dimanche 20 octobre 2019

RAPÒ GLOBAL SOU CHITA PALE POU KONPRANN DOSYE DISPANSÈ LYANKOU/HAS LA NAN LYANKOU



TO.- 1

Aprè popilasyon Lyankou a te fin jwenn enfòmasyon jou ki te 7 oktòb 2019 la, sou avi direksyon Lopital HAS pou modifye fonksyonman orè dispansè a de 5 a 2 jou (madi-jedi: 7è pou 5è), plizyè moun nan sosyete sivil Lyankou a, sitou animatè radyo, medsen, moun ki sou rezo sosyal yo, avoka, majorite benefisyè sèvis dispansè a, kèk manm nan dyaspora a, pou n site sa yo sèlman, te pwoteste kont desizyon sa yo jije ki pa bon.  De gran evenman ta pral pwodwi:

1. Chita pale ant responsab kominikasyon HAS la ak plizyè sitwayen nan Lyankou pou konnen rezon modifikasyon an.

2. Yon mach pasifik ki te rive fèt nan dat 17 oktòb 2019 sou lobedyans "Gwoup Jèn Revòlte" pou mande HAS antre desizyon an.

Malgre tout pwopozisyon ki te fèt nan chita pale sa a ak responsab HAS yo, pa t gen yon desizyon ki te soti anfavè de pati yo. Pami yo, nou ka site, daprè Ikapi, youn nan patisipan yo:

1. Ogmantasyon pri konsiltasyon yo de 75 a 100 goud.
2. Pèman 50% kòb sou medikaman yo
3. Mobilizasyon kominote a ak dyaspora a pou reponn ak egzijans HAS yo anatandan yon mwa
4. Demann bidjè dispansè a pou moun Lyankou ka konnen kòman y ap kontribye.

Byen konte mal kalkile, youn nan pwopozisyon sa yo pa t aksepte malgre rezon prensipal la se pwoblèm lajan.

Mouvman mach pasifik nan 17 oktòb la te vin ranfòse revandikasyon popilasyon an, men desizyon direksyon an yo toujou kenbe.

Nan menm jou mach la, kèk sitwayen, espesyalman doktè James Kerby, te tanmen yon demach pou chita pale nan lide pou konprann desizyon HAS la pi byen. Konsa, randevou a te kase nan lokal BIBLIYOTÈK KONBIT la, samdi 19 oktòb la, nan 4è aprè midi. Plis pase yon ventèn moun, teknisyen, pwofesyonèl, medsen, jounalis, paran, jèn, te vin chita pale e tande pou konprann.

Aprè plis pase dezèdtan toke pawòl sou istwa, estati, bidjè ak misyon HAS, patisipan yo te wè nesesite pou yo kontinye koze, yon mannyè pou jwenn bon jan solisyon rapid e dirab nan kriz la nan moman peyi lòk la.

N ap raple Lyankou gen plis pase 50 mil abitan, li te komin swit dekrè gouvènman Martely/Paul la te pran nan dat 22 jiyè 2015. Pou koulye a, nou ka konte 2 klinik medikal, plizyè famasi ak dispansè HAS la k ap sèvi popilasyon sa a (san bliye yon twazyèm ki fèmen). Nan absans sèvis Leta ayisyen nan zòn nan zafè lasante, HAS (ki gen 63 lane sou tèt li) se yon patrimwàn pou Lyankou, antanke youn nan zòn l ap desèvi yo. Ki fè, si direksyon an deside redwi sèvis li nan zòn nan britsoukou e san kominikasyon, sa reprezante yon veritab danje pou abitan yo nan domèn sante.

Se kèk nan refleksyon ki te pouse sitwayen yo,  ki pataje fristasyon sila ki deside revandike fason pa yo, itilize metòd dyalòg pou abòde pwoblèm nan pou rezon sa yo:

1. HAS se yon lopital kominotè, kidonk, li dwe bay enfòmasyon sou desizyon l ap pran

2. Menm lè se yon byen, li dwe fèt byen paske Lyankou gen moun k ap reflechi.

3. Si se pou pwoblèm lajan dispansè a dwe fèmen pasyèlman, popilasyon an bezwen konnen kòman li ka ede HAS paske li gen  "bezwen", HAS gen "sèvis".

4. Pa gen konfli ant de popilasyon sa yo (Dechapèl ak Lyankou) pou yo oblije koupe yon relasyon ki egziste depi 63 lane konsa.

5. Lyankou, tankou tout lòt zòn HAS ap desèvi yo, pa swete lopital la fèmen.

6. Rezon pa w la k ap debat nan pwochen rankont k ap fèt jedi 31 oktòb nan lokal RESTO CLUB la, apati 4è nan aprè midi.

Viv ansanm mande dyalòg, se meyè metòd pou chak pati mezire dega move desisyon ka bay e konnen avantaj bon jan rezolisyon ka bay. Vyolans, mechanste, koripsyon ak rimè p ap mennen nou nan wout chanjman, se kominikasyon ak refleksyon sou byenèt kolektif la ki bon.

Pandan n ap tann tout notab, jèn, antreprenè, pwofesyonèl tout plimay, jounalis, elatriye jedi 31 oktòb la pou kontinye "chita pale pou konprann" desizyon HAS la, popilasyon an ap mande pou HAS kontinye konsidere orè abityèl dispansè a tankou yon siyal k ap fè moun Lyankou asire yo konprann demach yo pou rive jwenn yon antant kote tou de pati yo ap soti satisfè.

La Boussole
Facebook: La Boussole Haïti

https://m.facebook.com/story.php?story_fbid=985575421789085&id=100010099089675

Comment arrêter le virus?

A lire très interressant: ON ARRETE PAS LE VIRUS AVEC LA PANIQUE, MAIS AVEC L'INTELLIGENCE ! Je viens de faire la traduction du te...