lundi 19 novembre 2018

10 rezon pou yon kretyen pa prese renmen

Premye koze

KOZE RENMEN, KOZE LAVI

Renmen tèlman okipe yon plas enpòtan nan lavi chak moun sou latè, li vin yon gran nesesite e menm endispansab pou anpil moun. Sa fè, l ap difisil pou yon paran ta anpeche pitit li renmen e marye. Bib la di: “Bay yon timoun prensip li dwe swiv. Jouk li mouri, li p ap janm bliye” (Pwovèb 22.6).

Konsa, yon paran pa ka anpeche pitit li renmen, men li ka ba li bon prensip pou l ka fè yon bon chwa. Sa posib gras ak edikasyon seksyèl la. Malerezman, anpil paran pa vle mete timoun yo chita pou di yo laverite sou zafè renmen ak seksyalite ki ka detwi lavi jèn ki fè l san li pat ko prè.

Pale de renmen, se pale de lavi paske anpil fanmi ki egziste, konplè oswa monoparantal, se rezilta renmen. Kit ou se pitit plasay, pitit lamaryaj, pitit san papa, pitit yo jwenn, ou se rezilta de moun ki te renmen e ki te fè sèks yon fwa pou manman w nan te ka ansent. Se sa ki fè, renmen ak fè sèks se de bagay depaman.

Renmen pa vle di fè sèks, men sèks se yon eleman enpòtan nan remen. Toutfwa, si se sèks la ki domine w, li ka difisil pou w dekouvri vrè renmen an.

Gen plizyè rezon ki ka lakoz yon moun renmen, jan sa di nan « Bon Konsèy sou Renmen », men se pa tout ki bon. Yon renmen ki baze sou relasyon seksyèl pa ka bay bonè ni fè dekouvri renmen tout bon an. Men kòman w ap fè konnen ?

10 rezon ou pral li yo pa pou fè yon jèn kretyen ki te renmen kite, ni pouse l renmen, ni pa janm renmen tou. Okontrè, li la pou fè tout jèn kretyen ki vle renmen, konnen danje ki genyen lè y ap prese renmen san reflechi ak demen. Mwen priye pou 10 rezon sa yo ede chak moun k ap li tiliv sa a jwenn plis rezon toujou pou yo ka renmen nan bon kondisyon.

ESKE BIB LA DAKO KRETYEN RENMEN ?

Nan pyès ka, Bib la pa entèdi kretyen renmen. Tout kretyen ka renmen daprè kado yo resevwa nan men Bondye ak jan yo vle mennen lavi yo. Apot Pòl, nan ministè li sitou, pat gen fanm. Li te di kretyen Korent yo pawòl sa a: “ …mwen ta pito wè tout moun fè tankou mwen. Men, chak moun gen kado pa yo Bondye ba yo. Yon moun resevwa yon kalite kado, yon lòt moun resevwa yon lòt kalite kado”. (1 Korent 7.7).

Se sa Pòl te swete, men li menm ankò te di : « Men, si nou pa ka kontwole kò nou, marye marye nou. Pito nou marye pase pou n kite lanvi boule nou ». (1 Korent 7.9).

Bib la dakò pou kretyen renmen, e li bay kòman sa dwe fèt. Jozèf pat antre nan relasyon seksyèl ak fiyanse li Mari paske li pat ko marye avè l (Matye 1.18-19). Pòl te mande pou kretyen Korent yo gen yon sèl konjwen nan maryaj la pou evite dezòd lachè (1 Korent 7.1-2). Avan Bondye te di Adan e Èv fè pitit, li te beni yo (Jenèz 1.28). Sa di, Bondye ki vle nou renmen an, se li menm ki vle nou marye tou.

Bondye ki te kreye fanm pou gason an, se li menm ki vle pou gason an prè avan li viv ak fanm li renmen an tou. Konsa, « 10 rezon pou yon kretyen pa prese renmen », se 10 konsèy, 10 sijè, 10 prèv pou demontre gen espwa pou yon kretyen ki mennen bak li byen nan Levanjil, rankontre moun pa l la e viv byen nan fwaye li.

Chak lè de moun renmen jan Bondye vle, se yon byen pou sosyete a ki fin depavre. Konsa, si yon moun ta renmen Ayiti chanje, li dwe bay tèt li misyon pou l renmen kòrèkteman, paske echèk nan renmen, sa w pa ta panse, se youn nan echèk peyi a tou ak kèk pwoblèm ki egziste nan legliz la. Nou ka site gwosès avan lè ki bay maryaj fòse, twòp timoun k ap fèt ki kreye plis grangou, plis chomaj, plis koripsyon e plis pwostitisyon.

Ka renmen pa vle di w ka byen renmen. Prese renmen pap fè w dekouvri vrè renmen an pi vit tou. Se nan refleksyon ak pasyans, chak moun ap rive fè chwa li renmen an, menm jan pou fanm nan.

10 REZON POU YON KRETYEN PA PRESE RENMEN

Rezon ka defini plizyè fason.

1. Konesans lòm genyen ki ba li yon prèv.

Nan sans sa a, gen diferans ant lafwa avèk larezon. Pou syantifik yo, tout sa ki egziste dwe gen yon prèv, sa vle di, yo dwe genyen omwen yon rezon ki demontre egzistans yo. Tandike pou kretyen yo, lafwa pa bezwen yon prèv tout moun oblije wè. Se sa ki fè, apot Pòl di nan 2 Korent 5.7: “Si n ap mache, se pa paske nou wè tout bagay klè, men se paske nou gen konfyans nan Kris la”. Finalman, moun ki gen lafwa gen rezon. Sa pa vle di li avèg, men rezon li genyen an se pa rezon yon lòt moun genyen.

2. Kapasite pou fè chwa ant sa ki bon ak sa ki pa bon.

Nan ka sa a, 10 rezon pou pa prese renmen yo se 10 verite ki ka ede kretyen yo konprann poukisa yo dwe pran san yo pou yo renmen.

Atansyon!
- Se pa 10 rezon pou yon kretyen pa renmen, men pou yo « pa prese renmen».
- Se pa 10 rezon pou tout moun pa prese renmen, men pou « kretyen yo » sitou sila ki pa dwe renmen an kachèt ni fè fònikasyon.

