mardi 3 mars 2020

KATICHA LUBERISSE: Lavi gen 2 wout

Lavi sanble dèfwa ak yon kote anpil moun vle rive ki gen 2 wout. Gen youn ki plat, dwat, san koub danjire e konsa tou lot la chaje pikan kwenna, gwo wòch e gen kèk kote ki plen labou.
Gen yon kategori moun ak chans ki tonbe sou sa ki dwat ak plat lan. Yo woule san kè kase pou yo rive nan destinasyon yo. Konsa tou, gen yon lòt pati ki tonbe nan move wout lan ki brigan, asayan ki batay malgre pikan fwennen yo, yo rive nan destinasyon yo. Gen yon dènye pati ki lite san siksè, fyèl yo pete nan wout e sa chen manje.
Pawòl sa sanble ak youn nan parabòl Kris la nan levanjil yo.
Li sekwe tèt li pozitivman e li kontinye:
"Malere pa nan zanmitay".
M reponn li: Ou fou nèt kounya.
Li fèm konnen li ak tout lisidite l. Nan zanmitay fòk gen konplisite nan tout bagay, poutan malere limite, gen kote bra l paka rive.
Ou paka ap manje zafè moun chak jou epi pou pa ka bay. Lè konsa, yo gade w ak bouda je, yo ap menm trete w parazit.
Mmmmm se sa ase m te ka reponn...


Li kontinye ak fraz sa a:
Malere viv sou opòtinite, li pa nan zafè ideyal.
M di l ou resi manti paske gen moun ki fikse objektif yo, ak fèb mwayen yo genyen yo egzekite l.
Li reponn pou l imite m: gen moun...
Lè w te pi piti kisa w te deside aprann e kounya nan ki domèn w ap evolye ?
Lè w te nan 18 lane ki jan w te swete viv e kijan w ap viv kounya?
M rete bèkèkè.
Li kontinye pou l dim se pa paske yon malere rive wo pou w di l reyalize sa li te swete men pito w di li te choute nan bon moman balon ki te devan pye l lan.
Bon m p ap mize non, m ap tann ou pou envitasyon sou lòt deba yo.
M rale yon soupi epi m di l: Mèsi, na wè sou yon lòt solèy.
M ap tou pwofite di mèsi ak tout moun ki te dako fè balad espirityèl sa a avè m.

Luberisse Katicha
@Jeunesse et Lecture
La Relève

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...