mercredi 24 janvier 2018

Reyalite peyi m



Chak segonn, chak aksyon, chak pawòl konsidere kou materyo pou ekri listwa, listwa ak yon kreyon ki pa gen gòm, yon machin ki pa ka fè bak, e ki se reflè reyalite chak grenn moun k ap viv sou latè.

Reyalite chak moun k ap viv se pase marande ak prezan adisyone ak achannman pou
konstwi fiti. Ou ka plede makiye reyalite w pou fè lòt moun wè w sou yon lòt ang, men lannwit p ap padone w, zòrye gen pou kesyone w jis pou venn tèt ou mande eklate. Ou ka bay gwo lajan pou anpeche yo kondane anba men mouche avoka men jamè ou p ap tanmen sove anba konsyans ou ki se sèl jij ki pa nan patipri.

Ou ka bouke sere makoukou a, men sa p ap anpeche li kriye anba menas plim poul. Ou ka pran bèl chapo chè pou kouvri vizaj lawont men sa pa p anpeche l toujou rele lawont. Ou ka plede bay lajenès zannana pou sizann men lè pou revèy la eklate an pa gen anyen k ap ka
anpeche l.


Peyi mwen se moso tè zansèt mwen yo te mouri kite pou mwen ak tout moso listwa ki te koumanse trase. Kreyon kit e ekri listwa sa va swiv chak jenerasyon atravè zèv yo nan byen kou nan mal. Mès nou, defo nou, kalite nou, zak patriyotik nou elatriye, pyè zansèt nou yo te poze yo malgre difikilte ki te ka genyen te fè nou jwi dwa grandèt nou. Nou pa fèt ak chèn nan pye, nou gen libète pou n di e ale kote nou vle. Malerezman, dwa sa yo fè n lage kò nou nan plis vagabondaj olye nou tire bon kote nan lit ki te mennen pou n sa n ye jodi a.

Nou pito itilize libète n pou n chifonnen tout bèl paj listwa ki te ekri deja, retouye zansèt nou yo. Se pou dekri reyalite sa, jèn elèv lekòl sa yo te mete tèt ansanm pou reflechi sou pwoblèm sosyete yo ap konfwonte, e pwofite ajoute kèk grenn mo sou papye listwa. Yo va sèvi tankourigwaz nan do jeneral san konsyans ak parès pou deklannche chanjman nan peyi D Ayiti, peyi
nou tout.

Se pou chak moun ki va pran yon ti tan pou li tèks sa yo ki pentire reyalite ayisyen va
sonje bèl eksplwa zansèt nou yo te fè nan konbat pou libète. Se pou yo ede nou soti nan sa nouye jodi a e kontribye nan jan nou ta dwe ye demen.

Entwodiksyon

Luberisse Katicha
Powèt, ekriven
Koreksyon La RELÈVE

Vant siyati REYALITE PEYI M ki se yon rekèy powèm 10 elèv nan klas Filo kay Rogeste ekri ap siyen dimanch 28 janvye 2018 nan lokal Lekòl Joly Garden de Maya apati 3:00 nan apremidi. Pou plis enfòmasyon, rele oswa ekri nan 3639-6642.

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...