Nan premye rezon an, nou pral eseye defini kisa ki se yon vrè kretyen pou tout lektè pa konprann se pa yon egzijans ki fèt pou tout moun, byen ke yo valab pou tout moun ki vle reyisi lavi santimantal yo. Men pou respekte kwayans ak libète chak moun genyen, 10 rezon sa yo rete nan kad konsèy. Aprè lekti premye rezon an, l ap fasil pou konprann 9 lòt yo.

Li enpòtan pou reflechi sou chak kesyon ki poze anba chak rezon. Sa ap ede w sène tèks ou te li nan rezon an.


PREMYE REZON

Ou se yon kretyen

Yo ka defini yon kretyen plizyè fason, men chak fason ap dekri yon aspè nan lavi kretyen an e non kretyen an menm. Sa pa vle di chak fason se yon kalite kretyen. Men kèk definisyon nou jwenn nan tiliv “Radyografi evanjelizasyon an”.

1) Patizan Kris ( Matye 12.30)
2) Disip kris (Travay 11.26)
3) Moun sove (1 Jan 5.13)
4) Pitit bondye (Jan 1.12)
5) Rachte (1korent 6.12)
6) Sitwayen syèl (Filipyen 3.20)
7) Limyè (Efezyen 5.8)
8) Tanp sentespri (1 Korent 6.19)
9) Manb kò Kris la (1 Korent 12.27)
10) Moun ki pou Kris la (Women 8.9).

Si nou analize chak definisyon oswa konparezon sa yo, n ap konprann yon kretyen pa yon moun tankou tout moun paske li pa ka viv menm jan ak tout moun. Li dwe fè diferans nan tout sa l ap fè. Malerezman, gen anpil moun ki kwè yo se kretyen depi y ap pèsevere nan yon legliz lokal, yo konvèti e batize. Se pa vre !

Avan tou, yon kretyen se yon moun ki fèt yon dezyèm fwa (Jan 3.3). Pwiske li fèt yon dezyèm fwa, li pa menm moun li te ye avam an (2 Korent 5.17). Si li pa menm moun nan ankò, li pa ka aji jan li te konn aji nan ansyen moun nan ni li pa ka aji menm jan ak lòt moun ki pa kretyen tou.

Antanke yon limyè (Matye 5.14), kretyen an la pou klere lemond, moun ki pa konvèti yo. Li gen limyè sa a paske pawòl Bondye a ki se limyè (Som 119.105) sere nan kè li (Som119.19). Li pa yon limyè daprè sa li panse, sa li kwè ak sa li konprann, men dapre sa pawòl la fè li konnen.

Nan Efezyen 5.8, Pòl di kretyen an dwe mache daprè limyè ki se pawòl la, levanjil la. Nan yon ka parèy, yon kretyen pa ka prese renmen paske pawòl ki nan Bib la bay prensip pou yon kretyen renmen e gen anpil predikatè k ap fòme jèn yo sou sa. Yon moun ki renmen san li poko prè pou fiyanse oswa marye mete tèt li nan kondisyon pou tonbe nan dezòd lachè (1 Korent 7.9).

Nan Women 12.2, Pòl ap egzòte kretyen lavil Wòm yo pou yo pa fè menm bagay ak sa monden yo ap fè. Koulye a, annou wè ! Kijan tout moun konprann renmen ? Sou ki baz tout moun renmen ? Si tout moun ap prese renmen, kretyen an pa dwe prese tou paske Bondye konnen sa li vle, e l ap travay pou byen li chak jou (Jeremi 29.11).

Nan 2 Korent 6.14, apot Pòl fè konnen pa gen relasyon ant limyè ak fè nwa. Pwiske kretyen an se limyè, li pa dwe mete tèt li ansanm ak moun k ap pratike bagay ki nan fè nwa (Jan 3.19 ; Efezyen 5.11). Souvan, se prese renmen ki fè kretyen an renmen yon moun ki nan fè nwa. Sa ta menm montre li pa kretyen paske depi limyè parèt, fè nwa disparèt. Yon renmen nan prese se yon renmen emosyonèl. Se tip de renmen sa a tou ki bay soufrans, regrè ak lanmò.

Kesyon: Eske w se kretyen?

DEZYÈM REZON

Twò prese pa fè jou louvri

Jounen an gen vennkatrè ladan, li pap gen mwens ni plis, se yon reyalite. Menmsi tan an ta chanje, vennkatrè a ap toujou rete. Li ka fè nwa pi rapid, li ka jou pi bonè, men se toujou vennkatrè a kap kontwole. Konsa, menmsi w te dòmi, menmsi w te rete sou de pye w, jou a ap rive lè pou li rive a.
Adan te santi li pou kont li, li te bezwen yon kreyati parèy li, li pat di Bondye sa. Pwiske Bondye konn tout bagay, li te konnen bezwen li an ki fè li te di : « Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li. M ap fè yon lòt moun sanble avè l pou ede l» (Jenèz 2.18).

Annou wè kèk remak enpòtan nan tèks sa.
1) Adan te bezwen yon konpay.
2) Li pat fè parese, li tap travay.
3) Pandan li tap travay, Bondye tap travay pou li tou.
4) San li pat konnen, Bondye te pran youn nan zo kòt li pou fè parèy li.
5) Lè Bondye mennen l ba li, li te rekonèt se te kò li, zo li.

Ki leson nou ka tire nan sa ?
1) Bondye konnen yon gason bezwen yon fi, menm jan fi sa a bezwen yon gason.
2) Pa fè parese, kontinye travay, priye, evanjelize, preche levanjil pandan w ap tann yon moun pou w renmen.
3) Pandan w ap travay, Bondye pa bliye w.
4) San w pa konnen, Bondye ka fè chwa pa w la.
5) Lè w gen pou w wè moun pa w la, w ap rekonèt li.

Se mank lafwa ki fè kretyen konn kouri renmen. Sa konn fè yo echwe e regrèt akoz move chwa yo fè. Se pat Bondye ki te chwazi Sayil pou pèp Izrayèl la (1 Samyèl 8.9). Li te kite sa rive pou pèp la te ka wè konsekans ki genyen nan pa kite Bondye deside. Atout ou se kretyen, ou gen volonte pou w renmen, men pa bliye si li pa fèt daprè volonte Bondye, ou ka echwe. Gen anpil fwaye ki divize, lòt kap fè fas ak gwo pwoblèm ki fè legliz la wont nan sosyete a jis moun ki pa kretyen yo di se legliz ki gen plis divòs. Se yon reyalite men Bondye pa responsab. De moun ki renmen yo ka bon men yo gen dwa pa ka viv ansanm. Se sèl Bondye ki konnen sa, pèsonn pa ka detèmine kòman demen ap ye men jan yo aji ka epanye yo anpil danje. Se sa ki fè yon kretyen pa dwe prese renmen.

