W’ap ri nan pwoblèm mwen ? Ou pa t konsa non avan.
-
Kite
m ri’w paske’w di’w ofisyèl. Met sa nan tèt ou zanmi’m, se lè’w met bag ou
ofisyèl tande ?
-
Dakò
papa.
-
Ou
pa enfòme’w de Nadin ?
-
Nadin ? M pa konnen anyen non, sa yo di’w de li ?
Nido atann yon movèz nouvèl. Djeri di li.
-
Bon,
yon zanmi li mwen te kwaze maten an te di m li lopital.
-
Kisa ?
Lopital menm ? Sa l dwe genyen ?
-
Li
di m li fè yon kriz.
-
Tèt
chaje. Lavi a se konsa li ye wi zanmi’m. On paie les conséquences de ses actes.
-
M
konn sa monsieur le moraliste.
Mwen envite’w nan maryaj Nido ak Sacha a k’ap fèt nan legliz pa bò lakay
la. Si’w wè resepsyon an mal pase, konnen se Nadin ki responsab.
Fen
Jérôme Dorsonne Emerson
Me – Novanm 2015