samedi 20 octobre 2018

Reponn mwen vit!


Premye lèt

Si w ta vle renmen l ak tout kè w san anyen pa ka brannen relasyon nou, pit fim, chache konnen kilès li ye avan. Lè tout moun pap vle sipòte l, ou pap jwenn pyès rezon pou w kite l paske tèt fè mal pa vle di pou w koupe tèt ou.

Si w ta vle genyen l pou tout tan san move sitiyasyon lavi pa fè l ale, pit fim, pa pè pèdi l sizanka li ta vle w fè sa ki ka fè w pèdi valè w, paske moun ki fè w damou jodi ka fè w pèdi gou lanmou demen.

Si paran w pa ta vle l pou ou, yo joure w, kale w, refize peye lekòl pou ou jis yo ta menm vle mete w deyò, mande l si l konn valè dlo nan je fanm, paske anpil fwa, dezakò paran se lafimen nan dife gason matcho. Kou w boule w konnen.

Si l ta di w li renmen w pou lavi, se ou sèl li genyen, mande l kòd telefòn li. Pa fòse l ni chache jwenn li lòt fason ni sezi l paske moun ki genyen w sèl pap kite pèsonn vin met divizyon nan relasyon li.

Pit fim, lè w damou ou se yon ti jwèt apil, yon egare, yon moun fou. Menaj ou gen plis otorite sou ou ke paran w ak tout kòd fanmi w. Lè w damou ou avèg, ou entatad. Map gentan fin eksplike w trezò mwen. Domaj, manmi w pap gen kouraj pou l di w sa m ekri w yo la se verite. Ou tap konprann poukisa tout moun nan katye a ap di papi w jalou.

Vwazinay ap di w deplwaye zèl ou pou w vole men se yo wi ki pral di paran w, ou gen lontan wap paweze anlè a ou pa vle  desann. Lè zèl ou kase, se yo kap vin tou swe tou bouke pou di yo te wè sa pou jan w tap bat kò w nan lèzè.

Ou tande mizik *Lè fanm damou w* lan deja? Chache l, tande l, analize l, chante l, voye l ba li epi mande l si l konprann. Nenpòt repons li ba w la, konnen gen bon gason kap chache bon fanm menm jan gen move fanm kap gate bon gason. Sa m renmen nan mizik la, se lè atis la di: *yon chans konsa, se sa yon blòdè ta vle genyen*. Kidonk, si w se yon bon fanm, ou ka chanje lavi yon bredjenn. Sa ka fè w sezi, men konnen se sèl Jezi ak fanm ki ka chanje lemond. Chak nan sans pa yo, antouka.

Domaj, anpil moun meprize Jezi e anpil fanm pa konn valè yo. Alò, menmsi w pa ka pran tout gason pou w chanje lemond, mennen bak ou byen pou si w ta vin madan yon prezidan pou w chanje yon peyi. Pa limite potansyalite w, rèv ou, vizyon w, konba w ak lafwa w.

Pitanm, renmen se yon konba. Franchman, si anpil fanm te goumen pou yo renmen mari yo, sosyete a tap gen mwens pwoblèm ak tout vye zak malonèt sa yo nap tande chak jou. Sou sa ankò, ma gentan ba w plis esplikasyon paske se pa tout bagay nou ka detaye nan lèt sa.

Pandan m ap ekri w la, gen madanm la kap dòmi bò kote mari yo. E se la plas anpil fanm ki vle patisipe nan chanjman lasosyete ye: bò kote gason li renmen an san kè sote ni lide moun kap vin bare yo jis yo di: banm pam, piyay, m ladann tou. Kot mariaw, pa gen bèl fanm, ni bèl vwa, ni konn pale fransè. Lajistis fèmen vagabon nan prizon pou dezòd, fanm fèmen gason nan kay pou damou. 21, 31. Ou pap konprann nèt men se la tout ti kapris, sere ti kò, demwazèl, timid ak tentennad fini.

Tibway kap gen pou dekouvri tout ti sekrè w yo dwe yon ewo, yon bon sòlda, yon gason ki konnen kola debouche pa tounen nan glasè. E si w ta gentan fin pase swaf bon jèn jan, pa kite l kontinye bwè jis li rebite w. Ti kras ki rete a ka pase swaf vwayajè nan mitan dezè. Gaz pou Lejip.

Fè m repons touswit e pa pè di m sa k fè w byen ak sa k fè w mal. Menmsi l ap blese m, pito w di l paske verite blese, senserite geri. Lè lapli fin mouye latè se solèy ki seche l.