Bondye aji nan tan li, li pa prese paske li gen kontwòl li. Moun k ap prese ap pwofite paske li pa espere jwenn lòt okazyon. Renmen pa dwe fèt nan emosyon pou nenpòt rezon an. Se yon vi ki gen danje sitou lè de moun yo pa pran san yo pou yo youn konn lòt. Renmen mennen maryaj men maryaj pa vle di paradi. Fi k ap vin madanm nan dwe konnen wòl li, gason k ap vin mari a dwe konnen wòl li tou. Sa pa ka fèt nan prese.

Yon kretyen pa ka prese renmen pou Bondye kouri beni l nan maryaj. Pou li, tann pa janm yon erè. Li ka pran tan men l ap pote bon nouvèl.

Kesyon : Poukisa w pa ka ret tann lè pou w renmen ?

TWAZYÈM REZON

Gen renmen pasyone ak renmen rezonab

Mo « pasyon » an soti nan lang laten « passio, pati » ki vle di « soufri ». Sa vle di, depi nou pale de pasyon, nou pale de soufrans. Se sou baz sa yo rele fim Jezi a, « La Passion du Christ ». Se yon fim ki montre soufrans li te pran pandan yon semèn pou li te ka sove lèzòm (Ezayi 53.3-5).

Nan kontèks renmen an, pasyon se jan nanm ou bezwen yon bagay ak vyolans oswa emosyon. Lè konsa, ou pa tande larezon, ou pa swiv konsèy, ou menm prè pou w kite kay paran w, kite lekòl jis pou w jwenn sa ou bezwen an e pwoteje relasyon w lan ke w pa menm konnen kòman l ap fini. Se pa konsa renmen rezonab la ye.
Renmen rezonab la chita sou bon sans. Se yon renmen ki fèt nan senserite; li reyèl e li fè patnè yo santi yo konfòtab nan relasyon an. Anplis de sa, paran yo okouran de sa paske si l rezonab, li nòmal, sosyab, akseptab.

Sa fè si paran yo pa konnen, li fèt an kachèt. Lè sa a, li se yon renmen sispèk. Lè w renmen, tout moun ta renmen konnen
kilès ki se fiyanse w. Antanke kretyen, ou dwe gen kouraj pou di sa paske ou pa dwe bay manti. Si w pè di sa akoz ou pa gen asirans nan renmen an, se yon prèv li pa bon. Ou dwe renmen ak yon sèl moun. Sizanka li pa ta respekte angajman li, li ta twonpe w, se li menm, men ou menm ou dwe rete fidèl.

Gen de gwo poto ki kenbe kay renmen rezonab la: responsablite ak konesans. Yon jèn ki pa ka pran responsablite l nan ka yon danje (gwosès avan lè sitou), li pa ka prese renmen. Li dwe tann lè li gen matirite pou sa.

Pou konstwi yon renmen rezonab, sa mande tan pou konnen lòt moun nan, e se nan konnen youn lòt ap vin gen tolerans, pasyans ak padon. Lè konsa, renmen sa a pap ka kraze fasil paske li bati sou konfyans. Toutfwa, konfyans sa a mande sakrifis. Sakrifis yo dwe kay tou de moun ki renmen yo. Se vre yo bezwen antre nan relasyon seksyèl, men fòk sa fèt nan maryaj la. Anvi yo, tantasyon yo, konvwatiz yo dwe gen kontwòl.

Yon renmen rezonab pa vle di fòseman yon renmen k ap mennen nan maryaj, li ka kraze si prensip yo pa respekte nan wout. Pafwa, gen youn nan moun yo ki gen dwa pèdi pasyans, li pa ka tann maryaj la, li deside antre nanfònikasyon. Si lòt la pa dakò, li ka bay vag.

Kesyon : Ki renmen ou swete viv? Pasyone oswa rezonab?

KATRIYÈM REZON

Kò kretyen an se Tanp Sentespri a

Pòl ekri kretyen Korent yo pou fè yo konnen kò yo pa pou fè dezòd lachè (1 Korent 6.19-20) paske Sentespri Bondye a rete ladan depi jou yo te fin batize nan li a (1 Korent12.13). Sentespri pa yon rad ni yon badj ou mete chak lè w ap antre legliz pou yo ka rekonèt ou kòm manb. Si se te sa, ou tap peche anpil lè ou pa nan sèvis.

Sentespri a se mak Bondye sou kretyen an (Efezyen 4.30). Gras ak li, kwayan an vin pitit Bondye (Women 8.14,16) e bay fwi Lespri yo k ap manifeste nan li (Efezyen 5.22). Konsa, nenpòt kote li ye, Sentespri a nan li paske Bondye ak Jezi tout kote tou (Som 139.7-12). Pwiske kò ou se Tanp Sentespri a, ou pa dwe ap fè sa ki ka fè li lapenn. Si ou se yon jèn elèv lekòl, yon jèn k ap aprann yon metye oswa ki pap fè anyen, pouki w oblije ap fè yon bagay k ap lakoz
ou fè peche ? Ki nesesite w genyen pou w prese renmen ? Eske se pa pou pran plezi? Kisa ki oblije w fè li? Menmsi ou ta gen yon egzijans, gen kèk risk ou pa ka pran san ou poko prè pou w pran responsablite w.

Menm nan gran bezwen yo, yon moun dwe reflechi paske konsekans yo konn pi grav pase nesesite yo. Pwovèb la di: “ M tap kouri pou larivyè, m al tonbe nan lanmè ». Larivyè a se petèt soufrans ou, pwoblèm ou. Kontrèman, lanmè a se yon nas ki anvlope w, yon sous pwoblèm ki pete, yon chay ki vin pi lou pase sa w tap pote a. Yon jèn ki vle reyisi ta dwe pran san l pou l renmen.
Li toujou bon pou w fè yon chwa ki ka ede w fè plis efò. Yon bon zanmi ki pap trayi w, ki konn paran w e ki vle byen pou ou, pap kite w nan erè ni pouse w nan fònikasyon. Si se renmen an ki pou ta fè w tonbe nan dezòd lachè, prefere ou gen yon senp zanmi. Dayè, renmen pa obligatwa pandan w lekòl oswa pandan w gen matirite. Pa bliye ! Jodi a, ou ka wè li pa enpòtan pou w pran san w pou w renmen, men konnen yon jou, w ap bezwen reflechi paske vi a gen plizyè etap.

