dimanche 18 février 2018

Dwa w pa ba w tout dwa

Pa dakò ak yon moun, nan sa l di ak sa l panse pa vle di tout moun pa dakò avèk li. Okontrè, pafwa, nan rann piblik sa w panse mal pou yon moun ka vin rann li pi popilè paske w konn bliye menm pouvwa pawòl ou gen pou destabilize a, se li menm tou lòt moun lan genyen.

Nan koze sa, gen anpil moun, nou konnen deja, ki rive pran pouvwa gras ak diskredi sosyete a. Mwen pa vin apwouve men m vin eksplike.

Dwa w genyen pou w kont mwen pa ba w dwa pou w detwi m paske pèsonalite m ak lavi m se youn fason m panse e lòt kado Bondye. Si w pa renmen pèsonalite m, ou pa renmen fason m panse. E mwen pa oblije yon fason ki fè w plezi paske la ankò se dwa pa m pou m panse jan m panse.

Ou ka kont yon moun san w pa swete echèk li, ni tounen enmi l. Sinon, li ka gen rezon paske menm jan w kont li an, li ka kont rezon ki fè w kont li.

Dwa pou w pa dakò pa ba w dwa pou w detwi sa w pa dakò, paske nou tout gen dwa, nou tout dwe viv. E menm lanmò se yon dwa e yon devwa an menm tan. M dwe viv, l dwe aksepte mouri. Devwa m se viv pou m pa regrèt lanmò.

Konprann se yon devwa. Lè w fè kòmsi w pa konprann, ou vyole dwa konsyans ou ba w pou w rekonèt sa ki bon, sa ki dwat, sa ki reyèl, sa ki sanse. Goumen ak tèt ou pou w kont sa k dwat se goumen kont devwa w.

Nan sa ki gen awè ak filozofi, dwa se fondman règ yo, kòd yo ki regle rapò ant moun k ap viv nan sosyete a. Konsa, ou konprann dwa w lè w konnen e respekte règ sa yo. Sinon, ou vyole dwa tout moun. Se respè dwa w ki lye ak lalwa ki fè w lib. Libète se prèv ou respekte lalwa ki ba w dwa pou w respekte dwa lòt moun.

Ou gen dwa lè w libète w an danje. Lè moun vle vyole l, pyetine l, domine l. Men pandan w ap defann dwa w, fò w evite vyole dwa yon lòt. Se sa ki fè tout konba ki mete w nan pozisyon pou w vyole dwa yon lòt moun fini souvan nan lagè, diskòd ak zizani san finisman.

Nan lit w ap mennen pou w fè filozofi w pasyone e motive lòt moun ki gen dwa e ki ta kont dwa w, fòk ou aksepte pèdi. Pèdi paske dwa w gen limit, paske libète lòt moun nan anje, devwa lòt moun lan fèt nan fòse.

Gen kèk ti batay ou oblije pèdi pou w ka gen pi gwo viktwa yo. Gen kèk gwo batay ou oblije evite tou pou nenpòt ti batay pa fè w pèdi nèt.

Aprann sa jodi a:

✔ Lè w pèdi anpil, ou konn anpil mwayen pou w genyen

✔ Lè w genyen twòp, sa konn fè w pa bay gwo viktwa valè

M ap viv
M ap aprann
M ap konprann

JDE

Aucun commentaire:

Publier un commentaire

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...