San move entansyon!

Nan "Tikoze ak pitfim"

JDE

M ap tounen nan peyanm



Timesye, n a sonje m te di nou m ap fè zèl e m te kenbe pwomès mwen. Pa bliye m te di m te ka tounen tou depi bagay yo vin miyò. Anben, se te byen konte mal kalkile. Move lavi vire bagay yo. Malerèz la fèk tanmen nan depanse.

M te soti al bouske lavi. Men m te vann anpil lavi pou m te ka pran chemen lèzè. Aprè tout mizè m te fin pase, m reyalize viv isit se te yon rèv m te prete. Sa k te pran m Bondye mete m la?

Poutan, nou gen dimil rezon pou n la. Pito nou anba syèl la ap gade lavi nan miwa pase pou de je nou fèmen ap tande lavi kap jwaye kay jwajwa.

Gen nan nou ki la pou fanmi. Chay la lou: pri  lavi ap monte, pri sèkèy ap monte. Ou ta di viv ak mouri gen menm pri. Ret bèbè ak pale pou di verite bay menm doulè. Sila ki ka reziste marye ak madan reziyasyon, sila ki bouke vle dechouke. Manzè lalwa chita de men nan machwè ap gade. Poutan, m te toujou panse de je l bande. Isi, limyè fè nwa kou tounen Lila.

Pri malè nou ap monte, pri mizè nou ap monte. Ranpli tout fòmalite se kondisyon pou yo pa janm tcheke CV ou. Plis ou montre w kapab, se mwens ou valab. Douvan sosyete sa, yon imaj vo mil betiz, mil kritik, mil eskiz, mil mepri. Sa kap pase sou fes la kolonize aktyalite a plis pase sa ki ekri nan liv ak sou tablo.

Se tikal kalkil ki te fè m vire do bay lespwa ki tap drive kay kòmè pwomès anba gwo sole cho. M te chwazi vann san m pou m vin chache lavi anba fredi men sanble destine pat mete dlo pou mwen. M ap tounen mesye!

M ap tounen men tanpri pa fawouche m. M ap tounen men m anvi dòmi pou m tou pèdi nan yon rèv san fen. Elas, dèt mwen yo ak klas sa m pral refè a pa sispann twouble somèy mwen. Se pandan tout lannwit m ap tande vwa ensekirite, lavi chè, pwoblèm kouran, bri chomaj, ason divizyon ki anpeche m repoze lespri m.

Men m ap tounen. Nan premye oswa nan dizwityèm nan, m ap vole. Kay la te chaje marengwen se vre men kite plas pou mwen. San peche yo ta jwenn tchotcho a, m ta byen kontan regrèt m te kite tè lespwa pou al siye peron vwazinay.

JDE

mardi 2 octobre 2018

Kisa Liancourt Challenge ye ?



Liancourt Challenge se yon ide ki vini apati de yon refleksyon ke James Ophin, Ikapi Plis Bab ak Roro Rods Elias Dorceus etc.. tap fè nan semèn ki pase yo, kote ke yo vle sansibilize tout sitwayen Lyankou ki nan dyaspora a ak an Ayiti pou mete tèt yo ansanm pou fè sosyal ak devlopman durab nan Lyankou. Sitwayen sa yo estime ke akoz defayans Leta a li nesesè pou popilasyon an mete tèt yo ansanm pou chanje imaj zòn yo ak peyi a.

Anpil moun deja anbrase inisyativ la e yo deja ap travay sou anpil pwojè pou zòn nan, men annatandan yo deside dote Lyankou de yon sèvis Vwari (Voirie). Pwojè saa vini aprè konsta ke yo fè sou vil la pandan e aprè lapli fin tonbe kote zòn nan 1pratikab ak gwo dlo ki loje sou tout wout yo ki vin bay move 1presyon de zòn nan e ki mete tout sitwayen yo nan difikilte pou vakye ak okipasyon yo.


Yon sèvis Vwari mande yon gwo akonpayman lojistik se rezon sa ki fè ke mesye yo mande kolaborasyon tout moun nan fason kew kapab li mèt te yon pèl oubyen yon bourèt pou ede zòn nan soti nan difikilte sa a.

Liancourt Challenge konsènem e li dwe konsène tout moun. Annatandan suiv paj Facebook Liancourt Challenge lan poun konnen ki sa kap fèt epi kijan poun bay patisyon nou.

Emetil Blerkenson
26 septanm 2018

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...