Jan Pòl di a: “Moun ki soumèt devan egzijans kò yo pa ka fè Bondye plezi” (Women 8.8). Kouri renmen se siy
yon moun ki pa metrize kò li.

Kesyon: Eske renmen ede w mennen yon vi apa pou Bondye?

SENKYÈM REZON

Zanmitay ak renmen

Zanmitay se yon santiman ki pa baze sou relasyon santimantal oswa sekysèl, byenke gen zanmi ki rive fònike ansanm. De moun ki zanmi souvan viv tankou de moun ki renmen nan aparans. Yo toujou ap dyaloge, youn toujou vlè wè lòt. Yo gen sekrè antre yo, yo pataje sa yo posede, youn sipòte lòt, e li posib pou youn ale lakay lòt detanzantan selon distans yo rete. Si se yon zanmitay k ap devlope nan mitan de fi oswa de gason, sosyete a pap tèlman wè sa deranje pou vizit lakay, men si se yon fi ak yon gason, moun souvan doute. Men sa ki lesansyèl se
reyalite ki egziste a. Kanmenm, lè se yon fi ak yon gason ki zanmi, yo dwe evite kèk pozisyon jis pou yo pa atire kritik ak difamasyon ki ka sal imaj youn oswa tou de. Pafwa, gen zanmi ki konn di sa pa anyen depi yo konnen yo inosan men yo bliye si inosan konn peye pou koupab.

Zanmitay la dwe gen limit ak mezi. Pawòl la di: “ Entre amis, tout est permis » « Faites comme chez-vous », men « tout » sa ki pèmèt yo se tout sa ki konsène zanmitay la. « Faites comme chez vous » se daprè edikasyon ou te jwenn lakay ou. Si w nan mete pye sou tab, leve kabare pou manje jan w vle, ou pa byen edike. Renmen ale pi lwen de zanmitay, konsa tou li ka pi ralanti. Yon renmen ka kraze nèt, tandike yon zanmitay ka refèt detanzantan.
Pa gen anyen k ap gate, tout bagay ap fèt nan lè li. Dayè, li pi enpòtan pou w devlope zanmitay pase yon relasyon damou.

Zanmitay la ka louvri je w sou yon bon renmen, tandike renmen an ka kraze zanmitay la. Ki pwoblèm k ap genyen si w zanmi yon moun ki renmen w e ou ta renmen l tou? Depi w respekte distans yo, sa gen dwa pa gen danje. Nan zanmitay, ou jwenn plis posiblite pou w konnen yon moun. Menm lè ou ta vin devlope yon
relasyon santimantal, ou ka toujou konsidere l tankou yon zanmi. Prese dekouvri sekrè ak pati entim yon moun ou
renmen, fè kèk eksperyans pou jwèt nan renmen gen danje. Li toujou bon lè w tann. Pou kesyon konsènan renmen ak zanmitay, gen plizyè repons ki bay nan tiliv « 25 kesyon/repons sou renmen ».

Kesyon : Eske ou ka fè yon moun ou pa konnen konfyans ?

SIZYÈM REZON

Bondye pa janm prese

Gen twa rezon valab ki dwe fè konfyans ou byen chita nan Bondye: li pa janm prese, li pa janm bay manti e li pa janm anreta. N ap wè chak tankou yon rezon. Bondye pa janm prese! Poukisa Bondye pa janm prese? Nan Danyèl 2.21, nou li: “ Li (Bondye) kontwole sezon yo ak lè pou chak bagay rive”.

Si Bondye kontwole sezon ak lè pou chak bagay rive, li pa ka nan prese. Anplis, li konn tout bagay, anyen pa etone li nan sa ki gen pou rive nan kèlkeswa lè a e kote a. Dayè, li gentan prevwa tout bagay, menm pou letènite. Si se Bondye sa a w ap sèvi, ou pa gen rezon pou w ap prese renmen paske li gen kontwòl tan pou w renmen, fiyanse e marye.

Lavi a gen plizyè etap ou dwe respekte pou w reyisi. Tout moun ou wè ki marye e gen pitit te pase nan plizyè etap : koze, renmen, rekonèt paran…. Yo te fè eksperyans ou poko fè. Lè ou deside vin menm jan ak yo
britsoukou, san ou pa respekte estad pwogresyon yo, ou ka echwe. Anpil moun ou wè k ap travay nan nenpòt gwo
biznis, moun ki gen metye, lajan, kay ak machin te pase plizyè etap yo. Sa ki enpòtan, se gade nan ki etap ou ye, epi
kwè yon jou ou ka nan plas yo. Prensip sa a valab pou tout moun nan tout domèn.

Nòmalman, yon moun pa ta dwe kouri renmen paske renmen la pou lavi. Yon desizyon w ap pran pou lavi pa dwe yon jwèt. E si w renmen pandan w konnen li pap la pou lontan, se tèt ou w ap pase nan betiz paske gen malè ki ka fè enpak sou tout rès vi w. Anpil renmen se kontra ki siyen pou echèk. Lè yon moun renmen, sa ka lakoz li reyisi, e konsa tou, li ka echwe. L ap reyisi si li fè sa nan tan li, e li ka echwe si se li ki fòse sa fèt. Sonje ! sa w ap pèdi lè w pa renmen pa vo anyen devan sa w ap genyen lè w renmen.

Gen jèn ki renmen poutèt yo pa vle jenès yo pase san yo pa jwi lavi yo. Nan yon sans se vre paske ou dwe jwi lavi w, men se pa yon rezon pou w kouri renmen, jis pou w fè yon move chwa. Ou ka renmen; Bondye, paran w, tout moun konnen fòk sa fèt. Toutfwa, sa dwe fèt kòmsadwa.

Imajine ou se yon elèv. Lè w fin lekòl, ou pral aprann yon metye. Aprè, ou ka vin yon moun ki prepare pou travay, okipe menm fanmi w e sipòte zanmi w. Ou ka tann sa rive, prese pa yon egzijans. Eske se prese a k ap fè bon renmen an fèt? Non ! Bondye pa janm prese, li fikse yon tan pou tout bagay.

Kesyon: Kilès k ap dirije lavi w? Bondye oswa ou menm?

SETYÈM REZON

Bondye pa janm bay manti

Dezyèm rezon ki fè w dwe gen konfyans nan Bondye se paske li pa janm bay manti. Pwofèt Balaram te di nan yon chante pawòl sa yo: “Bondye pa tankou moun k ap bay manti. Non ! Li pa tankou moun k ap chanje lide yo pou ti krak, ti krak ! Depi li pwomèt yon bagay, l ap fè l. Depi li pale, fòk sa li di a rive vre ! » (Nonb 23.19).

Se pa pou bèl diskou apot Pòl te ekri pou di konfyans (lafwa) soti nan sa w tande (Women 10.17). Anpil fwa, yon moun di li gen konfyans nan Bondye, se paske li bezwen yon bagay. Li pa konnen sa Bondye vle pou li vre (1 Tesalonisyen 4.3). Sa ki pi enpòtan pou Bondye avan tout bagay, se Wayòm nan (Matye 6.33). Nikodèm te konn
anseye lalwa, men sa pa t ba li aksè nan Wayòm nan (Jan 3.3,10). Ou ka konn chante byen, jwe mizik men lesansyèl, èske ou sove deja? Si Bondye te ka kreye ou, pwoteje ou depi nan vant manman ou, ou pa bezwen mande pou yon mari/madan li pa ka ba ou. Wi, li ka fè l, men èske w nan kondisyon pou sa. Bondye pa janm bay manti vle di tou sa ki ekri nan Bib la pa bay manti (2 Timote 3.16). Okontrè, Bib la egziste pou montre nou verite a. Se pa verite ki
konsène sèlman peche, lafwa, syèl, benediksyon ak mirak. Verite sa a konsène remen tou.

Gen kretyen ki lage tout bagay nan men Bondye, sof relasyon santimantal yo, kòmsi se pat Bondye ki te kreye renmen. Ki valè yon adorasyon, yon louwanj, yon vi priyè san yon vi apa? E vi apa kretyen an pa kòmanse nan evite fònikasyon sèlman, se depi nan chwa moun l ap renmen an. Sa fè, si ou kouri renmen ak yon moun ki pa nan
volonte Bondye, ou pap janm gen yon vi apa. Ou derape mal !

Bondye prepare anpil bèl bagay pou ou. Nou souvan repete pawòl sa a : « Se mwen ki konnen sa m gen nan tèt mwen pou nou. Se mwen menm Senyè a k ap pale. Se byen nou mwen ta vle wè, pa malè nou. Mwen ta vle demen nou jwenn sa n ap tann lan » (Jérémie 29.11). Li lè li tan pou w eksperimante lafwa ou nan Bondye. Si l konnen pwojè li fè pou ou, pouki w prese ?

Kesyon : Kisa Bondye di l ap fè, li pa fè déjà? E poukisa ?

UITYÈM REZON

Bondye pa janm anreta

Uityèm rezon ki fè yon kretyen pa dwe prese renmen se paske Bondye pa janm anreta. Ou ka konnen Bondye pap prese, li pap bay manti epi alafen, ou dekouraje paske w pa vle kite twò ta bare w. Dèfwa, se kretyen an ki fè chwa li pou l pa renmen, epi li mete Bondye ladan. Se vre Bondye ka vle sa, men lè nou pa sèten Bondye te di sa
jan li ta chwazi fè l, nou pa dwe pran non li pou bay manti ni pou fè wè.

Pou plezi, gen kretyen ki di : « Bondye poko
vle m renmen, m ap tann li ». Tout sa ka verite, men fòk li bat pou li pa fè lekontrè aprè paske depi l pran non Bondye anven, l ap fè l peye sa (Galat 6.7). Kèk fwa, se yon pawòl pou blofe moun, se pa Bondye ki di sa vre.

Gen anpil predikatè ki rakonte plizyè istwa kote Bondye fè de moun renmen, swa nan yon rèv oswa nan yon mesaj dirèk. Sa posib pou fèt paske Bondye granmoun men li pa gen yon sèl fason li aji. Anplis de sa, pèsonn pa dwe pran istwa lòt moun pou fè pa l ni pa yon lòt. Sa ki rive yon moun ka sèvi yon lòt egzanp pou plizyè lòt moun (1 Korent 10.1-6) men se pa sa k ap rive l tou. Onzyèm chapit nan liv Ebre a demontre nou sa nan lafwa moun ki tap sèvi oswa gen konfyans nan Bondye. Chak moun gen vi pa yo e nanm pa yo pou sove. Yon vrè renmen ka lakoz li pèdi nanm li. Gen yon eslogan ki di: “Chaje kontè pa w!” Bondye pa yon Bondye rèv, li reyèl! Se pa nan rèv pou n ap chache li. Li te di nan sèvitè li Jeremi: « N ap chache m, n ap jwenn mwen paske n a chache m ak tout kè nou ». (Jeremi 29.13)

Sa Bondye vle yo ekri nan Bib la. N ap konprann yo gras ak pouvwa Sentespri li a ki nan nou menm ki se kretyen tout bon vre (1 Korent 2.14-15). Abraram pat kwè l tap ka fè pitit nan laj san tan (Jenèz 17.17), poutan jan Bondye te fè pwomès la, Sara te vin ansent, li te fè yon pitit gason (Jenèz 21.1-8).

Ki laj ou, ou menm k ap li liv sa a ? Annou ta imajine w gen 15 lane, èske daprè ou, moun w ap renmen an poko fèt ? Non, li gentan fèt e li la ap tann lè pou l rankontre avèk ou. Li ka pi gran pase w oswa gen menm laj men sa ki sèten, li la deja. Gen moun ki rive jwenn li aprè plizyè relasyon ki kraze e gen lòt ki jwenn li depi nan premye relasyon an.

Li pa janm twò ta pou yon moun renmen ni marye, li ka twò ta pou fè pitit. Renmen ka fèt menm lè de moun yo granmoun. Kidonk, li bonè toujou pou yon jèn ki gen 15-20 lane yo konsa ret tann jou pou l renmen pandan l ap etidye, travay pou l prepare avni relasyon an. Li pa oblije prese ! Benediksyon Bondye yo pap fini, maryaj pap finitou. Aprè w fin sove, ou toujou gason oswa fi, w ap toujou gen anvi renmen e fè sèks. Men gen yon tan ki fikse pou
sa. Se vre ou nan nesesite pou w renmen men nesesite w pa ka fè Bondye aji vit. L ap fè sa li dwe fè men li pap janm
anreta.

Kesyon : Eske w kwè Bondye pa konnen bezwen w yo ?

NEVYÈM REZON

Moun pa w la ap tann ou

Pandan Adan tap travay, li tap soufri tann yon konpay. Nou inyore konbyen tan li te pase ap tann men nou ka di Bondye tap travay pou li. Adan te toujou nan tristès lè l te fin reveye nan somèy Bondye te mete l la. Li pa t jis reveye, epi li wè Èv bò kote l. Tèks la di : « Avèk zo kòt li te wete nan nonm lan, li fè yon fanm, li mennen l ba li »
(Jenèz 2.22). Si Bondye te mennen fanm nan, se lojik ke l te nan yon distans. Ki aplikasyon ki gen nan sa? Moun pou
marye a la deja. Bondye konnen w gen bezwen l. Se pa yon moun li pral fè ak zo kòt Adan oswa yon lòt Adan, men li
deja la. Li pa yon tibebe. Li fèt deja. Ni mwen ni ou pa konnen ki kote l ap soti : ras li, nasyonalite li, defo ak kalite li, koulè li, men Bondye konnen.

Ann fè yon ti tounen nan kreyasyon an ankò. Bondye pa t fè lòm avan, li te fin kreye tout bagay avan sa. E lè li fin fè lòm, li mete l nan jaden an, se atò li vin gen nesesite pou li kreye yon fanm pou li. Sa pa vle di Bondye te bliye fè fanm. Se yon istwa ki rapòte, nou pa t la. E nou konnen Bondye pa konn fè erè. Sa vle di, sa ki esansyèl pou
Bondye se pa ni renmen ni maryaj. Dabò, li te voye Jezi vin mouri pou ou, èske w kwè nan li pou w ka sove ? Lè w fin sove, ou dwe travay sali ou. Kisa w fè nan legliz ou pèsevere a antanke kretyen ? Ki don ou genyen ?

(Efezyen2.10, 1 Korent12.7 ; 1Pyè 4.10). Gen moun k ap fè parese, yo pap evanjelize, epi yo bezwen renmen ? Gen moun ki kwè Bondye ka fè tout bagay pou yo men yo pa vle fè anyen pou Bondye. Adan tap travay nan jaden an.

Kwake li te tris, li pat kite travay Bondye a. Bondye ki te wè nan aktivite l yo li te manke yon bagay, li di: « Sa pa bon pou nonm lan rete pou kont li ».Ou pa dwe yon kretyen k ap mande sèlman men ou dwe youn kap travay tou. Sèvitè a di nan Pwovèb 10.24: « Yon moun ki mache dwat, Bondye va ba li tou sa l ta renmen genyen, men mechen an, se sa l pè rive l la k’ap rivel. » Erezman ou pa mechan, ou se kretyen, mache dwat epi w a wè grandè Bondye nan lavi w.

Kesyon : Eske w panse prese renmen ka fè w prese viv ere?

DIZYÈM REZON

Renmen pa dènye etap nan lavi
Erè ki pi grav yon jèn ka fè se lè li bezwen marye jis pou li ka gen libète antre nan relasyon seksyèl. Pòl konseye maryaj pou fiyanse yo ak vèv yo si yo pa ka kenbe ankò, men pa ka kenbe anvi a pa dwe yon woulib pou pwofite marye (1 Korent7.9). Kontèks pasaj sa a pa di nou si moun sa yo te prè materyèlman, e nou ta di nou inyore
tou kondisyon espirityèl yo. Konsa, se pa sa ki nan vèsè a pou w kouri aplike san ou pa analize kondisyon ou parapò
ak moun sa yo.

 Dèfwa, se sèlman dezi seksyèl la ki domine w, ou pa ko prè pou responsab yon fwaye vre. Tout sa ki nan lespri w, se fònikasyon men ou pa panse ak pyès konsekans fònikasyon an oswa sèks legal la ka pote.
Pèsonèlman, mwen pa kwè 1 Korent 7.9 la se pou tout jèn ki renmen, men pou tout jèn ki renmen e ki gen matirite pou pran responsablite tèt yo tankou madanm ak mari.

Si l ta pou tou moun, yon jèn kretyen 17 lane ki renmen e ki pa vle fè fònikasyon ta mèt marye. Kisa li ta pral fè pou l pran swen tèt li? Menm jan fònikasyon an gen
move konsekans, tankou ansent twò bonè ak enfeksyon, sèks nan maryaj la gen konsekans li tou ki ka grav.

Annou imajine de moun ki marye ki gen 2 pitit, youn pa ka ale lekòl, epi yo pap travay? Demen, akoz mizè, yo tounen vagabon. Sa se restavèk k ap ogmante problèm peyi a. Eske sa se volonte Bondye ki te kreye syèl la ak tè a'? Gen moun ki di depi w marye, se pou wfè pitit san rezèv paske Bondye te di “Fè pitit, fè anpil anpil pitit mete sou tè a…” (Jenèz 1.28). Pa bliye se Bondye ki te fè maryaj sa a, e se li menm ki te chwazi Èv pou Adan.

Jodia, èske tout maryaj k ap fèt yo nan volonte Bondye? Lè sa a, tè a pot ko gen moun menm. Eske pa gen ase moun koulye a? Eske Bondye te di ranpli tè a ak timoun epi lage yo nan dezè yo?

Finalman, pou n pa poze lòt kesyon, se pou n toujou sonje Bondye te fin prepare tout afè Adan avan li te fèdeklarasyon sa a. Pou n retounen e fèmen sijè nou, mwen vle fè w konnen renmen pa dènye etap nan lavi. Lè w finrenmen, ou marye, talè w pral gen pitit: bil, lekòl, rad, lopital, vwayaj, elatriye. Se pa yon mal, men renmen pa dwe
fèt nan prese.

Kesyon : Eske w santi w pase ase etap pou w deside renmen?

KONKLIZYON

Gen plis pase 10 rezon pou yon kretyen pa prese renmen, paske sa pral depann de sikonstans lan, kwayans li, objektif
li nan lavi ak eksperyans li fè. Tout fwa mwen sèten nan tout rezon ki egziste pou yon kretyen renmen, volonte Bondye enpòtan paske se li menm ki te kreye nou. Aprè kreyasyon lòm, li te ba li yon fanm pou te ka ede li. Si se vre, se menm Bondye sa a ki pou dirije volonte nou pou nou pa fè move chwa.

Atout sa, tout moun, kit li se kretyen kit li se monden, ka deside renmen jan yo vle. Yo ka chwazi pa koute konsèy epi mennen bak yo selon lide yo. Lè nou vin kretyen, nou toujou gen volonte pou n obeyi ak kò nou, men yon sèl bagay pou n pa bliye: “Si Bondye pa pini nou tankou tout papa pini pitit yo, sa vle di nou pa pitit lejitim Bondye tout bon, nou se pitit deyè » (Ebre 12.8)

Pitit lejitim Bondye : Se lè ou te batize nan Sentespri a (fèt yon dezyèm fwa) ki te antre ou nan fanmi Bondye a ki se moun sove yo (Jan 1.12-13). Yon moun konsa p ap kontinye viv nan peche (1Jan 3.6-9) e l ap viv pou fè volonte papa
li ki se Bondye.

Pitit deyò : Se tout moun ki poko batize nan Sentespri a, men ki panse yo se pitit Bondye. Yo viv daprè lide nan tèt
yo paske Sentespri Bondye a pa nan lavi yo pou konvenk yo. Yo se pitit Satan (1 Jan 3.10)

Si sa fè lontan w ap fè peche, renmen san kontwole, fè fònikasyon, epi w pa janm atriste ni jwen koreksyon Bondye, se ka yon siy ke w pa pitit Bondye paske pitit Bondye a pap pran plezi nan fè peche. Si w ta renmen viv apa pou Bondye, li enpòtan pou w pran san w nan renmen. Renmen pap kouri, renmen p ap mouri: pa prese, se yon konsèy !

Jérôme Dorsonne Emerson
Ekriven

dimanche 18 novembre 2018

Ti koze ak pitfim

Twayèm ti koze

Renmen wè lè w bèl pa vle di renmen wè w tankou yon bèl madan marye. Ta anvi rete bò kote w pa vle di anvi ret avè w pou tout tan nan yon kay. Sonje w pa vle di ou okipe tout pati nan lespri yon moun. Ba w tout bèl ti non ki egziste pa vle di w chanje batistè.

Bote w se limyè k ap klere chimen tigason k ap chache wout lavi. Konsa tou, li ka fènwa ki anpeche lasosyete wè vrè vizaj ou. Pran swen li, pran swen kè w, pran swen lang ou pou w pawòl k ap sot nan bouch ou ka fè kò tout zòrèy tranble.

Souri w se kle ki louvri pòt pou ti gason antre nan lakou rèv ou. Konsa tou, li ka rale malè lanvi sou lavi w, fè w pa janm anvi souri pou w pa sonje dega li te fè nan kè w.

Se pou w bèl !
Se pou w souri !
Kite bote w souri !

Premye manti, m tap bò w, se fè w konnen ti gason pa ka di w li renmen w. Dezyèm nan, se ta di w, depi w renmen, w ap echwe. Twazyèm nan, se tap joure w, kale w lè m aprann tout jèn jan lekòl ou, nan katye w, nan legliz ou ap koze avè w.

Chak fwa ou tande yon jennonm di l renmen w, di tèt ou : mwen renmen avni m plis pase w. Konsa, si li pa ka ede w prepare avni w pou l pi bèl, li pa ka renmen w.

Anplis, fòk li ta pran tan l pou l konnen w avan li deklare li renmen w. Yon moun pa dwe renmen w pou bèlte ak kadans kò w. Li dwe renmen tout ou menm : paran w, etid ou, avni w, pèsonalite w, defo w, kalite w ak vizyon w.

Lè w renmen, ou ka echwe, ou ka reyisi. Renmen se bèl bagay men bèl bagay pa fèt an kachèt. Kidonk, si papi w pa ka konnen kilès kap koutize w, siksè w pa entèrese l. Yon jou kanmenm ou gen pou kite kay la, men bat pou w soti ak lonè e respè. Dayè, Bib la di gason an gen pou l kite papa l ak manman l pou l fè yon sèl ak madanm li. Se sa w gen pou w ye. Se sa manman w ye. Pèsonn pa dwe anpeche sa rive. E si te gen moun ki tap anpeche sa, jodi a ou pa tap egziste paske manman w te yon bèl tifi lè m te kwaze l. Malgre tout pale anpil, paran pat dakò, nou met ansanm nou konstwi lavi nou gras Bondye e jodi a, si ou la, mwen pa ka fè kòmsi m pa konn reyalite yo.

Jouman ogmante pasyon ti madanm pou ti konpè. Plis w ap di pitit ou betiz, se plis w ap fè pawòl ti gason byen sonnen pi byen nan zòrèy li. Plis w ap kale tifi pou renmen ti gason, se plis li jwenn rezon pou l sakrifye lavi l pou li, menm jan Jezi te vin mouri pou limanite anba tout mechanste lèzòm.

Asireman, gen papa ki pa konn kòman pou l pwoteje pitit li. Li panse vyolans ka fè l jwenn rezilta. Rezilta ? Wi : manti, sekrè, fo randevou, devwa ansanm, lajenès legliz, kan, match foutbòl…M di w tout bagay prensès mwen, e m gen pou m di w plis toujou paske plis ou tande bon pawòl, se plis w ap vin saj e plis ou vin saj, se plis w ap ka fè yon bon chwa ki ka pèmèt ou viv ere nan fwaye w.

Pa kite moun ap felisite w sèlman pou sa w ye. Si yo pa janm di w defo ou genyen, yo pa prè pou ede w viv ere. Konsa tou, pinga ou kwè yon moun pa renmen w paske l di w sa w fè ki pa bon. Si w ap joure manman w, menaj ou pa di anyen, li pap ede w vin yon manman kap ka fè edikasyon pitit li. Si tout moun ap repwoche w pou yon defo epi li pa janm di w sa tou, li pa renmen w.

Mwen swete w reflechi pou w konprann, pit fim.

 Jerome Dorsonne Emerson Jde
Ti koze ak pitfim

samedi 17 novembre 2018

Lansman Bibliothèque Leslie Manigat nan Lekòl Eben Ezer

Chòy di, chòy fèt!

Jodi a ki se vandredi 16 novanm 2018 la, Jeunesse et Lecture te òganize lansman katriyèm Bibliothèque scolaire, nan kad PROJET BIBLIOTHÈQUE SCOLAIRE li a ki te kòmanse nan dat desanm 2017, nan okazyon setyèm anivèsè fondasyon Jeunesse et Lecture.

Menm jan sa te fèt
1. Nan Centre d'Etudes (7 desanm 2017: Bibliothèque Francklin Paul Lormier)
2. Nan lekòl Wilfrid Beaubrun (8 fevriye 2018: Bibliothèque Exantus Laraque)
3. Nan lekòl Anténor Firmin (29 oktòb 2018: Bibliothèque Chrislet Michel)

Se konsa, nan lekòl Eben Ezer, nou te lanse BIBLIOTHÈQUE LESLIE MANIGAT. Se toujou direksyon lekòl yo ki chwazi non yo pou mete pèsonaj yo alonè.

Te gen 7 lekòl ki te patisipe:

1. Institution Mixte Anténor Firmin
2. Institution Mixte Eben Ezer
3. Institution Mixte Théus Dumombrun
4. Collège Mixte Mont-Carmel
5. Institution Mixte Wilfrid Beaubrun
6. Centre d'Etudes de Liancourt
7. Institution Mixte Formation Moderne

Te gen 4 konkou ki te fèt:
1. Konkou dikte
2. Konkou epelasyon
3. Konkou mo kache
4. Konkou lekti

Chak lekòl e elèv te pote liv pou tanmen Bibliothèque Leslie Manigat.

Rèv la gran, men yo kout men tipa tipa n ap rive kote n prale a kanmenm paske depi gen lespwa, gen lavi. Plis n ap viv, se plis n ap konbat pou n atenn objektif k ap itil tout moun, sitou jenerasyon k ap vini an.

Ann pote men ak Jeunesse et Lecture pou n redwi to timoun ki pa ka li, ekri e reflechi pou n gen yon lòt Ayiti.

Ansanm, sa posib paske fòs la se nan tèt kole li ye.

N ap di mèsi ak tout sipòtè nou yo.

Si w ta renmen patwone aktivite sa, kontakte Jeunesse et Lecture nan nimewo sa yo: 3639-6642 (whatsapp)/4342-6928 oswa ekri sou Messenger nan Laboussole Artibonite.

Pou wè foto yo, klike la:👇
https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=764498107230152&id=100010099089675

mercredi 14 novembre 2018

ABA RESTAVÈK AN AYITI!



Tèks : VII-XI-XC

Nan peyi kote moun ap reflechi, kote moun trete moun tankou moun se timoun ki gen premye plas. Se ak timoun yo chanjman nan peyi sa yo kòmanse, nan tout branch ki nan sosyete a.

Se sa ki pouse peyi sa yo, ki gen moun ak tèt bay plas ak tout fanmi, fanmi akèy kote yon timoun ki òfelen, nenpòt jan sa ye, opòtinite entegre yon fanmi san kè sote.

Davans, timoun lan pran konfyans ke l pap sibi okenn diskriminasyon nan fanmi li antre a. Paske tretman yo menm, li jwenn tout lanmou li pat menm espere.

Poutan, nan peyi nou timoun yo prefere mennen yon vi kokorat olye yo rete kay madanm ak mesye. Yo pa manje byen, yo pa dòmi byen, yo pa janm byen abiye.

Timoun yo vinn parantifye, kote se yo k ap gade, pwoteje timoun menm laj ak yo. Pandan manman ak papa chita la sou fòtèy yo, ap pase lòd.

Se yo ki fè manje a bay drese, men yo toujou bliye retire pou yo. Se yo ankò ki pou mennen timoun menm laj ak yo lekòl nan kay la. Yo pye atè nan tout lari, madanm ap maltrete yo, legliz pa voye zye sou yo, se koze lajan yo  ki enpòtan.

Bokit dlo y ap redi pote granmoun paka potel. Yo pagen dwa fè okenn okenn komantè nan fanmi an. Tout moun dòmi sou matla men pou yo natrès pap janm pase mòd, sapat trui, boyo se pou yo sa vann nan mache.

Dwa pale yo se di manje a kwit, baryè a frape wi matant, tonton dlo pouw benyen an pare, marenn voyem nan mache pandan y ap pran malonèt chen dèyèl.
Leta nou an menm ki deja rete ak moun pa wè Kòman, ni deside kòman sove lavi timoun sa yo.

Dim kote yon peyi ki pa bay timoun chans pou yo viv prale. Eske pagen yon kreyatè ki ekziste k ap gade jan ti pitit li yo ap soufri anba men mechan yo ?
Eske l ap rete san l pa janm di yon mo pou yo ?

Jodi a jenès la kanpe pou di non ak restavèk nan peyi a. Bay timoun yo yon chans pou yo prepare avni peyi a. Sispann toksike lespri yo ak move souvni, yo merite respè nou, yo se avni peyi a lonje lanmen ba yo.

Pagen moun san defo ak kalite, donk timoun yo se moun tankou tout moun. An nou sipòte yo, kore yo menm jan nou jwenn lòt moun fè sa pou nou pandan y ap sipòte nou ak defo epi bann respè pou kalite nou.

N ap rele aba fanmi otorirè, fanmi dezangaje, fanmi pèmisif sa yo. Nou fè apèl ak fanmi demokrat, fanmi ki sa yo ki konnen tout timoun se timoun, tout gen devwa ak  dwa yo nan sosyete a.

Timoun ou neglije jodi a, se li ki pa p pè, ni neglije mete fen nan lavi w pita.

Aba restavèk an Ayiti !

Enspirasyon zero sèt, onz, katreven dis la mande yon chans pou timoun yo.

Ekriven : Brousseau Volcius

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...